Premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé ak minis jistis Fantòm 509 la Patrick Pelissier fèk nonmen 120 Jij nan sistèm jidisyè a. Plis pasé 30% ladan yo kowonpi. Yo pral pran kèk ladan yo pou kreye pòl jidisyè pou jije gang, vòlè ki nan krim finansye elatrye. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/UhvIqBgxYkI?si=7nl0zj0mRPTiBhOe

Pou ou ka konprann nivo koripsyon jij Fils-Aimé ak Pelissier mété nan sistèm nan gadé egzanp sa:

Nan eleksyon 2016 yo Pierre Espérance ak Sonel Jean Francois fè yon travay sal pou prezidan pwovizwa Jocelerme Privert ak chèf kabinè li Anthony Barbier pou te mete Jovenel Moïse kandida pou prezidan deyò nan eleksyon yo.

Espérance sèvi ak direktè UCREF la alepòk Sonèl Jean Francois pou fabrike yon fo rapò koté yo fè 5 milyon goud Jovenel Moïse te gen sou kont labank li bank nasyonal kredi (BNC) tounen 5 milyon dola ameriken pou yo te ka akize li de blanchiman pou métél deyò nan eleksyon yo kòm kandida. Espérance dépi 2016 ak Privert ki restavèk oligak gwoup blakawout yo, lè Vorbe bezwen detwui Jovenel Moïse.

Jodia, Mai ,2026, se menm kowonpi atoufè Sonèl Jean Francois ki te ede Espérance fè koripsyon sa, Patrick Pelissier, nonmen kòm jij nan kou dapèl pòtoprens e sakpirèd yo vlé métél nan pòl jidisyè finansye pou al fabrike dosyé jidisyè pou yo. Se Espérance ki rekòmande Sonèl kòm jij kou dapèl pòtoprens poul ka fè pati de jij kapral trete dosyé pòl finansye pou li. Yo rélé sa enstrimantalizasyon lajistis. Se konsa tou Esperance enstrimantalize direksyon polis jidisyè (DCPJ) pou fabrike dosyé.

Sonèl Jean Francois fè pati de 120 Jij ministè lajistis fèk nonmen e 30% ladan yo kowonpi.

Lè ou gadé reyalite koripsyon brital sa ou dekouvri poukisa Anbasadè kanada ap fè frekan ak otorite yo nan dosyé koripsyon. Sou 166 ka inite lit kap goumen kont koripsyon (ULCC) voyé devan lajistis se 4 sèlman yo trete. Lajistis kase fèy kouvri sa pou 162 dosyé koripsyon epi yo blanchi majorité volè ki nan 4 dosye lòt dosyé koripsyon yo trete.

Tande sa kandida Jovenel Moïse te bayo kòm répons apré fo dosyé Sonèt Jean Francois ak Espérance te fè sou li. Pou tandé tape la 👇🏿:
https://youtu.be/PnsXTVhK7_U?si=8rmQYNkGMEo3W29F

Jodia lajistis péyi dayiti nan men kriminèl ki touye Prezidan Jovenel Moïse, ki nan gang e nan koripsyon.

Eske Jij Jean Joseph Lebrun prezidan pouvwa jidisyè a ap pran konsyans tankou jij Giovanni Falcone te fè sa nan peyi Italie e kanpé anfas la mafya oubyen eske lap ede koripsyon an vale teren?

Eske jij Jean Joseph Lebrun ap mete sou koté kowonpi Sonèt Jean Francois e louvri yon ankèt sou montaj dosyé UCREF la anvan yo revokel?

Nan kad dosyé asasina Prezidan Jovenel Moïse e ti kanè prezidan an, eske jij Jean Joseph Lebrun ap pran desizyon nesesè pa rapò a lèt Pierre Espérance ki manké lajistis péyi dayiti ak entelijans pèp la dega?