Pa Anbasadè Stanley Lucas
Kanè sekrè Prezidan Jovenel Moïse: 10 jou apré òdonans jij Denis Cyprien enkilpe Pierre Espérance lajistis Ayiti tounen yon maché traktasyon ak negosyasyon
Pierre Espérance bay manti lè li di le 11 Mai 2026 ke li jwen sou rézo sosyo an 2022 kopi kanè sekrè koté Prezidan Jovenel Moïse konn pran nòt de tout sakapase nan léta a. Original ou kopi se yon krim li yé ke kanè ki te lakay prezidan an lè yo touyél le 7 Jiyè 2021. Moun ki mété nouvèl sa nan lari le 9 Mai pat di kopi. Roudy Sanon deklare ke Espérance gen kanè Prezidan Jovenel Moïse nan men li. Men 2 deklarasyon yo:
a- Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/vS9XTnUuHg8?si=xK74H-liqsU5Lz4q
b- Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/dDs0oGydnq4?si=OJ4Znnu2uOw0oHWr
Nan yon òdonans li pran 19 Mai 2026 jij Denis Cyprien enkilpe Pierre Espérance. Gadé la 👇🏿:
Daprè lalwa fas a desizyon sa Espérance kapab fè yon pourvoi an kasasyon. Malgré aksyon sa lapolis dwe arété l kanmenm paske pourvoi an kasasyon pa gen efè sispansif. Fas a reyalite sa alyé Espérance ki se Luidwig Leblanc yon sitwayen franse ki se chèf kabinè minis jistis la entèféré a desizyon jij Cyprien e bloke egzekisyon òdonans lan onivo lapolis.
Nouvèl yo fè konnen pou pwoteje Espérance, Luidwig Leblanc, Patrick Pelissier ak Camille Leblanc bay direksyon afè jidisyè lapolis (DCPJ) lòd pou yo pa egzekite lòd jij enstriksyon Denis Cyprien anatandan yo ka negosye. Anpil moun ap mandé negosye kisa nan asasina yon prezidan péyi dayiti? Pèp la estomake lè li tande kozé blokaj e negosyasyon sa yo. Bagay la grav anpil!
Jodia fè 10 jou dépi òdonans lan ki enkilpe Pierre Espérance sòti. Anyen pa fèt. Òdonans lan pa janm egzekite.
Antretan, Réginald Boulos ki gen manda dèyè l dépi 9 Jiyè 2021 pou enplikasyon li nan touyé Prezidan Jovenel Moïse voyé kèk avoka li péyé al fè divèsyon pou Espérance nan radyo. Bagay sa pasé mal nan mitan pèp la. Pou tandé Samuel Madistin avoka Boulos, tape la:
https://youtu.be/1BfXyWREjwc?si=RC7gd1vNYQ8TAKb8
Menm Newton Saint Juste pa anba tap esayé defann Pierre Espérance. Li menm esayé retire nom oligak kriminèl ki finanse touyé Prezidan Jovenel Moïse. Sa te tèlman lèd ke se yon bagay ki fè anpil moun sézi. Diskou Newton St Juste pa diferan de diskou montaj Espérance ak Madistin. Li retounen nan labou anakopopilis yo. Oligak yo mèt ti restavèk sa yo. Yon avoka ki gen karaktè e ki nasyonalis tankou Osner Févry pap vann konsyans yo e pap vann nèg nwè parèy yo pou degouden Boulos. Malgré tout manèv, manipilasyon ak montaj koripsyon jidisyè sa yo, pèp la pa janm sispann mandé arété Boulos ak lòt oligak ki finanse touyé Prezidan Jovenel Moïse, pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/smIzdDnRkDI?si=rIpsd4iE3avFYHrr
Yon lòt bò, ofisyèl ministè lajistis ap proteje asasen ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse.
Pa bliyé se menm kowonpi ministè lajistis sa yo ak CSPJ ki fèk nonmen jij kowonpi Sonèl Jean Francois nan kou dapèl pòtoprens pou Pierre Espérance. Se Sonèl Jean Francois sa ki te fè fo dosyé 5 milyon dola vèt sou kont labank kandida Jovenel Moïse nan BNC pou te metel deyò nan eleksyon prezidansyèl yo. Tandé répons kandida Jovenel Moïse te bayo, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/PnsXTVhK7_U?si=8rmQYNkGMEo3W29F
Manb CSPJ ki la jodia se Ariel Henry ki enplike nan touyé Prezidan Jovenel Moïse ki mété yo apré asasina prezidan an.
