Pa AnbasadĂš Stanley Lucas

PastĂš Antoine Leroy se te yon gwo dirijan pati politik MDN ki tap kritike Prezidan Jean Bertrand Aristide nan radyo pou move jesyon kĂČb lĂ©ta li t ap fĂš. Pati MDN ki te dirijĂ© pa Hubert Deronceray te gen yon strateji progrĂš ki te chita sou inite taktik devlopman nan chak seksyon kominal. Aristide te tĂšlman wĂš pati MDN kĂČm menas li te fĂš boulĂ© lokal li 2 fwa.

20 Out 1996 Aristide voyĂ© sekirite l nan palĂš nasyonal Milien Romage touyĂ© PastĂš Antoine Leroy. Romage dĂ©bakĂ© kay pastĂš a ralĂ© l sĂČti devan lakay li ak anpil sovajeri epi bali plizyĂš bal devan madanm e pitit li e asasinen li.

Pou rĂ©mĂšsyĂ© Milien Romage pou krim sa Aristide pral chwazi e voyĂ© Romage kĂČm kandida pou depitĂ© anba banyĂš pati fanmi lavalas. An 2018 – 2021 ou pral jwen Milien Romage ankĂČ nan violans pĂ©yi lĂČk avĂšk SDP-MOPÒD AndrĂ© Michel, EvaliĂšre Beauplan, NĂšnĂšl Cassy, Kato elatryĂ©.

Jis jounen jodia mwa out 2025 lajistis poko janm fÚ Milien Romage péyé pou krim sa. Mafya jidisyÚ a ak dwazimen nan men kriminÚl yo.

28 Out 2020 Dimitri Vorbe fÚ touyé mÚt Monferrier Dorval pou frekansite. MÚt Dorval nan maten 28 Out la fÚ yon interview sou radyo magik 9, tandé la:
https://m.soundcloud.com/user-268726113/panel-magik-28-aout-2020-invite-monferrier-dorval

Gen 2 rĂ©pons li bay jounalis Robenson Geffrard ki pral kozĂ© asasina li. PremyĂ© rĂ©pons lan, mĂšt Dorval di Prezidan Jovenel MoĂŻse gen dwa fĂš rĂ©ferandĂČm nan pou chanjĂ© konstitisyon pĂ©yi dayiti. Yon bagay ki fĂš oligak ak alyĂ© yo ki nan opozisyon politik violan move anpil. Oligak yo pat vlĂ© sistĂšm pezĂ© sousĂ© ak leta ke yo kaptirĂ© chanjĂ©. Yo tout te kanpĂ© anfas Prezidan Jovenel MoĂŻse.

Opozisyon an a travĂš AndrĂ© Michel, Danton Leger elatrye te ralĂ© manchĂšt pou di yo pap kite pĂšp la votĂ© nan referandĂČm sa ki tapral chanjĂ© konstitisyon an pou rann fonksyonnman lĂ©ta pi efikas.

DezyĂšm rĂ©pons lan, aprĂ© kesyon jounalis Robenson Geffrard poze, mĂšt Dorval rĂ©ponn limenm kĂČm avoka kliyan ke li genyen pa detĂšmine pozisyon politik li. Si kliyan an bezwen yon moun palĂ© nan radyo pou li ke kliyan sa pran yon konpayi relasyon piblik pou fĂš travay sa pou li. Kliyan sa ke mĂšt Dorval genyen e tap palĂ© de li se oligak Dimitri Vorbe. An Ayiti oligak yo gadĂ© yon sosyo pwofesyonĂšl kap travay pou yo tankou restavĂšk yo ki dwĂ© swuiv yo tĂšt bese nan tout sa yap fĂš. MĂšt Dorval yon gwo entelektyĂšl ki gen karaktĂš pat nan rans sa yo. Vekse de rĂ©pons mĂšt Dorval bay nan radyo a kĂČm yon ti frĂ©kan, ti oligak Dimitri Vorbe ki pat aksĂ©ptĂ© frekansite sa fĂš touyĂ© mĂšt Dorval nan aswĂš. Nap rapelĂ© tou AndrĂ© Michel te menasĂ© mĂšt Dorval pou menm rĂ©zon an. AprĂ© krim nan lĂš lajistis tap chachĂ© yon avoka pwĂČch Dimitri Vorbe ki ta asosye avĂšk li nan krim sa, avoka sa tal kachĂ© nan peyi la France.

https://x.com/DjovanyMICHEL01/status/1851106997493497859

DwĂšt te lonje sou mĂšt Guerby Blaise yon pwotĂ©jĂ© politik Dimitri Vorbe kĂČm youn nan moun ki ta enplike nan krim nan lan. DCPJ te konvokĂ© li men jiskaprezan pagen anyen seryĂ© ki fĂšt sou dosyĂ© asasina mĂšt Monferrier Dorval. DayĂš asasen yo voyĂ© gang kase pakĂš pĂČtoprens pou fĂš dosyĂ© mĂšt Dorval la disparĂšt. Pou plis dĂ©tay gadĂ© sa: https://haiti24.net/assassinat-de-me-dorval-un-autre-avocat-invite-a-la-dcpj/

28 Out 2020 Dimitri Vorbe fÚ touyé mÚt Dorval menmjan Dimitri Vorbe fÚ touyé Prezidan Jovenel Moïse 7 JiyÚ 2021 nan Pelerin. Menmjan apré asasina Prezidan Jovenel Moïse, ti oligak kriminÚl la fÚ anpil pwopagand divÚsyon pou lajistis pa rivé sou li, Vorbe fÚ menm pwopagann divÚsyon yo nan asasina mÚt Monferrier Dorval.

Jean Bertrand Aristide, Milien Romage, Dimitri Vorbe, AndrĂ© Michel ak lĂČt asasen yo dwĂ© pĂ©yĂ© pou krim sa yo. Jodia Ayiti gen yon lĂ©ta kote asasen chĂšf e kote mafya jidisyĂš a nan men yo. RĂ©jim ki la se yon rĂ©jim kote se asasen kap Ă©kri  desizyon pou lajistis..Yon jou sa gen poul chanjĂ©. LĂš sa viktim yo ap jwen jistis. KriminĂšl yo malgrĂ© kĂČb yo lagĂ© atĂš a pap kapab efasĂ© mĂ©mwa viktim yo.