Operasyon Bolivi ki touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021 ap rapouswuiv.

Kòm pèp la bouke ak Alix Didier Fils-Aimé ki pa réglé anyen serye an 18 mwa, kòm lari a kòmanse cho fas a katastròf violans gang e koripsyon Fils-Aimé, menn rézo oligak ak politisyen kriminèl ki touyé Prezidan Jovenel Moïse e fè tantativ touyé Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021 bezwen yon fè yon lòt tranzisyon. Pa bliyé se rézo kriminèl sa ki te mete Ariel Henry, se yo ki kreye akò Montana, se yo ki mete konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT), se yo yo tou ki mete Fils-Aimé. Se ankò rézo sa ki rantré nan akò pak apré 5 tantativ koudeta kasasyon echwé 7 Fevrier 2026.

Pèp la kòmanse vlé revolté kont rézo kriminèl sa. Obsevatè konstate komansman mouvman revòlt sa yo nan okap, senmak e pòtoprens. Pèp la bezwen voyé premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé alé men yo pa vle menm malandren yo ki dépi 58 mwa nan violans gang, nan koripsyon piye léta e nan touyé prézidan ramplase Fils-Aimé. Tout plim sou do pèp peyi dayiti kanpé lè yo tande abolocho kap palé de nouvo tranzisyon koudeta lavalas Jean Bertrand Aristide, Leslie Voltaire, Pasha Vorbe, Simon Desras, koudeta Verite-Inite Joanas Gué, Moïse Jean Charles, Emmanuel Vertilaire, PHTK elatrye ap pare.

Pèp la vle depa Fils-Aimé e ranplasman li pa yon premye minis ki ka fè travay ka e delivre sekirite tout péyi dayiti ap chaché. Pèp la ap chaché yon premye minis ak dè minis ki pa nan gang, ki pa nan touyé prezidan, ki pa restavèk oligak, ki pa pè blan e ki gen kouraj ak konpetans pou fè travay la. Men atansyon!

Pèp la pa vlé okenn rat do kale ki se lavalas e neo lavalas kap pare koudeta. Pèp la pa vlé okenn ansyen manb kowonpi KPT ak moun ki te delege yo kap rale fisèl pa dèyè. Pèp la pa vlé oken tranzisyon ki sòti nan men Moïse Jean Charles, Jean Bertrand Aristide, Leslie Voltaire, Emmanuel Vertilaire, Simon Desras, Joanas Gué, jij kasasyon elatrye. Pèp la rejete konsansis politik vòlè ak kriminèl kap kore gang ki gen yon grenn objektif, piye léta. Pèp la kanpé lwen federasyon abolocho pòtoprens ki nan gang e kap piye léta. Pèp la pa nan consensus politik abolocho pòtoprens ki restavèk oligak e ki kraze leta dayiti.

Pèp la sonjé ke nan egzekisyon operasyon Bolivi pou touyé Prézidan Jovenel Moïse te gen 3 kandida premye minis pou ramplase prezidan an Joanas Gué, Simon Desras ak Ariel Henry. Pèp la enkyète anpil lè li tandé nom Joanas Gué ak Simon Desras ap site pou yon nouvo tantativ koudeta. Eske operasyon Bolivi ki touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine ap kontinye toujou? Pèp la estomake kont rézo malandren sa yo. Depi 58 mwa se tout gang a kravat sa yo kap dirije léta.

Pèp la vlé yon nouvo premye minis ak minis ki pa nan gang, ki pa nan touye prezidan, ki pa restavèk oligak, ki pa pè blan, ki gen kouraj ak kapasite pou krazé 4 etaj ensekirite a. Se sak priorite li. Pèp la vlé moun ke li fè konfyans pou ramplase Alix Didier Fils-Aimé.