Gen plizyè jij nan pouvwa jidisyè a ki enplike nan tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier e ki patisipe nan touyél 7 Jiyè 2021 kote yo fè tou tantativ touyé Premyè Dam Martine Moïse.
Premye jij kasasyon ki te nan koudeta kont gouvènman konstitisyonèl peyi dayiti malgré konstitisyon amande a di jij kasasyon pa kapab prezidan pwovizwa ankò dépi 2012 se jij Joseph Mecène ke oligak Réginald Boulos te remèt bay André Michel ak Youri Latortue. Pou plis detay sou koudeta sa ki echwé, tape tape la 👇🏿:
https://youtu.be/WCs0YCRtcM8?si=F1vqbxfHmtBDe4PM
Pami jij kriminèl sa yo ou jwen tou Ivickel Dabrésil kapral fè tantativ pou touye prezidan an pou oligak Vorbe yo le 7 Fevrier nan abitasyon Tibwa. Pou plis detay sou reyaksyon Prezidan Jovenel Moïse pa rapò a tantativ koudeta sa tape la 👇🏿:
https://youtu.be/LoOxrewRTU4?si=hPka-CWKX-RH7Yxu
Pa bliyé oligak kriminèl Vorbe yo rantré nan touyé Prezidan Jovenel Moïse poutèt li te koupé kontra kowonpi kouran ki tap vann blakawout epi li te rekipere izinn 83 megawatt leta Varreux ki te konstwui an 1979 sou Duvalier ke Vorbe yo te volè. Tande 2 video sa yo kote wap jwen motif krim nan:
a- Tape la :
https://youtu.be/-XX6dPFE4IQ?si=pIHfsszrIvWJG-Qe
b- Tape la:
https://youtube.com/shorts/7-CWMP3i5V8?si=GjCF8RcKM6p4zj6c
Lè Prezidan Jovenel Moïse kontinye koupé lòt kontra kowonpi ki pèmèt volè dè santènn de milyon dola vèt kòb léta, gen lòt oligak ki rantré nan finanse konplo pou touyé Prézidan Jovenel Moïse, pou plis detay, tape la:
https://youtu.be/ZPfalP1aU34?si=0A5gDqy3OXL95Yml
Jocelerme Privert ki se restavèk Vorbe yo pral rantré nan konplo sa tou poutèt Jovenel Moïse lè li vinn prezidan an 2017 te koupé tout kontra ilegal Privert te fè siyen kòm prezidan pwovizwa. Nèg épé a bay détay yo, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/Ns8fK4ilBwE?si=yq3RNt49AIMAbzb_
Aprésa ou jwen jij Jean Roger Noëlcius ki te vann Pierre Espérance manda ilegal la ki fè krim 7 Fevrier e 7 Jiyè pou 30 mil dola vèt Boulos te bali. Kòm Espérance te enplike nan Tibwa ak Mario Beauvoir, lè lajistis arété kriminèl 7 Fevrier 2021 yo Espérance te deklare se prizonye politik yo ye. Li pral manipile lajistis pou fè lagé pouchis kriminèl yo. Espérance pral chanjé pawòl an Mai 2026 nan mikro Dieusel Guerrier nan radyo karayib koté li pral di 7 Fevrier a se te yon koudeta. Tande 2 pawòl Espérance yo Fevrier 2021 ak Mai 2026 ki chanjé paské yo kenbel nan manti, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/rkWiAtWJzRw?si=ojjDI_4IUYAymjkj
Baz manda ilegal sa se yon manipilasyon dosyé la saline nan Jean Wilner Morin fè pou Espérance ak André Michel. Pou rekonpanse Morin, Espérance te fè Leslie Voltaire (KPT) nonmen Morin nan ofis pwoteksyon sitwayen (OPC). Se menm jij koupyon sa Jean Wilner Morin ki te di se kidnape lapolis kidnape kriminèl ki tal fè tantativ koudeta pou touyé Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier nan tibwa, pou tandé tape la 👇🏿:
https://youtu.be/6bYtMux8gRY?si=8sE4sAJ5N0DdrswQ
Se menm Esperance sa ki te sabote lapolis lè yo tapral arété chèf gang Bout Jeanjean pou masak la saline nan lopital Bernard Mevs.

Gen plizyè lòt jij tou ki fè obstriksyon a lajistis pandan 58 mwa. Sak pi selèb la se Walther Wesser Voltaire ki kite André Michel, Ariel ak avoka Boulos la korije rapò ankèt sou asasina prezidan an ak òdonans li.
Lajistis péyi dayiti bezwen yon bèl netwayaj menmjan ak sa Prezidan Bukele te fè nan peyi Salvador kote li te revoke 85% nan jij yo ki te nan koripsyon.