Pa Anbasdè Stanley Lucas
Sakpase nan tribinal federal Miami kote ak prèv pèp la dekouvri yon gwo pati nan operasyon Bolivi ki touyé Prezidan Jovenel e tiré Premyè Dam Martine démantibile tout vye montaj jidisyè kriminèl yo te vle fè na kabinè enstriksyon ak kou dapèl pòtoprens.
Depi 7 Mai 2026 kote yo rekonèt 4 lòt malandren koupab nan tribinal federal Miami, tèt oligak ak politisyen kriminèl péyi dayiti cho. Jij koupyon e kowonpi, avoka magouyè ki tap édé fè manipilasyon jidisyè e ki te nan koudeta operasyon Bolivi mèlé.
Vinn mete sou sa dépi 15 Mai 2026 kozé kanè sekrè koté Prezidan Jovenel Moïse te konn ékri tout sakapase nan léta ki pran lari gate jwèt koken manipilasyon jidisyè kriminèl yo nèt. Depi lè sa tout rat do kale yo ap chaché twou pou yo sòti.
Klamè piblik plis metadata dokiman PDF rapò ankèt jij Walther Wesser Voltaire sou asasina Prezidan Jovenel Moïse fè konnen ke se 3 moun ki ekri rapò ankèt ak òdonans sou asasina prezidan an pou Jij Walther Wesser Voltaire, se André Michel ki nan rézo politisyen kriminèl SDP, Samuel Madistin avoka oligak kriminèl Réginald Boulos ak Paul Denis manb fondatè Inite ki tap kore Ariel Henry. Nom toulède site nan asasina prezidan an e tantativ asasina premyè dam nan. Tandé Jij enstriksyon Gary Aurelien kap bay détay sou jan Ariel Henry enplike jis nan kou nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/KmVVFd8Ar5c?is=u9Il6tMmIYe6UIfv
Apré odyo sa te pran lari kriminèl yo te voyé Pierre Espérance détwui jij Gary Aurelien kap viv an egzil aletranje.
Se pousa 15 Oktòb 2025 kou dapèl pòtoprens anile rapò ak òdonans jij koupyon e kowonpi Walther Wesser Voltaire. Men kopi yon atik le Nouvelliste ékri sou sa an Oktòb 2025. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://lenouvelliste.com/article/260792/assassinat-de-jovenel-moise-la-cour-dappel-annule-lordonnance-du-juge-voltaire-et-designe-le-magistrat-cyprien-pour-poursuivre-linstruction
Le 15 Mai 2026 a travè bouch Roudy Sanon peyi dayiti aprann ke kanè kote Prézidan Jovenel Moïse te konn ékri tout bagay sekrè kap pase andedan leta a ki disparèt 7 Jiyè 2021 jou yo touyé prézidan an nan men Pierre Espérance. Pou tandé deklarasyon Roudy Sanon tape la 👇🏿:
https://youtu.be/vS9XTnUuHg8?is=1w_pOjEOo3VVi7x7
Lè nouvèl eksplozif sa sòti epi kesyon kòmanse poze, kòman fè kanè sekrè prezidan an solda mèsenè asasen kolonbi volè kay prezidan an jou yo touyél la fè nan men Espérance dépi 9 mwa? Espérance panike e li kòmanse bay manti. Premye manti li bay li di li jwen kopi kanè prezidan an sou rézo sosyo. Kopi kanè sekrè Prezidan Jovenel Moïse pat janm sou rézo sosyo. Pou tandé manti sa tape la 👇🏿:
https://youtu.be/dDs0oGydnq4?is=xkLp7R5ZYXld0Ns6
Lè manti sa pa maché, Espérance voyé Roudy Sanon di se jij enstriksyon ki bay Espérance kopi kanè a. Se manti paske kopi pwosè vèbal konsta yo fè kay prezidan an montré kanè prezidan an pa ladanl. Pwosè vèbal konsta a montré kriminèl yo volè tou telefon prezidan an. Epi menm si se ta vré enstriksyon sekrè, sou ki baz pou yon jij ta bay Espérance kopi kanè prezidan si sepa pou koripsyon e manipilasyon jidisyè? Pou ou tandé Roudy Sanon kap di se jij ki bay Espérance kanè a, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/x7tll57RmAo?is=NonqMdT_jT8B9U-c

Kòman fè kanè sekrè Prezidan Jovenel Moïse nan men Pierre Espérance aloske li pat nan pwosè vèbal konsta ki fèt le 7 Jiyè 2021? Anplis nan tribinal federal Miami ant mwa mas e mwa mai 2026 kolonèl Mike youn nan 3 solda mèsenè ki rantré nan chanm prezidan an konfime yo volè plizyè dokiman. Pèp la ap mande Esperance dépi 15 Mai kòt kanè Prezidan Jovenel Moïse la?
