Opozisyon radikal la siyen yon akò nan komansman mwa Jen 2021 pou mété yon premye minis san prezidan. Yo te mété tèt yo dakò pou touyé Prézidan Jovenel Moïse ak Premyè Dam Martine Moïse. Operasyon pou touyé prezidan an te poté nom operasyon Bolivi. Yo te gen 3 kandida premye minis pou aplike plan operasyon Bolivi. Se te Ariel Henry, Simon Desras, Joanas Gué. Men kopi akò a ke dwazimen Gédéon Jean pibliyé sou website li, tape la 👇🏿:
https://cardh.org/wp-content/uploads/2021/09/ACCORD-POLITIQUE-DU-5-JUIN-2021-VERSION-FINALE-AVEC-SIGNATURES.pdf

Kòm jounalis Diego Charles ak Nettie te konekte ak rézo politik sa a travè Kato, Pierre Espérance e André Michel. Diego ak Nettie vinn okouran de plan opozisyon radikal genyen pou touyé prezidan an ak madanm li.

Nettie ak Diego pat dakò. Kòm yo te kòmanse palé ak lòt moun sou desesakò sa yo genyen ak opozisyon radikal la, Kato, André Michel , ak Pierre Espérance fè gang G-Pèp touye 2 jènn jounalis sa yo 29-30 Jen 2021 apeprè 7 jou anvan menm rézo kriminèl sa touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Yo di Nènèl Cassy nan krim sa tou.

Pa bliyé se pa premye fwa Kato touyé jounalis. Se Kato ki touyé jounalis Jacques Roche, pou konfime tape la 👇🏿:
https://youtu.be/RGGCkUvb5hw?is=MHV0M4EukeWXGc6s

André Michel abitye touyé pwòp militan li nan SDP. Se André Michel ki touyé Ti Blan Tatoute, pou konfime tape la 👇🏿:
https://youtu.be/62udFbOpUbs?is=uxbx8XmgndWXMr8j

Nènèl Cassy nan tout kalte aktivite kriminèl. Li touyé diplomat ayisien Matilus Pierre. Li gen gang BLTS Chalon kap touyé e kidnape moun. Li patisipe nan kreyasyon òganizasyon teworis Fantòm 509.

Kanta pou Espérance se li ki toujou la pou lonje dwèt sou lòt moun nan rapò dwazimen pou pwoteje kriminèl yo. Se Esperance ki fè manipilasyon e enstrimantalize DCPJ ak jij kowonpi pou pwoteje kriminèl. Espérance sabote ankèt dosyé asasina Nettie ak Diego nan DCPJ e nan kabinè enstriksyon.

29-30 Jen sa fè 5 lane dépi kriminèl yo touye Diego ak Nettie. Pou pwoteje tèt yo e kase fèy kouvri sa, kòm kriminèl dépi apré asasina prezidan an, kriminèl yo nonmen moun pa yo pou kontwòlé pouvwa egzekitif ak pouvwa jidisyè. Yo kreye andedan pouvwa jidisyè a yon rézo jij kriminèl andedan pole jidisyè pou yal fè manipilasyon ak enstrimantalizasyon lajistis nan dosyé kriminèl ak krim finansye.

Youn nan Jij koupyon e kowonpi yo mété nan zafè pole jidisyè se jij koupyon Sonèl Jean Francois ki te fè fo dosyé lè li te direktè UCREF pou détwui kandida Jovenel Moïse. Li te echwé. Kòm peyi a okouran de plan kriminèl sa pèp la pare pou yo.

Wè pa wè Diego ak Nettie dwé jwen jistis.