Asasen yo alèz. Jodia 24 Jen 2026 atoufè Evalière Beauplan al réponn kesyon jij enstriksyon Denis Cyprien. Beauplan te menase touyé Prezidan Jovenel Moïse plizyè fwa an 2021. Apré Beauplan kozé lanmò plizyè sitwayen nan aksidan machine paske li te voyé atoufè lagé lwuil sou tout wout, li tapral mande sou twitè pou tout gang ki gen zam vinn jwen li pou al touyé Prezidan Jovenel Moïse.

Pèp la sonje Beauplan pral bay Prezidan Jovenel Moïse 2 èd tan pou poté pouvwa a bali si se pasa lap maché al pran prezidan an lakay li ak gang yo. Se egzateman sa kriminèl yo fè le 7 Jiyè 2021. Nan kad operasyon Bolivi yo monté kay prezidan yo touyél e yo fè tantativ touyé Premyè Dam Martine Moïse. Epi jodia pou wè Beauplan kap griyen dan li devan kou dapèl pòtoprens pandan lap pale ak jounalis kòmsi Jij Cyprien nan men yo.

Pou plis detay sou pawòl tafya Beauplan devan kou dapèl pòtoprens apré li reponn kesyon Jij desepsyon Denis Cyprien e menas li te konn fè kont Prezidan Jovenel Moïse, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/3gdrxucV9qc?is=H0uHC7HOsRZsJu19

Si lajistis tap maché an Ayiti kriminèl sa ki rélé Evalière Beauplan te dwé deja anbakòd.