Pa Anbasadè Stanley Lucas
Nan yon nòt ki sòti 5 Mai 2026 ke Jean Fallières Bazelais direktè jeneral ministè lajistis siyen gen nom 120 Jij ki dwé prete sèman 14 Mai 2026. Lè ou gadé Jij #84 Sonèt Jean Francois sou list la kòm jij kou dapèl pòtoprens, pèp la mandé eske ministè lajistis fè vetting jij sa yo oubyen eske se yon operasyon koripsyon kap kontinye nan lajistis péyi dayiti? Gadé sa 👇🏿:


Sonèt Jean Francois se yon jij koupyon e kowonpi ke Pierre Esperance itilize pou manipile sistèm finansye e jidisyè péyi dayiti pou fabrike dosye pou li.
Lè Jovenel Moïse te kandida pou prezidan Pierre Espérance sèvi ak Sonèt Jean Francois ki te direktè UCREF pou fabrike yon fo dosyé finansye sou do sitwayen kandida sa. Objektif montaj sa se te pou Pierre Espérance mété Jovenel deyò kòm kandida pou prezidan nan eleksyon péyi dayiti.
Kisa yo fè?
Jovenel Moïse ak madanm li te gen 5 milyon goud sou kont familyal yo nan bank nasyonal kredi (BNC). Pou Espérance ak Sonèt ka akize Jovenel Moïse de blanchiman e fè li tounen yon enkilpe devan lajistis pou mété li deyò nan eleksyon yo fè 5 milyon goud la tounen 5 milyon dola ameriken ak yon fo rapò UCREF yo te fabrike.
Erezman kou ba sa, kote yo enstrimantalize yon enstitisyon léta, UCREF, kont yon sitwayen pou fè politik, pat pase alepòk. Apré tantativ koripsyon sa Esperance ak Sonèt te fè, kandida Jovenel Moïse bayo répons ki fè tout moun sézi. Tande répons lan, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/PnsXTVhK7_U?si=tIUcJm2ftqcb_Uqg
Jodia 14 Mai 2026 se jij koupyon sa Pierre Espérance vle fè prete sèman kòm jij kou dapèl pòtoprens. Sa ta revoltan e repiyan anpil. Pèp la kòmanse anvi levekanpe kont jij koupyon e kowonpi sa yo kap blanchi oligak ak politisyen kowonpi e kriminèl, kap lagé gang ak dwòg dilè, ki nan koudeta e touyé prézidan.
Pou sispann koripsyon jidisyè sa yo, anvan yo pibliyé list definitif jij ki pral prete sèman konsèy siperyè pouvwa jidisyè dwe fè 2 bagay:
1- Pibliyé sou website CSPJ ak ministè lajistis nom yo seleksyone kòm moun ki ka vinn jij ak ki jiridiksyon yo chwazi pou yo. Nom sa yo dwé sou website sa yo pandan omwen 45 jou.
2- Voyé yon nòt bay laprès pou enfome yo de nom sitwayen sa yo ki gen posibilite vin jij epi bay 2 nimewo telefon youn CSPJ, youn ministè lajistis, pou si gen moun nan pèp la ki gen move dosyé kont yo ka rélé de fason anonim pou bay détay yo pou ankèt kapab fèt anvan nominasyon e prestasyon sèman.
Pwosesis transparan sa ap édé gen mwens jij kowonpi ki rantré nan sistèm jidisyè Ayiti e gen tou mwens jij move zafè ki jwen pwomosyon.
Pou Ayiti jwen sekirite, lapè ak pwosperite gen yon gwo netwayaj ki nesesè nan lajistis. Se yon jistis pwòp ki pral leve tèt ak diyite nasyon an.
Men yon lòt referans sou Sonèt Jean Francois, tape la 👇🏿
https://www.haitian-truth.org/lavalas-director-of-ucref-sonel-jean-francois-should-receive-interdiction-notice-7-feb/