Pa Anbasadè Stanley Lucas
Kanè kote Prézidan Jovenel Moïse te konn ékri tout sakapase andedan léta a disparèt 7 Jiyè 2021 apré solda mèsenè asasen kolonbi touyél e tiré Premyè Dam Martine Moïse. Anpil ayisien kwè ke se solda asasen ki vòlè kanè ak telefòn Prezidan Jovenel paske nan kopi pwosè vèbal konsta ki di sa yo jwen kay prezidan an yo pa jwen yo. Jou ki 9 Mai 2026 peyi dayiti aprann nan bouch Roudy Sanon se Pierre Espérance ki gen kanè ki te disparèt kay prezidan an lè yo touyél 7 Jiyè 2021. Pou tandé Roudy Sanon kap di sa tape la 👇🏿:
https://youtu.be/vS9XTnUuHg8?si=0Lk6o0HOtuMdCX3z
Lè enfòmasyon grav sa sòti nan lari, Pierre Espérance kouri di se sou rézo sosyo yo li jwen kanè a an 2022. Tout moun kenbel nan manti sa paské kanè Prezidan Jovenel Moïse pat janm parèt okenn kote sou rézo sosyo. Pou tandé manti Pierre Espérance bay 11 Mai 2026 tape la 👇🏿:
https://youtu.be/dDs0oGydnq4?si=skjsk9_8X0CKcIAA
Lè manti sa pa maché Pierre Espérance voyé Roudy Sanon bay yon lòt manti lè 15 Mai kòmkwa se yon jij enstriksyon ki bay Espérance kanè prezidan an. Pèsonn pa kwè nan manti sa paské kanè a pat nan pwosè vèbal konsta ki fèt kay prezidan an 7 Jiyè 2021. Pou tandé Roudy Sanon asosyé Esperance kap bay manti pou li tape la 👇🏿:
https://youtu.be/x7tll57RmAo?si=z_KSey8yNjt0FOri
Lè manti sa yo pa maché, nan mwa jen 2026 Reginald Boulos ak Pierre Espérance voyé alyé yo Samuel Madistin nan radyo al ataké enpòtans kanè Prezidan Jovenel Moïse nan kad ankèt sou asasina Jij enstriksyon Denis Cyprien ap fè. Samuel Madistin se avoka Reginald Boulos ki gen manda lajistis dèyèl dépi 9 Jiyè 2021 pou enplikasyon li nan touyé Prezidan Jovenel Moïse. Madistin kap pwoteje Boulos ak Espérance fè plizyè entèvansyon nan radyo kote li deplwaye anpil jefò pou diminye enpòtans kanè Prezidan Jovenel Moïse. Pou plis detay tape la: https://youtu.be/U3Arc0taTKA?si=KoTFt5TsTAqjuyqB
Poutan Felix Badio Joseph te palé nan kou dapèl pòtoprens an Avril-Mai 2025 koté nan temwayaj li bay, li di prezidan an te ekri enfòmasyon sou konplo pou touyél ke senatè Anacasis te bali. Sa vle di kanè Prezidan Jovenel la gen enfòmasyon sou kiyès ki patisipe nan touyel. Pou tandé detay Badio te bay nan tribinal la, tape la:: https://youtu.be/xRpVZmygA8Q?si=qtcI4Fk1wisrts-x
Poukisa Madistin fè plizyè tantativ pou diminye enpòtans kanè kote Prézidan Jovenel Moïse te konn ékri tout bagay? Kisa ki nan kanè a ke Madistin ak Boulos pè? Aloske Auguste Demeza te di nan mikro radyo Scoop Prezidan Jovenel Moïse ékri tout bagay nan kanè a. Pou tandé detay sa tape la:
https://youtu.be/iHuHaOE_ASk?si=gi7jMSkyV7NpJE7O
Ki kalte kase fèy kouvri sa Madistin ap esayé fè la? Pa bliyé Madistin te avoka RNDDH, li se avoka Réginald Boulos ki enplike fon nan krim nan, Madistin te kandida pou prezidan SDP-MOPÒD ki te dèyè violans péyi lòk, destabilizasyon gouvènman Prezidan Jovenel jiskaske SDP rivé touyél. Madistin nan dwazimen kap manipile e kowonp CSPJ ki se konsèy siperyè pouvwa jidisyè. Konplo ak operasyon Bolivi ki touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse la pirèd.