Pa Anbasadè Stanley Lucas

Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) ak kou kasasyon ki la jodia ilegal e enkonstitisyonèl. Yo patisipe nan plizyè tantativ koudeta e nan asasina Prezidan Jovenel Moïse. Se Premye Minis Ariel Henry ki enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moïse ki nonmen yo, gadé la 👇🏿:

Jij enstriksyon Gary Aurelien apre ankèt te jwenn Ariel Henry enplike jis nan kou nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Tande jij la kap palé bay detay sou sa 👇🏿:
https://youtu.be/KmVVFd8Ar5c?si=kGDBZjteiL7Een7a

Finalman fas a lavi li ki menase Jij Gary Aurelien pral kite peyi dayiti pou pran egkzil aletranje. Oligak, politisyen, jij asasen ki patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021 pral ede Ariel Henry pran kontwòl pouvwa jidisyè a travè nominasyon nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ), kou kasasyon, kou dapèl, tribinal premyè enstans pòtoprens elatrye. Gadé la 👇🏿:

Yon jistis telegide
Menm jij enstriksyon ki pral fè ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse ki se Walther Wesser Voltaire sòti nan Verité-Inité menm pati politik ak Ariel Henry. Tout sa pou lajistis pa rive sou asasen yo .Yon odisyon kou dapèl ak Jeantèl Joseph montre se Ariel Henry, oligak yo ak kèk politisyen tankou André Michel, Pierre Espérance ak avoka Boulos la kap telegide lajistis. Pouw ka konprann pibyen tandé sa, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/7ga9b4FF6nk?si=m9tXHfx_we_TTBeT

Lajistis kowonpi a ap vire won
Depi 54 mwa pati nan lajistis ki nan koripsyon ak asasen ki touyé prezidan an e tire premyè dam nan ap vire won. Tout teyat, montaj yo prepare jiskaprezan echwe.

Rézon ki fè dosye ankèt sou asasen ki touyé prezidan e tiré premyè dam ap vire won se paske gen yon ti gwoup jij ki enplike nan asasina prezidan an. Depi 54 mwa yap fè gwo manipilasyon a travè jij Walther Wesser Voltaire epi jij Denis Cyprien aloske tribinal Florida gentan kondane a prizon avi asasen John Joel Joseph ki rekonèt li fè krim nan. Men kèk jij ki te nan koudeta e nan touye Prezidan Jovenel Moïse:

-Jij Joseph Mecène ak André Michel pou Reginald Boulos fè tantativ koudeta pou pran pouvwa an Fevrier 2021 yo echwe. Pou plis détay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/WCs0YCRtcM8?si=BUJg7et0L1-sohhV

-Jij Ivickel Dabrésil fè tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse pou oligak Vorbe 7 Fevrier 2021. Yo echwe, pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/LoOxrewRTU4?si=P9yJhRDU7bHAEdZ0

-Jij Wendelle Coq patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tiré Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://sefirot24.com/2025/12/30/%f0%9f%86%98%f0%9f%86%98asasina-prezidan-jovenel-moise-men-yon-egzanp-koripsyon-ak-enpinite-lajistis-kap-kraze-ayiti/

-Jij kriminèl kasasyon touye doktè Laurent Baugé. Frè li Pè William Baugé an Mas 2025 ki chante lantèman di se rat kay ki manje pay kay. Pou plis detay tande la 👇🏿:

Epi tape la 👇🏿:
b. https://sefirot24.com/2025/05/08/46-mwa-asasina-prezidan-jovenel-moise-yonn-nan-gwo-gang-ki-kraze-ayiti-se-nan-pouvwa-jidisye-a-cspj-e-nan-kou-kasasyon-ke-gang-sa-a-chita/

Yon nouvo pwojè koudeta
Jij kriminèl kasasyon bezwen fè koudeta ankò 7 Fevrier 2026, fwa sa ak gang teworis Viv Ansanm. Pou plis détay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/7UI9Ue5wBAg?si=awY65Bg6duJIXHc4

Fwa sa a manèv kriminèl yo p ap pase
Pierre Espérance kòmanse yon pwosesis manipilasyon temwen ozetazini. A travè avoka solda kolonbi e a travè menm manipilasyon yo te fè pou enfiltre DEA pou touyé Prezidan Jovenel Moïse yo rekòmanse ak ajan ayisien ki nan FBI. Erezman je pèp la kale fwa sa a. Manèv kriminèl yo p ap pase. Tande sa, tape la 👇🏿
https://youtu.be/wfzYoQRKLfs?si=FdAfVPVaLubDUFNX

epi apré tandé sa 👇🏿 lè yo ta pral touyé prezidan an epi yo te pran pòz DEA. Yo vle refè sa ankò, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/SgYnqAvQnkQ?si=JjxqCMnACrjGQ8tc

Kriminèl yo byen konnen solda mèsenè asasen kolonbi ki nan prizon an Ayiti ke pèp la te mare 7 Jiyè nan raje Pelerin ak Petyonvil pandan yo tap eseye sove touye prezidan an toutbon e tiré premyè dam nan. Prezidan pwòp peyi yo te konfime sa apré ankèt lapolis, entelijans militè ak lajistis kolonbi te fè. Tande konfimasyon prezidan kolonbi a depi Jiyè 2021 epi ou wè jij koken e kowonpi tankou Denis Cyprien ap fè vye manèv pou asasen prezidan an. Tande prezidan kolonbi Ivan Duque, tape la👇🏿:
https://youtu.be/OtGnBHF3lWk?si=MCG1zs_HTfdE1fcE

Kòman Lajistis fè pou rejete plent viktim yo ?
Jij kou dapèl yo tèlman kowonpi, yo rejete plent viktim yo ki se Premyè Dam Martine ak plent pitit prezidan an Joverlein Moïse. Sa k pirèd la , lajistis kowonpi a aksepte tout apèl kriminèl yo fè . Sa montré w jan Jij sa yo kowonpi. Pou plus detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/4eVDCiA1jlU?si=pYNuMyaIqThVOM0T

Kou dapèl pòtoprens ki kowonpi a pwoteje tou Pierre Espérance ki enplike nan krim nan. Se Pierre Espérance ki achte ak kòb Réginald Boulos manda ilegal nan men jij koupyon Jean Roger Noëlcius kriminèl yo itilize pou touye prezidan an e tire premyè dam nan. Gen foto tou Pierre Espérance ki patisipe nan reyinyon planifikasyon CTU Florida pou touye prezidan an. Tande jan ministè piblik kowonpi kou dapèl ap defann Espérance olye yo chache kiyès ki touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/LtsJ1GJKWB8?si=RqShIuuebZFMpfZZ

Fò k ane 2026 la pote chanjman nan lajistis an Ayiti
Tou otan asasen yo kontwòle pouvwa egzekitif ak pouvwa jidisyè lap difisil pou mare kriminèl ki touye Prezidan Jovenel Moïse. Ané 2026 la dwe yon ané chanjman pou lajistis ka blayi.