10 Jiyè 2005 kriminèl lavalas yo kidnape jounalis Jacques Roche. 14 Jiyè yo touyél selon rapò ki fèt.

Jodia 14 Jiyè 2026 fè 21 lane depi ke kriminèl lavalas yo touye jounalis Jacques Roche. Pou plis detay sou sa men atik Raoul Peck minis kilti lavalas la te ekri koté sou alterpresse kote li akize lavalas de krim nan apré asasina odyé sa, tape la 👇🏿:
https://solutionshaiti.blogspot.com/2013/07/le-journaliste-jacques-roche-assassine_10.html?m=0

Aristide kòmandan an chèf lavalas ki kontwòlé 60% nan rezo gang teworis Viv Ansanm pral selebre fèt li a gogo 15 jiyè pandan ke kadav Jacques Roche ap pouri anba tè san jistis.

Antonio Chèramy alias Kato ki patisipe nan touyé jounalis Jacques Roche nan krim pirèd. Li patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè fè 2021. Jan l te di sa sou twitè li dekoupé bannann nan an tchèk de boum boum DEA ak asasen parèy li yo. Li te di se te dènye 18 Novanm Prezidan Jovenel Moïse. Malgre tout krim sa yo Kato se konsèye premye minis Fils-Aimé e li fon nan gang pirèd. Li nan G-Pèp, òganizasyon teworis Fantòm 509, rès gang ti makak la nan men li, gang Kenscoff pran lòd nan men li elatrye. Lap boulé, kidnape, koupe, raché e touyé an griyen dan HMI.

Pa gen twò lontan desa bouch li chape lè yo pozel kesyon sou janl li touyé Jacques Roche, pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/RGGCkUvb5hw?is=-nB06ZuYhfr20AMW

Jounalis Brignol Lindor ke lavalas la te dekoupe tou a manchèt tigwav komprann sakap di la.

Jounalis Jean Dominique ke Aristide fè fizye daprè détay chèf sekirite li Oriel Jean bay komprann sakap di la.

Diego Charles ak Antoinette Duclaire ki pat dakò pou kriminèl sa yo asasinen Prezidan Jovenel Moïse komprann sakap di la.

Ansyen senatè Irvelt Chery ki ékri lajistis pou mande mete Aristide anbakòd pou krim de san e krim finansye komprann sakap di la. Pou li kopi lèt sa, tape la 👇🏿:
https://www.haitian-truth.org/senateur-irvelt-chery-lettre-ouverte-17-novembre-2000/

Majistra Gabriel Fortune te di si lajistis te arété kriminèl Antonio Chèramy alias Kato ki patisipe nan touyé jounalis Jacques Roche, Prezidan Jovenel Moïse pa tap mouri asasinen. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/S7Es0UOJpFA?is=PMN-kTrA6fVuFdPO

Jacques: Si ou te vivan ou pa tap kapab domi tèlman ou tap soufri devan mizè ak tout kalte traka ki tombe nan kolèt pep la apre asasina Prezidan Jovenel Moïse. Tout moun konnen kijan sitwayen peyi nou te empotan pou ou.

Anpil moun konnen Magalie Marcelin ale goudougoudou tiyel, Wanel Fils ale, Micha Gaillard ale, Myriam Merlet ale tou, se pa ni de ni twa moun ki mouri paske leta lavalas-lespwa-Inite a pat fè travay li.

Aristide te konnen ke peyi a ta pral genyen trambleman de tè depi 7 Oktob 2002
http://www.bme.gouv.ht/alea%20sismique/Alea_sismique%20HAITI.pdf men li pat regle anyen pou prepare peyi a pousa. Olye ke li travay pou prepare peyi a, li tap kraze zo moun ki pat dako avèk li. Malgre tout sa ki pase nan peyi a neg sa yo pa chanje. Yo rete mechan, kriminèl, volè pirèd. Yo reyisi touyé yon prezidan pèp la chwazi nan eleksyon e yo tiré madanm li.

Depi apré asasina Prezidan Jovenel Moïse kriminèl Verite-Inite, PHTK, lavalas, SDP-MOPOD, Pitit Dessalines, Haiti an aksyon yo patikilyèman sa ki te nan kokayine Tiburon, kite tiye sitwayen nan masak lasiri nan senmak kontinye ap sabote e bloke peyi a. Yo nan tranzisyon 7 an aprenou senou pou bòss yo oligak gwoup blakawout, oligak gwoup de Boudon, oligak gwoup macaya ak oligak gwoup Ayiti chèrie. Péyi a konnen ke si ou te la, nan non pèp la, ou tap di non nan non moun kap soufri yo.

