Kanè sekrè yon prezidan se yon dosyé sekirite nasyonal ki klase top sekrè. Se pa nenpòt ki moun andedan leta a ki kapab gen aksè a kanè sekrè sa. Alewè si ou pa nan leta. Kanè sekrè sa te kay Prezidan Jovenel Moïse lè yo touyél 7 Jiyè 2021. Kijan fè kanè sekrè sa nan men Pierre Espérance? Kanè sekrè sa se tou yon pyès a konviksyon enpòtan ki ka édé jwen kriminèl ki touye Prezidan Jovenel Moïse sitou lè gen moun ki enfome peyi a jan Prezidan Jovenel Moïse te konn ékri nan ti kanè sa. Se deja yon krim a 2 nivo lefè kanè sa nan men Pierre Espérance. Pou plis détay sou relasyon prezidan an ak ti kanè a tape la 👇🏿:
https://youtu.be/iHuHaOE_ASk?si=UDXFrWR_9jVHoZol

Kanè sekrè kote Prezidan Jovenel Moïse te konn ékri tout sakapase nan gwo dosye léta nan men Pierre Espérance. Se bra dwat li Roudy Sanon ki konfime sa le 9 Mai 2026. Pou verifye tape la 👇🏿:
https://youtu.be/vS9XTnUuHg8?si=wZubBWurRchO9b8w

Le 11 Mai nan yon konferans pou laprès, Pierre Espérance démanti Roudy Sanon. Li di se sou rézo sosyo yo li jwen kopi kanè sekrè Prezidan Jovenel an 2022. Pou tandé sal di jou sa tape la 👇🏿:
https://youtu.be/dDs0oGydnq4?si=Dk7ZLwNJQsTliZYn

Tout peyi a démanti Pierre Espérance. Anpil moun temwaye kanè sekrè Prezidan Jovenel Moïse pat janm sou rézo sosyo. Fas a démanti sa yo, Espérance pral fè konnen 12, 13 Mai gen 2 lòt moun ki te jwen kopi kanè sa tou. Toulède moun sa yo démanti Espérance. Yo di yo pat janm gen kopi kanè sa.

Fas a démanti sa yo, le 15 Mai Roudy Sanon fwa sa bay yon lòt manti, li di se jij enstriksyon an ki bay Espérance kopi kanè a. Si sa ta verite sa ta yon bagay trè grav ki vyolé lalwa paské enstriksyon sipoze sekrè. Sa ta konfime tou se Esperance ak alyé politik li yo kap manipile dosyé ankèt asasina prezidan an nan kabinè enstriksyon e nan kou dapèl pòtoprens. Tout moun pral dekouvri kozé jij enstriksyon bal kopi kanè a se yon lòt manti paske kanè a pat nan pwosè vèbal konsta jij de pè ak grefyé akonpaye de polis jidisyè te fè kay prezidan an 7 Jiyè 2021 jou kriminèl yo touyél. Ki kote Pierre Espérance jwen kanè sa?

Tout sa li di la yo jodia an kontradiksyon ak sal te di an Jiyè 2021. Lè wap bay manti se konsa, tande la 👇🏿:
https://youtu.be/QylLzgFe18s?si=_5Q44ZFAW1BHTWdd

Pou wè klè le 19 Mai Jij enstriksyon kou dapèl pòtoprens Denis Cyprien bay DCPJ yon komisyon rogatwa pou alé kay Pierre Espérance e nan biwo RNDDH pou al chaché ti kanè prezidan an. Jis jodia 28 Mai direksyon lapolis jidisyè pa janm aji. Pou ki rézon DCPJ pa swuiv lòd Jij Cyprien? Poukisa pèkizisyon poko fèt toujou kay Esperance e nan RNDDH? Pèp la ap mande poukisa Pierre Espérance poko anbakòd?

3 otorite lajistis bloke DCPJ: Minis jistis la Patrick Pelissier, chèf kabinè minis jistis la ki se yon sitwayen franse ki rélé Ludwig Leblanc ak papa li Camille Leblanc. Moun ki pi cho devan band nan ki bloke DCPJ se sitwayen franse sa Ludwig Leblanc ki chèf kabinè Pelissier.

Apré etranje patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021 kòman fè yon sitwayen franse tankou Ludwig Leblanc ki afilye a bawo avoka nan peyi lafrans fè chèf kabinè minis jistis péyi dayiti? Sa se yon manké dega a tout moun kap pratike dwa an Ayiti e yon menas sekirite nasyonal pou tout ayisien.

Apré eksperyans peyi a fè avèk Reginald Boulos ki vòlè kòb léta, mété gang e patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse e nan tantativ pou touye Premyè Dam Martine epi lè yo arété l etazini li di li pa ayisien se ameriken li ye, eske pèp la ap kontinye tolere dezòd sa yo andedan leta a? Luidwig Leblanc se yon sitwayen franse li ye li pa kapab chèf kabinè minis jistis peyi dayiti.

