Pa Anbasadè Stanley Lucas
Nènel Cassy yon ansyen palmantè ki gen avi rechèch lapolis dayiti kòm delenkan ki nan touyé moun, ki nan gang, ki nan volè kòb léta, ki patisipe nan destabilize e krazé Ayiti jiskaske yo asasinen Prezidan Jovenel Moïse ekri Liv e li pibliyé. Liv la rélé 17 jou nan twou in kote lyon an rete. Anpil moun pansé ke liv Nènèl la te dwe rélé Wout siksè mwen: 30 lane krim ak koripsyon.
Moun ki li liv delenkan, kriminèl ki rélé Nènèl Cassy kwè ke live la manké omwen 8 chapit:
1- Nènèl Cassy dwe ékri yon chapit sou simityè Chalon nan zònn miragwanm kote genyen anpil inosan li touyé ak gang BLTS antere.
2- Nènèl Cassy dwe ékri yon chapit sou asasina konsil Jacques Pierre Matilus ke li touyé nam Delmas 40B jou ki 3 Fevrier 2021.
3- Nènèl dwe ékri yom chapit sou jan li badiijonnen sena peyi dayiti ak matyè fekal aprésa fè gang anvayil pou finalman krazel ak sipò Antonio Chèramy alias Kato, Evalière Beauplan ak Ricard Pierre.
4- Nènèl dwe ékri chapit sou jan li monte òganizasyon teworis Fantòm 509 ak kèk chèf sekirite palmantè, Frantz Elbe, André Michel, plizyè lòt manb SDP e chèf gang Vitelhomme Innocent.
5- Nènèl Cassy dwe ékri yon chapit sou wòl SDP nan touyé Prezidan Jovenel Moïse ansanm ak asasina Monferrier Dorval, Diego, Nettie ak Ti blan Tatoute. John Joel Joseph deja fè radiografi a pou FBI.
6- Nènèl Cassy dwe ékri yon chapit sou jan li vòlè kòb petrokaribe sou Privert ak André Michel e Patrick Norame li te mete direktè BMPAD.
7- Nènèl Cassy dwe ékri yon chapit pou montré jan li chèf pase lapolis. Li fè komisè gouvènman retire yon avi de rechèch lapolis te mété dèyèl pou gang e asasina.
8- Nènèl Cassy dwe ékri yon chapit sou jan Komisè gouvènman Ernest Muscadin mete li anbakòd e prizon nan vil miragwann kòm teworis ki te vlé fè tantativ pou lagé gangstè lapolis ak lajistis te maré.
Jodia nan mwa jen 2026 peyi dayiti tèt anba kriminèl, vòlè, gangstè ki ta dwé nan prizon oubyen nan kaché pou tout krim yo fè ap maché sou moun toujou. Sakpirèd yap ékri liv, yo rektè inivèsite tankou Aristide, Nènèl, Youri, André Michel, Beauplan, Kato, Espérance, Chevry elatrye. Ou jwen yo tou kap palé nan mikro jounalis abolocho kap chaché manje. Peyi dayiti bezwen yon levekanpe pou krazé sistèm sa ki chita sou koripsyon ak krim.