Pa Anbasadè Stanley Lucas
Li jere léta a ak KPT a jiska 7 Fevrier 2026 kote aprésa li rété poukont li ak kabinè minis yo. Sa fè 18 mwa Fils-Aimé ap jere léta. Kisa bilan an ye?
1- 10 mil 800 ayisien mouri pa bal sou Fils-Aimé sa vlé di apeprè 600 moun pa mwa. San konte yon gwo kantite ayisien ki blese pa bal, chif ki disponib di 6 mil 500.
2- Plis pase 1100 kidnaping fèt pandan 18 mwa Fils-Aimé. Anpil fanmi sa yonki viktim kidnaping péyé ranson. Souvan gang yo vyolé viktim ki te kidnape a
3- Kantite fanm ak timoun ki vyolé pandan 18 mwa depase 1100
4- Genyen 16 masak ki fèt pandan 18 mwa Fils-Aimé a
5- Genyen 3 lopital gang yo boule pandan 18 mwa Fils-Aimé a
6- Fils-Aimé pèdi 31 teritwa an 18 mwa
7- Genyen 1 milyon 500 mil moun ki déplasé kite kay yo gang pran pandan 18 mwa Fils-Aimé a
8- Sou Fils-Aimé gen 24 skandal koripsyon kote yap detounen kòb léta ak kontra koripsyon fè mikalòw. Apeprè 11 kontra ilegal koripsyon pou 11 milya dola vèt. Yon kontra ilegal 50 an pou bati prizon e plizyè lòt kontra ilegal 10 zan pou ladwann, sekirite elatrye. Yon gouvènman pwovizwa pa kapab siyen anyen ki déplasé yon ané fiskal sa vlé di 12 mwa. Si li fè sa se yon krim finansye.
9- Selon konsèy sekirite alimantè genyen 6 milyon ayisien nan grangou. Fils-Aimé pa fè anyen pou yo
10- Fils-Aimé fè anpil vwayaj ak perdiem ki depansé aletranje san oken rezilta pou péyi a e pou pèp la
11- Fils-Aimé gentan ranvoiyé eleksyon yo pou ané pwochènn nan yon interview li fè sou radyo Kanada.
12- Apré 18 mwa Fils-Aimé pa gen oken strateji pou retabli sekirite nan peyi dayiti. Lap esayé rekipere gang ak yon pwogram amnisti menmjan Preval te fè sa ak atis pou lapè, Kato, Sanba Boukman. Rezilta yo te katastrofik pou matisan e pou péyi a. Se program sa kapral bay John Joel Joseph yon ansyen chèf de gang ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse
13- An 18 mwa Fils-Aimé depansé plis pasé 700 milya goud taks pèp la san anyen pa fèt
14- Léta ayisien absan nan pwosè asasina Prezidan Jovenel Moïse nan tribinal federal Miami
Pèp ayisien ak diaspora a bouke ak premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé ki se yon vòlè, yon enkonpetan ki nan konfyol ak gang. Pèp la pare pou voyé Fils-Aimé alé pou ramplase l pa yon lòt premye minis. Men la pa vlé oken malandren politik ki nan kasasyon, montana ou ki nan reyinyon ak OEA vinn ramplase Fils-Aimé. Pèp la ap chaché yon premye minis ki pa nan gang, ki pat nan touyé Prezidan Jovenel Moïse, ki pa restavèk oligak, ki pa pè blan epi ki gen kouraj ak kapasite pou vinn krazé 4 etaj ensekirite an Ayiti e retabli lòd konstitisyonèl. Gen apeprè 5 moun yo pansé ki ka fè travay sa korèkteman. Gen 3 an Ayiti e 2 nan diaspora a. Plizyè sondaj montré sa.