Pa Anbasadè Stanley Lucas

Nan yon emisyon YouTube Roudy Sanon deklare Samdi 9 Mai 2026 kanè Prezidan Jovenel Moïse te konn pran nòt antan ke 58èm prezidan konstitisyonèl peyi dayiti nan men Pierre Espérance. Tande deklarasyon Sanon an, tape la 👇🏿:https://youtu.be/vS9XTnUuHg8?si=NEQqh97GOdvz3wGZ

Kanè nòt prezidan an se 1- yon dokiman sekirite nasyonal ke nenpòt kimoun pa kapab gen aksè a limenm 2- nan kad asasina prezidan an se yon pyès a konviksyon santral.

Kòman fè kanè Prezidan Jovenel Moïse rive nan men Pierre Espérance?

Lendi 11 Mai Espérance bay yon konferans pou laprès. Li bay manti ke li jwen kopi kanè nòt prezidan an sou rézo sosyo yo an 2022. Pou tande tape la 👇🏿:
https://youtu.be/-x0IFkyddF0?si=FMFjHj1A9elFxsJT

Kopi kanè prezidan an pat janm sou rézo sosyo yo. Lè tout moun ap di kanè a pat sou rézo sosyo yo, Espérance ta fè konnen jounalis Valery Numa te jwen kopi a tou an 2022. Numa demanti Esperance via jounalis Robens Telfort ki di sa nan micro verité nan emisyon 13 Mai.

Men kesyon pou Patrick Pelissier, Vladimir Paraison ak Fritz Patterson Dorval:

-Poukisa 5 jou apré deklarasyon sa yo ki montré li bay manti, kay Pierre Espérance poko pèkizisyone e Espérance poko arété?

-Poukisa komisè gouvènman pòtoprens poko ekri konpayi telefon Digicel menmjan yo te fèl pou Ariel Henry pou konnen ki kote Pierre Espérance te yé sòti 3 rive 24 Jiyè 2021 pou wè akiyès li te palé e pozisyonnman GPS moun li tap palé avèk yo?

-Poukisa lajistis ak lapolis Ayiti nan kad kowopasyon yo avèk Lèzetazini pa mandé FBI gadé telefon Pierre Espérance sòti 2016 rive 2026 sitou lè ou gadé nan fo dosye UCREF kont Jovenel Moïse lè li te kandida e tout lòt aksyon li fè kont li rive 2026 menm apré asasina a?

Eske Pierre Espérance odesi lalwa?

Silans lapolis ak lajistis dépi 5 jou montré yap pwoteje yon seri de gwo kriminèl ki enplike nan operasyon Bolivi ki touyé Prezidan Jovenel Moïse.

Eske le nesesè pa fèt paske minis jistis la Patrick Pelissier avoka òganizasyon teworis ki resevwa 175 mil dola vèt nan kad operasyon Bolivi ki touyé Prezidan Jovenel Moïse? Kòm referand gadé foto Patrick Pelissier ak Yanick Joseph e lòt dirijan òganizasyon teworis Fantòm 509, 👇🏿:

Sa deranje pèp peyi dayiti anpil dèske anyen pou fèt onivo lapolis ak lajistis nan dosyé ti kanè a. Pèp la ap gadé nou antan ke otorite lajistis ak lapolis ak anpil fristrasyon.