Kòm dezyèm manti sa pa pase Pierre Espérance fè atak politik pou fè tantativ pwoteje tèt li e oligak kriminèl ki touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Sa pa maché. Pèp la kontinye mande Esperance kanè sekrè prezidan an e mande jij la arete Esperance. Presyon popilè pou arete Esperance kontinye monte. Pou tandé atak divèsyon Esperance ki pa bay rezilta tape la 👇🏿:
https://youtu.be/3Pcx-LzxWrQ?is=DF45MQ3qlimTyYhy
Fas a presyon popilè kap monte kont Esperance nan dosyé kanè a e enplikasyon l nan touyé prezidan an, Samuel Madistin avoka oligak kriminèl Réginald Boulos ki enplike nan krim nan tou, Madistin ki se tou ansyen avoka RNDDH e kavalye pòlka SDP parèt sou YouTube pou defann Pierre Espérance. Pou défann Espérance, Madistin esayé di kanè a pa yon pyès a konviksyon. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/1BfXyWREjwc?is=FTuk0ej8VuMGrNIY
Pa bliyé Pierre Espérance ak Samuel Madistin gen menm kliyan ki se oligak kriminèl Réginald Boulos. Lè bra Boulos yo te pran nan moulen nan dosye siwo anpwazone ki touyé 200 timoun se Pierre Espérance ki te fè manipilasyon jidisyè pou yo ak jij koupyon Jean Wilner Morin. Se Pierre Espérance tou Boulos te mandé konpayi olandè a bay 600 mil euros pou dedomaje fanmi 200 timoun yo te touyé. Espérance kenbe yon gwo pati nan kòb la e pa dedomaje vré fanmi yo. Jij jodia mèt xxxxx nan tribinal pou dedomajman fanmi sa yo Espérance ap bloke. Pou plis detay sou sa gadé jan Boulos ap pale desa kòmsi lavi 200 timoun ayisien pa vo anyen, tape la 👇🏿:
https://youtube.com/shorts/yfzofCtO2g8?is=Gg6bvDzlRX3mi-Bx
Lè jefò sa pou défann Espérance pa maché Samuel Madistin esayé banalize e diskredite kanè Prezidan Jovenel Moïse kòm yon éléman klè ki ka édé jwen kriminèl yo. Pou plis détay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/smPHLkK7wW8?is=ndH1ntqVM5MGmYSB
Madistin nan pwoteje oligak kriminèl Réginald Boulos ak Pierre Espérance bliyé ané pasé, ant Fevrier e Mai 2025, Felix Badio Joseph an piblik nan kou dapèl pòtoprens te di devan jij Emmanuel Lacroix, Denis Cyprien, Fremont Damesi e devan ministè piblik Claude Jean ak Rocky Pierre, ke senatè Hector Anacasis te rélé Prezidan Jovenel Moïse pou bali enfòmasyon sou konplo pou touyé l e prezidan an te ékri sa. Kidonk prezidan an ékri nan kanè sekrè a détay sou konplo kont li. Pou tandé Badio nan kou dapèl pòtoprens kap di sa tape la 👇🏿:
https://youtu.be/xRpVZmygA8Q?is=mdO_L9uUiZuZ9Ox9
Devan verité sa pèp la mandé kisa Samuel Madistin ap esayé kaché, antere pou dè kriminèl tankou Réginald Boulos ak Pierre Espérance?
Men Madistin fè yon lòt bagay ki pi grav. Li di kontrèman a desizyon 15 Oktòb 2025 kote kou dapèl pòtoprens anile òdonans jij koupyon Walther Wesser Voltaire, Madistin di rapò ak òdonans sa pa anile. Tankou se li ki bòss jij Denis Cyprien, Madistin di jij sa se konpleman denfomasyon lap chaché pou konplete òdonans jij koupyon Denis Cyprien. Sa se yon deklarasyon ki grav anpil. Si sa Madistin di sou video sa ta vré, sa vlé di jij Denis Cyprien ap mennen yon operasyon desepsyon ak avoka oligak Réginald Boulos ki se Samuel Madistin. Nan fè djòlè pou montré se li sèl ki konnen e ki fò nan domènn dwa Madistin ta di se li kap montré jij Cyprien sa poul fè. Eske se vré se Samuel Madistin kap konsèye Jij Cyprien? Pou tandé deklarasyon sa Madistin fè sou travay reyèl desepsyon Jij Cyprien ap fè tape la 👇🏿:
https://youtu.be/wid-i-xR7gk?is=OK8VwekYqOGnoHHg
Klamè piblik ta vle fè konnen tou ke dezyèm konseye Jij Cyprien se Guerby Blaise avoka oligak kriminèl Dimitri Vorbe ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse.
