An 1996 Boulos touyé 200 timoun ak siwo anpwazone famasi li tap vann. Pierre Espérance ranjé ak jij koupyon Jean Wilner Morin pou kondane li 6 Mars 2018 a 6 mwa prizon sèlman kel pa fè vré. Aprésa Pierre Espérance vòlè 650 mil euros swadizan dedomajman konpayi asirans olandè péyé pou viktim yo. Depi lè sa fanmi 200 timoun Boulos touyé ap rélé anmweyyyy, pèson pa édé yo. Lajistis ak dwazimen ki plen jij ak militan koupyon réfizé tandé yo. Otorité jidisyè ak dwazimen ki touche kòb oligak ap esayé kase fèy kouvri sa. Men fanmi timoun yo kenbe fèm yap goumen pou jwen jistis pou memwa pitit yo Espérance, jij Morin ak Boulos vlé sakrifye. Mèt Miguel, mèt Sheila ap édé fanmi sa yo nan goumen sa pou jistis kapab triyonfe.


7 Jiyè 2021 oligak Dimitri Vorbe, Reginald Boulos, Jean Mary Vorbe, Gilbert Bigio, Samir Handal, George Handal, Pasha Vorbe ak restavèk politik Jerry Tardieu, Stevens Benoit, André Michel, Antonio Chèramy alias Kato, Pierre Espérance, Jean Wilner Morin, Ivickel Dabrésil, Wendelle Coq, Jean Roger Noëlcius, Mario Beauvoir, John Joel Joseph, Rodolphe Jaar, Michel Martelly, Ariel Henry, Jocelerme Privert, Jean Bertrand Aristide elatrye mete ansanm pou touyé Prézidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Plizyè manda te gentan fèt pou oligak kriminèl yo dépi 9 Jiyè 2021 pou enplikasyon yo nan krim nan. Pou pwoteje kriminèl jij de lekip Bernard St Vil dwayen tribinal premyè enstans seré manda sa yo nan tiwa li.

Pi devan jij koupyon Walther Wesser Voltaire trafiké ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse. Jij koupyon sa bay André Michel, Paul Denis ak Samuel Madistin ékri rapò ankèt sou asasina prezidan an ansanm ak òdonans lan ke li siyen. Yon lòt bagay grav e kriminèl jij Voltaire fè, li remèt kopi temwayaj Martine Moïse te fè nan kabinè enstriksyon devan jij Gary Aurelien bay asasen ki patisipe nan touyé prezidan an e tiré premyè dam nan 7 Jiyè 2021. Se sak fè dépi lè sa kriminèl yo ap chaché touyé Premyè Dam Martine Moïse.
Dosye asasina prezidan an e tantativ asasina sou premyè dam nan ateri nan kou dapèl an 2025. Depi prezidan kou dapèl la remèt dosyé sa bay 3 jij lavalas Emmanuel LaCroix, Frémont Damési ak Denis Cyprien, yap jwé yon jwèt ki sanblé ak yon jwèt jij koken. Pèp la wè klè nan deklarasyon yo fè nan tribinal la Emmanuel LaCroix ak Denis Cyprien maladwatman te fè plizyè tantativ pou oryante dosyé a. Manda ilegal jij koupyon Jean Roger Noëlcius te siyen ke kriminèl yo itilize pou touyé prezidan an reparèt sou yo gate montaj yo te vlé fè. Jij sa yo réfizé poze kesyon epi chaché kiyès ki finanse krim nan. Yo réfizé tou fè konfwontasyon ak Pierre Espérance ke temwen yo mandé. Yo réfizé mandé poukisa Ariel Henry te fè jij koupyon Voltaire fè depozisyon temwen yo nan rezidans ofisyèl premye minis lan poul te ka tandé temwayaj Yo? Nan kou dapèl yo te pòtré jij kap chaché yon jan pou kaché peché kriminèl.
Finalman bagay la te tèlman lèd nan montaj yo tap esayé fè ki pat ka maché, 3 jij kou dapèl sa yo te sètoblije kase e anile òdonans ak rapò jij koupyon Walther Wesser Voltaire. Aprésa kou dapèl pòtoprens te bay jij Denis Cyprien ki te pami 3 jij yo manda pou al fè yon lòt ankèt.