Jacques fok ou ta wè nan ki kondisyon ke sitwayen yo ap viv. Ou ta kriye! Dlo tap soti nan je ou e ou tap rele anmwe! Sa pa posib ke se nan eta sa ke sè nou yo ak frè nou ap viv nan lari anba tant, lapli ak pousyè nan kan delabre ke pedofil primati leta ap jere.

Prezidan Matelly tounen yon kanibal menmjan ak Aristide e Privert. Yo tout nan touye Prezidan Jovenel Moïse, tiré Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Tout se vòlè. Jodia yo tout nan gang, nan volè leta e nan koudeta aprenou senou. You toulè 3 trayi pèp la e reyisi san pèp la.

Jacques, ou ta sézi wè yo kenbe Pierre Espérance nan gang e nan touyé Prezidan Jovenel Moïse.

Jacques peyi dayiti ak diaspora a konnen sansibilite ou, si ou te la, ou tap kriye, ou tap revolte, ou tap sou beton an, ou tap ekri…

Péyi dayiti sonje ou Jacques! Ou pat jan’m ezite ekri pou moun ki tap soufri yo. Jacques genyen ampil kolèg ou ki trayi kòz la, genyen se pa fòt yo, sa pa bon, yap chache woulman, yap chaché manje. Sistèm nan oligak yo ranfòse mété anpil ladan yo nan mizè nan grangou

Jacques nap kontinye goumen pou ou jwenn jistis. S.O.S. jounalis ke Aristide ak Leslie Voltaire manké touyé an 2025 rekòmanse goumen anfavè jistis pou jounalis kriminèl yo touyé. Nan ti tan ki pa twò kout ki sòt pase la menm kriminèl yo touye 14 jounalis. Gen 4 lòt yap chaché détwui.

Jacques péyi a sonje’w ampil, Jacques nap kontinye goumen pou ou, pou lide jistis ak chans pout tout moun ke ou te kwè ladan yo. Repoze’w byen pandan ke ou chita sou kote Granmèt la nan syèl la.

Jacques: Lè ou potko rive pou ou te ale kite zanmi’w ak frè’w yo. Lavi ou te fèk komanse. Peyi a ke ou renmen te bezwen ou. Wi Jacques, peyi a te bezwen karaktè moun pwop tankou’w. Entegrite’w, kapasite’w, lanmou ke ou te genyen pou sa ki pat kapab yo te enspire ampil moun. Kriminèl lavalas yo kraze ou, yo pran souf ou, men yo pa pran nan’m ou.

Péyi a, jènn yo kontinye repete deklarasyon ke ou te fè, e se vre:  » Tu peux me crever les yeux, me couper les bras, et les jambres, me laisser nu en pleine rue, mais tu ne peux tuer mon rêve, Tu ne peux tuer l’espoir « 

Jacques lè ou tap pale konsa se tankou se pawol ke Bondye te mete nan bouch ou paske se sa ki te fet. Ou ta pale tankou Jezi.

Ou te kwè nan chanjman pou pèp la, lespwa a pap mouri
Ou te toujou sakrifye tèt ou pou koz pèp la, rèv la pap mouri
Ou te yon gason modere avèk konviksyon, lespwa a pap mouri
Ou te gade lot la nan je e dil kijan li te trayi koz pèp la, rèv la pap mouri

Pote mak sonje! Se konsa pawol la te toujou ye e se konsa yo te toujou dil, bay kou bliye pote mak sonje. Pajanm bliye ke lè genyen kou ki bay genyen kote ke mak la rete. Lè mwen konstate jan awousa, vivi dan griyen, san manman sa yo, assassen san pitye lavalas sa yo te totire’w, touye ou, assassinen ou, li kite yon mak nan kè mwen, nan kè peyi ki pa kapab efase.

Sa ou fè se li ou wè, sa vle di wi genyen yon Bondye nan syèl, Bondye ki toujou klere soley jistis la. Jacques genyen nan assassen sa yo ki deja ale devan Bondye pou jijman, wi nan jistis Bondye voye chachel anvan kat lane a mete pye. Jodia a nan nom ou, nou pa genyen rayisans, nou padone li, nap mande padon devan Bondye pouli e nap lapriyè pou li an atadan ke jistis fwape lot yo.

Jacques: Mwen konnen ke ou sou kote zanj yo, pa bliye peyi a, pa bliye fanmi ou, mande favè Bondye ak zanj yo pou peyi a e pousa kap soufri yo. Tankou yè ou nan kè nou, tankou yè ou nan tèt nou. Nou pa bliye ou, malgre ou pa vrèman bezwen sa, nap lapriye pou ou. Mwen konnen ou pa renmen bagay sa yo, men map dil kanmenm, pou mwen ou son Ewo Nasyonal. Nap goumen pou nou gade si nan youn nan fakilte yo nanmemwa batay demokratik ou yo pou wè si nou kapab kreye yon sal konferans ki pote nom ou Jacques Roche.