Pa Anbasadè Stanley Lucas

Sou foto sa 👆🏿 de gòch adwat gen Prezidan dominiken Luis Abinader, jeneral de brigad dominiken Celin Rubio Terrero, chèf sekirite Prezidan Luis Abinader ki tap kowodone ak kolonèl Mike mèsenè asasen kolonbi nan asasina Prezidan Jovenel Moïse selon revelasyon li fè nan tribinal federal Miami.

Dènye moun sou foto a se kriminèl Dimitri Vorbe ki mete gang teworis Fantòm 509, G-Pèp, gang ti makak, Izo 5 sekond ak Mikanò nan peyi dayiti.

Dimitri Vorbe volè plizyè santènn de milyon dola vèt pou leta nan bkakye nan BMPAD. Li patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e fè tantativ pou touye Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021.

Dimitri Vorbe gen 2 manda lajistis sou tèt li nan peyi dayiti. Yon manda kòm oligak volè kòb léta e yon lòt manda dépi 9 Jiyè 2021 pou enplikasyon li nan touyé Prezidan Jovenel Moïse. Men kopi manda yo 👇🏿:

Gouvènman dominiken Luis Abinader ki patisipe nan konplo pou touyé Prézidan Jovenel Moïse e destabilize ayiti ak oligak libanè ayisien ap kaché fèy kouvri sa pou pwoteje kriminèl yo. Prezans kriminèl Dimitri Vorbe Sendomeng reprezanté yon gwo menas pou Ayiti. Se yon defi a stabilite e rejim lalwa patilyèman ak restavèk li Fils-Aimé nan primati a ki mande liberasyonl.

Kowalisyon kriminèl Dimitri Vorbe gen ladanl Alix Didier Fils-Aimé, Antonio Chèramy alias Kato, Jerry Tardieu, René Momplaisir, John Joel Joseph ak Axène Joseph. Ékip sa pral ogmante volim violans gang an Ayiti. Ki jwèt Etazini ap jwé ak Ayiti?

Yon bagay ki klè anba prezidans Luis Abinader Sendomeng tounen nich tout gwo oligak kriminèl ki kreye gang Ayiti, ki nan volè leta e tout kallte trafik ak kontreband. Pami yo asasen Dimitri Vorbe ki envesti kòb ekonomi kriminèl li nan Velas Hispaniola ke Abinader tal inogire. Ou gen Gilbert Bigio ki nan Panama papers, Epstein files ak asasina Prezidan Jovenel Moïse. Kanta pou kriminèl Réginald Boulos se pa palé. Plen lòt kriminèl ayisien konsa Sendomeng. Poutan lè Abinader ap aji ak dekrè prezidansyèl se ti gang ak sapat li sible pandan lap pwoteje gwo gang a kravat ki zanmi li. Poukisa sou Abinader Sendomeng tounen yon nich gwo kriminèl? Sitiyasyon sa Sendomeng reprezanté yon gwo menas pou Ayiti menmjan a prezans esklavajis Espanol yo te reprezanté yon menas pou Ayiti nan pati est la apré endepandans nou. Pou plis detay teke la 👇🏿:
https://youtu.be/xRQG1ix71dw?si=BVITeAO3ijUxOD1T