2021Gen anpil revelasyon ak devlopman ki fèt nan pwosè tribinal federal Miami kap vanse pou idantifye asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse e fè tantativ asasina Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021.
Nan faz pwosè sa rive gen 4 temwen ki tap trè itil. Lè tout moun konnen pouvwa jidisyè ak pouvwa egzekitif péyi dayiti nan men kriminèl ki touyé prezidan an e tiré madanm li, tribinal federal Miami an ofri yon gwo opòtinite pou tandé temwen sa yo ki deja etazini. Men 4 temwen ki ka itil:
Steven Benoit ansyen senatè Verite-Inite. Li te menase lavi Prezidan Jovenel Moïse ak Premyè Dam Martine Moïse. Apré asasina sou rekomandasyon CTU Steven Benoit rélé nan radyo 9 Jiyè 2021 pou bay manti pou pwoteje solda kriminèl kolonbi yo. Lap viv Nouyòk tribinal la ta dwé voyé chachél. Men 2 video koté l li te menase prezidan an ak madanm li e kote li tal bay manti sou radyo pou pwoteje kriminèl 👇🏿:
a. https://youtu.be/nIumvy0HG9c?si=87wtz9uWjEhuQGku
b. https://youtu.be/aOP3SY4SpN4?si=A_yfFqAaeGRb-WbT
Léon Charles Li te direktè jeneral lapolis lè krim nan fèt. Li deklare ke li pare poul bay plis enfòmasyon sou jan asasina prezidan an rivé fèt ansanm ak tantativ asasina sou premyè dam nan. Li fè 2 twit resan ki gen gwo revelasyon. Li di lè lajistis ak lapolis tap chaché Félix Badio an 2021-2022 Badio ki enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moïse te konn nan biwo dirèktè jeneral lapolis Frantz Elbe. Li di tou Elbe patisipe nan monte òganizasyon teworis Fantòm 509. Men kopi deklarasyon Leon Charles sou video ak 2 twit yo 👇🏿:
a. https://youtube.com/shorts/kfEW4T7eDW8?si=1f34RIU1NLnmW6ic
b. https://x.com/lcbochereau/status/2045434448481591498
c. https://x.com/lcbochereau/status/2045430986163306655
Frantz Elbe Li te kòmandan sekirite palè nasyonal USGPN sou Jocelerme Privert. Sou rekomandasyon Privert ki nan menm pati ak Ariel Henry ki kòm premye minis defakto nonmen Elbe direktè jeneral lapolis. Jodia Elbe minis konsèye nan anbasad dayiti Washington. Chèf gang Vitelhomme Innocent te deklare sou radyo Ayiti ke Elbe edel kreye òganizasyon teworis Fantòm 509. Nan tribinal federal Miami Palacios revele ke se kay chèf gang Vitelhomme Innocent yo te rété pandan 15 jou apré asasina prezidan an. Vitelhomme Innocent te gen yon wòl tou nan diferan senaryo pou touyé prezidan an. Jocelerme Privert ak Elbe se marasa. Privert enplike dirèkteman nan touyé prezidan an e tire madanm li. Gen 5 komisè lapolis ki fè pati de Fantòm 509.
Jij Gary Orelien se premye jij enstriksyon ki tap ankète sou asasina Prezidan Jovenel Moïse. Li te jwen Ariel Henry enplike jis nan kou nan touyé Prezidan Jovenel Moïse. Yon moun ki te anrejistre li lagé yon voice kote li di li jwen premye minis Ariel Henry enplike jis nan kou nan touyé Prezidan Jovenel Moïse. Apré li sòti sou dosyé a asasen yo fè 3 tantativ asasina sou li. Jij Orelien ap Viv an egzil Etazini. Men kopi voice kote li te di Ariel Henry fon nan krim nan 👇🏿:
https://youtu.be/KmVVFd8Ar5c?si=aCkr2e2mhNzV8ubv
Temwayaj 4 moun sa yo ka édé fè limyè sou plizyè aspè krim nan. Malerezman 3 jij lavalas kou dapèl pòtoprens Emmanuel Lacroix, Fremont Damesi e Denis Cyprien kap jere dosyé asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021 ap aplike yon ajanda politik pou pwoteje kriminèl yo. Jij sa yo fon nan manipilasyon ak koripsyon jidisyè. Patron kriminèl yo genyen ap esayé devlope mesaj sou radyo pou édé yo fè teyat la. Montaj la ka paka mòde malgré tout manipilasyon yap fè. Montaj Pierre Espérance, André Michel ak oligak yo te prepare nan kou dapèl pòtoprens kroke nan gòj yo.
Enfòmasyon kap sòti nan tribinal federal Miami fè asasen yo panike. Malgré yo kouri voyé kèk « jounalis » pa yo nan tribinal la pou fè gwo manipilasyon pou yo sa pa mache. Enfòmasyon kap sòti nan tribinal federal Miami tèlman rèd pou asasen yo ke yal fè yon video ak entelijans atifisyèl nan yon tantativ dezespere pou diskredite tribinal la. Yo echwé! Kòm yo paka parèt figi yo men kopi video entelijans atifisyèl yo fè 👇🏿:
https://www.facebook.com/share/v/1CZWjdRatz/?mibextid=wwXIfr
Lajistis pral triyonfe malgré kout kòb, menas violans, kidnaping, menas asasina oligak ak politisyen kriminèl mete nan lari kont tout moun kap goumen pou jistis.
Lajistis pral triyonfe malgré kontwòl asasen yo genyen sou pouvwa egzekitif ak pouvwa jidisyè.