Pa Anbasadè Stanley Lucas

Enpinite ap touye péyi dayiti. Kriminèl ki rélé Guerby Blaise retounen sou moun. Se limenm ki kowòdone asasina mèt Monferrier Dorval 28 Out 2021 pou oligak kowonpi e asasen Dimitri Vorbe ki te fèk lagé nan prizon Florida menm jou asasina sa. Verifye la ⬇️:
https://rezonodwes.com/2020/08/usa-immigration-dimitri-vorbe-recouvre-sa-liberte/

Dimitri Vorbe fèk sot nan prizon 28 Out 2020. Vorbe anraje lè li tande mèt Monferrier Dorval avoka Sogener kap di nan interview sou radyo Magik 9 ke Prezidan Jovenel Moïse gen otorite pou fè referandòm sou konstitisyon an. Yon Dimitri Vorbe ki plen fristrasyon paské li fèk sòti nan prizon Florida anraje paske li panse Dorval trayi li kòm avoka Sogener. Nan filozofi Dimitri Vorbe lè ou se avoka li se esklav li ou ye kidonk ou sètoblije swuiv li nan tout sa kap fè. paske nan maten li fè. Pou Vorbe kijan fè mèt Dorval nan interview sa nan radyo magik 9 pèmèt li di Prezidan Jovenel Moïse gen dwa e gen otorite pou fè referandòm sou konstitisyon an pandan li avoka Sogener? Nan interview sa mèt Dorval di kliyan kel genyen kòm avoka pa detèmine pozisyon politik li. Sa vlé di Dimitri Vorbe Sogener se kliyan li men sa paka detèmine pozisyon politik pa li. Men kopi interview Dorval la, tape la 👇🏿:
https://m.soundcloud.com/user-268726113/panel-magik-28-aout-2020-invite-monferrier-dorval

7 dènye minit interview sa 👆🏿bay motif krim nan.

Se poutèt sa Dimitri Vorbe ki te fristre e anraje voyé Guerby Blaise kowòdone asasina mèt Monferrier Dorval.

DCPJ konvoke Guerdy Blaise nan komansman mwa Septanm 2020 pou enplikasyon l nan asasina mèt Monferrier Dorval. Pou verifye gadé la ⬇️:
https://haiti24.net/assassinat-de-me-dorval-un-autre-avocat-invite-a-la-dcpj/

Olyé Guerby Blaise reponn a envitasyon direksyon polis jidisyè (DCPJ) nan dosye asasina mèt Monferrier Dorval, li kouri sove lal kaché nan peyi la France. Pou verifye gadé la 👇🏿:
https://www.facebook.com/groups/260289048529627/posts/1292715738620281/

Guerdy Blaise retounen an Ayiti apré asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse apré Dimitri Vorbe mété avoka li Bertho Dorce minis jistis sou Ariel Henry ki enplike nan touye prezidan an.

Depi lè sa se se kase fèy kouvri sa pou Guerby Blaise ki enplike nan touyé mèt Monferrier Dorval ansanm ak kase fèy kouvri sa pou asasen ki touyé Prezidan Jovenel e fè tantativ touyé Premyè Dam Martine Moïse.

Nan kad pwopagand manti operasyon Bolivi pou touyé Prézidan Jovenel Moïse kriminèl Dimitri Vorbe te fè deklanche yon kanpay pwopagand manti pou lonje dwèt sou lòt moun pou lajistis pat rivé sou li ak Guerby Blaise. Men twou manti pa fon.

Jodia mwa jen 2026 kriminèl yo rélé Guerby Blaise ki touyé mèt Monferrier Dorval pou Dimitri Vorbe nan radyo Scoop ap pale pou kriminèl kowonpi Alix Didier Fils-Aimé. Sa grav anpil.

Lajistis se yon kansè pou péyi dayiti. Jij ap pwoteje tout gwo kriminèl, gangstè, volè, teworis ak dwòg dilè. Kriminèl yo kontwolé CSPJ, kou kasasyon, kou dapèl ak tribinal premyè enstans pòtoprens.

Goumen pou viktim yo ka jwen jistis se yon devwa patriyotik sa ye. Goumen pou netwaye pouvwa jidisyè a de oligak kriminèl e kowonpi, de dwazimen ak avoka asasen se yon obligasyon pou nou kapab bati Ayiti nou vlé a.