La Digicel annonce la reprise de service ce dimanche 03 mars 2024 , après plusieurs jours d’interruptions.

« Digicel ap enfome tout kliyanl, laprès e piblik la an jeneral,nan sware 2 mas 2024 sa,konpayi a te sibi yon koupi sou ensfrastrikti fib optik entènasyonal li a nan zòn li nan Dwouya ak Kazo wout Nasyonal #1an.

Fib optik sa te andomaje ak enpak katouch,koupi sa te afekte plizyè sèvis tankou entènèt (data) SMS, Mon cash ak apèl entènasyonal pou kounye a,nou kontan enfòme popilasyon a tout sèvis yo restore a 100%.

Nou eskize nou devan kliyan nou yo pou deranjman ensidan malere sa koze e nou pwofite salye kouraj ekip teknik nou yo ki te fè tout dilijans posib pou restore sèvis yo malgre tout pwoblèm aksè ki genyen nan zòn sa yo ».

Mèsi