Depi 59 mwa pèp la konnen ak sal viv kòm evenman e revelasyon ki piblik jodia non sèlman lajistis enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse a travè rezolisyon ilegal e enkonstitisyonèl CSPJ pou fè koudeta yo nan aktivite kriminèl e nan touyé prezidan an, pou plis detay:
a- Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/WCs0YCRtcM8?is=nmYCEpMC5pj52ieJ
b- tape la 👇🏿:
https://youtu.be/LoOxrewRTU4?is=n9eM1_D06FRCFJM4
Nan tribinal federal Miami yo montré video FBI jwen sou telefon John Joel Joseph kote Madan Wendelle Coq jij kou kasasyon peyi dayiti ap siyen dokiman pou otorize solda mèsenè kolonbi vinn touyé Prezidan Jovenel Moïse, Premyè Dam Martine Moïse, pitit yo ak chen e chat lakay yo. 2 frè Madan Coq yo te kanpé sou koté l pandan lap siyen. Komisè Gerard Norgaisse siyen dokiman sa tou.
Jodia peyi a konnen Jij koupyon Jean Wilner Morin, Jean Roger Noëlcius, Ivickel Dabrésil te nan konplo pou touyé prezidan an ak madanm li. Dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens Bernard St Vil pran pòz Ponce Pilate li. Jij koupyon Walther Wesser Voltaire nan koripsyon ak obstriksyon lajistis. Se Paul Denis manb fondatè Inite ki te metel nan sistèm nan lè li te minis jistis. Yon egzanp pou montré jan Jij koupyon Walther Wesser Voltaire kowonpi se lè li tap tandé Jeantèl Joseph ke Ariel Henry ki enplike nan krim nan tap chaché yon dil avèl. Lè jij koupyon Voltaire konvoke Jeantèl li tandé li nan rezidans Ariel Henry olyé nan kabinè enstriksyon pou montré ke se Ariel ki gen kontwòl enstriksyon asasina prezidan an e tantativ asasina sou premyè dam nan. Tandé Jeantèl Joseph kap bay détay yo nan kou dapèl pòtoprens an 2025 devan Jij LaCroix, Cyprien ak Damesi. Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/7ga9b4FF6nk?is=86Vev7ksY4ppjEr-
Jij Denis Cyprien byen konnen motif krim nan se ekonomik. Li konnen jan oligak blakawout, oligak gwoup de Boudon elatrye te menase touyé Prezidan Jovenel Moïse si li kontinye nan zafè refòm ekonomik yo e koupé kontra kowonpi oligak yo. Men 4 ti rapèl 👇🏿:
a- Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/-XX6dPFE4IQ?is=LeZE4YvlEtsf62zF
b- Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/XTQKFy9GL1s?is=qxD_Dk6CIEDeT7qt
c- Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/zJM2vhHbRYU?is=1VtInxbwpUd6iluS
d- Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/ZPfalP1aU34?is=yjECB7OTZWI5Nsb_
e- Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/86haRGyKUzE?is=Ut18oV0k9gDFS6ex
Pèp la gentan wè tout jefò Samuel Madistin avoka oligak kriminèl Réginald Boulos ak Guerby Blaise avoka oligak kriminèl Dimitri Vorbe ap fè pou Jij Denis Cyprien pa janm konvoke e arété oligak ki finanse krim odyé sa. Men yon egzanp ki montré sa. Edo Zenny di nan emisyon radyo li ke li konnen ki bank Sendomeng ki resevwa kòb pou touyé prezidan an e ki bank an Ayiti ki voyé kòb pou touyé prezidan an jij Cyprien pa janm konvoke Edo pou bay détay yo. Sakpirèd Jij Cyprien réfizé poze kesyon sou kiyès ki finanse krim sa. Pou tandé Edo Zenny kap bay détay yo tape la 👇🏿:
https://youtu.be/hYrYlQWvqWk?is=zwjF4CZypSPEf7iC
Sou 900 jij ki gen nan sistèm jidisyè péyi dayiti Mèt Renée Sylvestre prezidan pwovizwa jidisyè a te di gen 166 li tapral revoke pou 4 rézon, Jij ki nan koripsyon, Jij ki gen kabinè avoka, jij ki pa gen diplòm epi jij kap fè politik. Mafya jidisyè a touyé l anvan li gentan fè refòm sa yo.
Jodia pèp la apré 59 mwa montré li pap bay kriminèl yo legen nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Konsyans popilè a, konsyans kolektif peyi dayiti ak diaspora a gentan idantifye kriminèl yo e fè jijman moral yo. Pagen oken manipilasyon jidisyè ki ka chanjé sa. Okontrè Jij koupyon ki panse yo ka fè manipilasyon jidisyè pou pwoteje oligak ak politisyen kriminèl ap sòti trè mal devan listwa.
Jojo tèlman nan konsyans popilè a plizyè atis gentan fè chante pou li nan kad komerasyon 60 mwa kap fèt 7 Jiyè 2026.