Pierre Espérance nan interview li fè ak jounalis Wendelle Theodore fè konnen se sèlman an 2024 li vini okouran de egzistans manda ilegal Jean Roger Noëlcius ki itilize pou fè tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier e ke solda mèsenè asasen kolonbi itilize pou touyé Prézidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Tande la 👇🏿:

Poutan nan rapò Pierre Espérance fè dépi 20 out 2021 nan pwen 52 rapò a li palé klèman de manda ilegal Jij koupyon Jean Roger Noëlcius fè ki sèvi pou touyé Prézidan Jovenel Moïse. Poukisa Pierre Espérance bay jounalis Wendelle Theodore gwo manti sa sou manda ilegal la? Men kopi premye paj rapò Esperance sou asasina prezidan an ak sal mete nan paj 52 rapò a pou ou ka dekouvri manti li bay jounalis Wendelle Theodore 👇🏿:

Pa bliyé ankèt popilè jwen ke se Pierre Espérance ki achté pou 30 mil dola vèt Reginald Boulos bali manda ilegal la nan men jij koupyon Jean Roger Noëlcius. Se manda ilegal sa kapral sèvi pou touyé Prézidan Jovenel Moïse. Apré Espérance péyé Noëlcius pou manda ilegal la, se grefye Frantz Rousseau ki tal chache jij la lakay li pou mennen l al jwen avoka RNDDH Mario Beauvoir zanmi Esperance pou delivre manda ilegal la bayo nan Tibwa. Men kopi manda ilegal la 👇🏿:

Ankèt popilè a jwen tou pou fè manda ilégal sa Esperance monte yon tribinal premyè enstans paralèl sou dosyé la saline nan paske te gentan yon lòt jij sou li. Se André Michel kal chaché militan li péyé pou bay fo temwayaj pou monté fo dosye sa. Espérance pral sèvi tou ak jij koupyon Jean Wilner Morin pou enstrimantalize dosyé la saline nan. Se fo dosyé la saline nan Espérance pral itilize pou fè manda ilégal la.

Pandan enstriksyon sou asasina Prezidan Jovenel Moïse, Pierre Espérance ak André Michel pral itilize jij koupyon Walther Wesser Voltaire ki sòti nan Verité-Inité ke Ariel Henry kontwòlé pou fè disparèt manda ilégal jij koupyon Jean Roger Noëlcius. Se André Michel, yon lòt avoka kap travay pou Réginald Boulos ak yon konseye Ariel kap finalize ankèt jij koupyon Walther Wesser Voltaire rapò ak òdonans sou asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse. Sa vlé di asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse se yo ankò ki ékri rapò ak òdonans sou asasina a.

Apré tout jefò asasen yo pou fè disparèt manda ilégal la ak Jij koupyon Walther Wesser Voltaire, lè manda ilegal la reparèt nan koup dapèl pòtoprens sa kreye panik nan kan asasen yo.

Pou ranjé sa Pierre Espérance pral kouri monte Canada pou al ranjé bouch ak temwayaj Jean Roger Noëlcius pou si li gen pou temwaye devan kou dapèl pòtoprens e devan tribinal federal Miami. Yon lòt bò Esperance ap telegide jij koupyon de lékip Denis Cyprien ak yon komisyon rogatwa kapwal konfime montaj li fè.

Shòk Esperance te fè nan aewopò ak yon sitwayen mete kakachat li tap prepare ak temwen ki etazini ak Canada de sa pran lari.

Se Pierre Espérance ki bay Jij koupyon Jean Roger Noëlcius dikte sou ki répons li dwe bay nan tribinal federal Miami .

Menmjan tou se Esperance ki bay Jean Roger Noëlcius répons li dwe bay lè jij koupyon Denis Cyprien lè li rive sou li.

Yon bay ki klè nan dosye manda ilegal jij koupyon Jean Roger Noëlcius siyen pou krim nan ka fèt, Pierre Espérance bay manti tou. Poukisa Espérance bay manti tou nan zafè manda ilegal ki sèvi pou touyé Prézidan Jovenel Moïse?

Antretan peyi a, pèp la dekouvri yon lòt gwo kozé nan asasina Prezidan Jovenel Moïse. Kanè sekrè kote Prézidan Jovenel Moïse ekri tout sakapase nan leta, kanè sekrè sa ki te kay prezidan an lè yo touyé l nan men Pierre Espérance. Nouvèl shòk sa sòti nan bouch potpawòl Espérance ki se Roudy Sanon. Bouch li chape 9 Mai 2026. Pou tandé tape la 👇🏿:
https://youtu.be/vS9XTnUuHg8?si=dKqqzQgyOTblacJZ

Lendi 11 Mai Pierre Espérance deklare li jwen kopi kanè Prezidan Jovenel Moïse sou rézo sosyo yo an 2022. Tout pèp la dekouvri se manti Esperance ap bay paske pèson pa janm jwen kopi kanè Prezidan Jovenel Moïse sou rézo sosyo. Tande manti Esperance bay Lendi 11 Mai, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/dDs0oGydnq4?si=2_mVLZ_GrUr8_rGS

Samdi 15 Mai manti kontinye pirèd kote Roudy Sanon potpawòl Pierre Espérance deklare se yon jij enstriksyon ki bay Pierre Espérance kopi kanè prezidan an. Fwa sa bouch Roudy Sanon viré ankò li pa di kanè janl te di sa 9 Mai, fwa sa li di kopi kanè e se jij enstriksyon ki bay li. Pawòl yo ap chanjé, tandé, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/x7tll57RmAo?si=FfghuBAYfzzOU_Id

Espérance voyé Roudy bay manti ankò. Se yon bagay enposib pou jij enstriksyon ak lapolis gen kanè Prezidan Jovenel Moïse paske konsta jij de pè a fè kay prezidan an apré krim nan pagen ni kanè ni telefon prezidan an. Dayè konsta a di klèman kriminèl ki touyé Prezidan Jovenel Moïse alé ak telefòn Prezidan Jovenel Moïse. Kanè prezidan an pa nan pwosè vèbal jij de pè a. Sa vlé di okenn jij, pèson nan lapolis pagen kanè prezidan an. Men premye paj konsta a 👇🏿:

Kidonk, kijan fè kanè Prezidan Jovenel Moïse nan men Pierre Espérance? Ki asasen ki bay Pierre Espérance kanè prezidan an? Afè jij enstriksyon Roudy Sanon kreye se yon manti nan boul figi tout moun.

Sa fè 2 gwo manti Pierre Espérance bay. Yon gwo manti sou manda ilegal ki touyé Prezidan Jovenel Moïse e yon lòt gwo manti sou kanè Prezidan Jovenel Moïse.

Bagay ki pirèd grefye Rousseau ki te mennen Jij koupyon Jean Roger Noëlcius al jwen Mario Beauvoir Tibwa disparèt. Ki kote li ye? Se sèl Pierre Espérance ki ka bannou répons a 3 kesyon sa yo.