Pandan yap fè blokaj enstitisyonèl sa, oligak Reginald Boulos ki enplike nan touye Prezidan Jovenel e ki gen manda lajistis dèyèl pou krim sa dépi 9 Jiyè, voyé avokal Samuel Madistin al fè divèsyon pou proteje Pierre Espérance ki se asosyé oligak la. Agiman legal Madistin sou radyo a pa kenbe. Li menm bay manti. Madistin fè anpil moun sézi pou jan li defann Espérance epi degrade lajistis nan fè revelasyon sou enstriksyon an ki ta sipoze sekrè. Mezanmiytande avoka oligak Réginald Boulos ki se Samuel Madistin kap défann Pierre Espérance. Li di kanè sekrè Prezidan Jovenel Moïse pa gen okenn itilité pou pwosè a, pou tandé tape la 👇🏿:
https://youtu.be/1BfXyWREjwc?si=uN9lqURp3VHSdq5W

Pa bliyé se Pierre Espérance ki te fè manipilasyon nan lajistis pou Boulos nan siwo anpwazone yo te fè ki touyé 200 timoun an Ayiti. Se ankò Pierre Espérance ke Boulos fè konpayi asirans peyi Hollande remèt 600 mil euros pou dedomaje fanmi 200 timoun siwo anpwazone Boulos touye. Espérance bayo 2 mil 400 dola epi kenbe rès kòb la. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtube.com/shorts/yfzofCtO2g8?si=mcK1TIapLM78_3Z_

Entèvansyon Madistin nan radyo eclair te sipoze kaponnen jij ak sistèm jidisyè a, li echwé. Pèp la ki te réaji sou telefon kritike Madistin anpil e te trè estomake. Pou plis detay sou deba sa tape la 👇🏿:
https://youtu.be/tpOwYQHy8wY?si=gVh6x3LORYWROmiT

Nan ankèt popilè ke lap mennen dépi 58 mwa pou idantifye kriminèl ki touye prezidan an, Stanley Lucas jwen Pierre Espérance enplike fon nan asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse.

Espérance dèyè manda ilegal jij kowonpi Jean Roger Noëlcius. Li manipile dosyé la saline nan ak jij Jean Wilner Morin. Li te nan planifikasyon tantativ pou touye prezidan an nan Tibwa lè 7 Fevrier. Li te nan rankont avèk CTU ki tap planifye touyé Prezidan Jovenel.

Lè jounalis Wendelle Theodore poze Espérance kesyon an 2024 sou manda ilegal jij Jean Roger Noëlcius solda mèsenè asasen kolonbi itilize pou touyé prezidan an le 7 Jiyè, Espérance réponn ke se sèlman an 2022 li pran konesans de manda ilegal la. Espérance bay Wendelle manti. Depi 20 out 2021 nan paragraf 52 rapò RNDDH manda ilegal la te la. Poukisa Espérance bay Wendelle manti? Tandé la 👇🏿:
https://youtu.be/Zosn8F0vfJ4?si=_D_vTXS98t9zLm2R

Finalman se André Michel ekri rapò ankèt sou asasina prezidan an pou Jij Walther Wesser Voltaire. Li te esayé fè manda ilégal la disparèt. Malgré tout jefò rézo kriminèl yo fè, malgré tout manti yo bay manda ilegal la pral reparèt nan kou dapèl. Depi lè sa Esperance ak alyé li yo rantré nan manipilasyon pou antere dosye a.

Yon lòt bò Esperance ak alyé li te fè tout sa yo kapab pou diskredite pwosè nan tribinal federal Miami ki poté anpil limyè sou asasina Prezidan Jovenel Moïse. Pou tandé jan yo tap esayé diskredite pwosè nan tribinal federal Miami tape la 👇🏿:
https://youtu.be/P0xcI0fJbUk?si=PXQPUN3a2WJzoiUJ

Avèk blokaj komisyon rogatwa jij la kifèt nan ministè lajistis kisa Jean Joseph Lebrun pral fè fas a lèt Esperance voyé bali 22 Mai pou mete tèt li sou tèt tout lwa ak enstitisyon nan peyi a?

Eske Jean Joseph Lebrun pral kase fèy kouvri sa pou Pierre Espérance menmjan Boisguené te kase fèy kouvri sa pou Esperance apré skandal 1 milyon goud BMPAD la?

Pèp la ap véyé yo tout. Pèsonn pa kapab bliyé deskripsyon Espérance te fè de jan Prezidan Jovenel Moïse te asasinen. Wa di li te la lè krim nan tap fèt. Li bay détay ke menm nan tribinal federal Miami obsevatè yo pa jwen. Pou tandé tape la 👇🏿:
https://youtu.be/IKL_TwldtBE?si=itEl-YQatdGu5LpO

Sa ou fè, se li ou wè! Kreyon Bondye pa gen gòm.