Depi 13 Oktòb 2025 jij Denis Cyprien nan menm viré won yo. Se tankou yon jij kap esayé jwé yon teyat koken menm tout moun wè enkoyerans jij la nan montaj oligak yo bal fè atravè Samuel Madistin e Guerby Blaise. Jij la pòtré yon moun kap esayé kreye konfizyon ant viktim e bouwo pou li ka bay kou nan dosyé asasina prezidan an.
Gen 3 bagay ki mete Jij Denis Cyprien toutouni. Dosyé kanè sekrè Prezidan Jovenel Moïse koté l te konn ékri tout sakapase ki te disparèt lakay li nan lannwuit kriminèl yo touyél ke peyi a vinn dekouvri 15 Mai 2026 ki nan men Pierre Espérance. Sanblé kanè prezidan an nan men Pierre Espérance dépi 61 mwa. Lè yo poze Pierre kesyon sou sa, nan répons li, li bay manti plizyè fwa. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://sefirot24.com/2026/06/09/poukisa-samuel-madistin-avoka-reginald-boulos-ki-enplike-nan-krim-nan-kontinye-ap-bay-manti-sou-kane-prezidan-jovenel-moise-kisa-lap-kache/
Dezyèman bagay ki antere jij Cyprien se odisyon Jean Monard Météllus ki te enkilpe 1 Jen 2026 ki te akonpaye de 2 laron André Michel ak Simon Desras ki fon nan operasyon Bolivi ki touyé Prezidan Jovenel Moïse. Gadé la 👇🏿:
https://sefirot24.com/2026/08/10/asasina-prezidan-jovenel-moise-maskarad-jidisye-andre-michel-simon-desras-jean-monard-metellus-ak-sistem-nan-fe-jij-pierre-denis-cyprien-soti-led-jodia/
Oligak yo ki paniké voyé 2 avoka sa yo Madistin ak Desras al tandé kisa Jean Monard Météllus ap di nan kabinè enstriksyon 10 out 2026. Lè yo poze zak grav sa te gen konfli enterè, enkonpatibilite fonksyon, atak a prensip netralité temwen, violasyon sekrè pwofesyonèl, tantativ pou ranjé temwayaj Jean Monard pa rapò a temwayaj André Michel te fè 14 Mai e posibilite temwayaj Simon Desras.
Pa bliyé jij la te deja tandé e kesyone André Michel Michel nan dosyé asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse 14 Mai 2026.
Twazyèm bagay la jij Cyprien réfizé kategorikman se chache e poze kesyon sou kiyès ki finanse krim sa. Pou plis detay sou kiyès ki finanse asasina Prezidan Jovenel Moïse tape la 👇🏿:
https://youtu.be/hYrYlQWvqWk?is=CkZ7x5VxeMuYQjze
Nan je pèp la ak opinyon piblik la jij Pierre Denis Cyprien ap jwé jwèt koken e ap fè manipilasyon politik nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse.
Gen yon Mafia advantis nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè, nan kou kasasyon, nan kou dapèl pòtoprens kap antere lajistis péyi dayiti. Se Ariel Henry yon advantis parèy yo ki enstale mafya advantis sa nan sistèm jidisyè péyi dayiti. Kòman yon jij ki se yon pastè advantis ki travay sou kesyon etik ka gen yon konpòtman konsa? Anjeneral fidèl ki sòti nan legliz advantis toujou gen konpòtman moun de byen. Kisa kap pasé la? Eske se koripsyon Ariel Henry nan lajistis ki rivé la? Pou plis detay sou mafya sa tape la 👇🏿:
https://rezonodwes.com/2022/11/ariel-henry-installe-son-president-de-la-cour-de-cassation-pour-garantir-limpunite-a-ses-copains-coquins/
Sistèm politik e jidisyè kowonpi e kriminèl sa ke oligak asasen yo enstale nan tèt peyi dayiti reprezanté yon menas egzistansyèl ki ka disparèt ak tout ayisien di anyen pa fèt. Lagè avèti pa touyé kokobe
Middle Asia News – Sputnik Russia News: At the NATO meeting in Turkey, the arms and ammunition aid to Ukraine is threatening Russia. Ukraine’s missile attacks today, 900 km inside Russian territory, and the destruction of strategic facilities have been the last straw. Following this, the Russian war cabinet held an emergency meeting. In separate statements to the Russian press, the Russian Foreign Minister Lavrov and the Defense Minister requested that Türkiye’s attention be drawn to this issue. In the Ukraine-Russia war, Turkey and America are supplying Russia with fire and causing the death of the Russian people. Immediately cease supplying military ammunition and weapons to Ukraine. The price of this game will be very heavy. Stop this immediately.
J’aimeAimé par 1 personne