Pa Anbasadè Stanley Lucas

Nom Jean Bertrand Aristide monte nan tribinal federal Miami kòm youn nan kriminèl ki enplike nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e nan tantativ pou touye Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Daprè yon ti plan sou planifikasyon krim nan ke yo te prezante nan tribinal la kote nom Aristide monte kòm youn nan moun ki asosyé ak CTU nan finansman asasina Prezidan Jovenel Moïse via John Joel Joseph. Aristide enplike plizyè jan krim nan.

Premyèman nan planifikasyon krim nan Aristide konekte ak John Joel Joseph, Wendelle Coq, Mario Beauvoir, Jocelerme Privert, Makington Philippe, Evalière Beauplan, Nènèl Cassy ak Mario Joseph.

John Joel Joseph se pitit politik Aristide. Se li kite reprezanté Aristide nan violans gang Site Solèy. John Joel Joseph se te chofè Amaral Duclona yon lòt chef gang site solèy ki touye òm dafè Bernard Lauture pou Aristide. Pou yon ti rapèl sou krim sa tandé Madan Bernard Lauture, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/wt9XjoIAYjY?si=V7jvFWFqpwbIqA0X

Depi John Joel Joseph nan violans politik pandan 25 lane wap jwen 3 chèf ki bali lòd ki se bòss li, Aristide, Pasha Vorbe, Dimitri Vorbe. Nan violans, boulé, krazé, brize frè dam ki toujou nan violans avèk John Joel Joseph se Kato chèf gang G-Pèp, Fantòm 509 e bòss ti makak, Renée Momplaisir chèf gang bois nèf ak Nènèl Cassy chèf gang BLTS chalon.

Madanm John Joel Joseph se sè Josue Pierre Louis ansyen komisè gouvènman lavalas ki te kase fèy kouvri sa pou Aristide ki te volè 17 milya goud kòb kowoperativ pèp la. Josue Pierre Louis te konseye Michel Martelly e li te sekretè jeneral palè nasyonal Ariel Henry te nonmen. Se Josue Pierre Louis ki apré asasina Prezidan Jovenel Moïse tap negosye ak chèf gang Vitelhomme Innocent sou sa yo te pwomèt li kòm pòs nan leta pou patisipasyonl nan touye Prezidan Jovenel Moïse.

John Joel Joseph pap rantré nan plan Bolivi pou touyé Prézidan Jovenel Moïse si li pa gen aval Jean Bertrand Aristide, Pasha Vorbe, Dimitri Vorbe ak Josué Pierre Louis.

Wendelle Coq
Se Jean Bertrand Aristide ki nonmen Wendelle Coq kòm komisè gouvènman nan vil Gonaives. Se Aristide ki bay Wendelle Coq pwomosyon kòm jij enstriksyon nan vil Gonaives. Se ankò Aristide ki mete Wendelle Coq kòm jij nan kou dapèl pòtoprens. Se Aristide, senatè Simon Desras ak senatè John Joel Joseph ki te mete Wendelle Coq kòm jij nan kou kasasyon péyi dayiti. Rezon ki fè Aristide te mété Madan Coq nan kou kasasyon se te pou bloke dosyé asasina jounalis Jean Dominique. Dosye asasina jounalis Jean Dominique chita nan kou kasasyon dépi plis ke 20 lané. Se Aristide ki te voyé Mirlande Liberus prezidan fondasyon Aristide ak 8 lòt moun pami yo Makington Philippe al touyé jounalis Jean Dominique 3 Avril 2000. Chèf sekirite Aristide ki se Oriel Jean temwaye nan kabinè enstriksyon kote li bay tout détay yo. Kòm Oriel Jean konnen Aristide tapral touyé l li fè yon interview post mortèm avèk jounalis Guyler C. Delva e mandel pou li pibliyé l si Aristide touyél. Men kopi a tape la 👇🏿:
https://youtu.be/GYNTDPp7Ugw?si=O9FXQFqhtF8OMVhy

Genyen kèk mwa desa lè jounalis Guyler C. Delva prezidan asosyasyon kap chaché jistis pou 14 jounalis yo touye an Ayiti alé nan kou kasasyon pou mandé jij yo pou yo pran yon desizyon nan dosyé asasina jounalis Jean Dominique. Kèk jou apré Jean Bertrand Aristide ak bra dwat li Leslie Voltaire ki te nan konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) voyé asasen al touyé jounalis Guyler Delva. Si jounalis la pa kouri pati kite péyi a pou ale an egzil Aristide tap fè asasinen l. Men kopi interview Delva te fè sou sa 👇🏿:
https://youtu.be/OuU2xUfwmec?si=qwZ7eyJUlYr_eFSR

Se jij kriminèl Wendelle Coq kavalye pòlka Aristide ak komisè gouvènman Gerald Norgaisse ki siyen yon dokiman ilegal pou bay solda mèsenè asasen kolonbi yon swadizan iminite ak otorite pou al touyé Prezidan Jovenel Moïse. Nom de kòd Madan Coq nan mitan solda mèsenè asasen kolonbi yo se te el Diamante. Apré krim nan yo te dwe enstale li kòm preyidan pwovizwa. Kòm premye minis te gen 3 senaryo, kenbe Ariel Henry, vini ak John Joel Joseph si sa paka maché epi Felix Badio Joseph tap jwé pa dèyè pou si 2 moun sa yo gen pwoblèm pou se li ki emèje kòm premye minis. Wendelle Coq te fon nan krim nan ak Aristide.

Mario Beauvoir gen 2 chapo. Li se avoka Jean Bertrand Aristide ak 3 lòt kolèg li, Mario Joseph, Gervais Charles ak Axène Joseph ki se yon ansyen dépite lavalas ki tap kowòdone pou SDP violans gang yo pandan operasyon peyi lòk. Se Axène Joseph ki direktè kabinè premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé jodia.

Dezyèm chapo Mario Beauvoir se zanmi Pierre Espérance e avoka RNDDH. Mario Beauvoir ki se lavalas te enplike nan tantativ touyé Prezidan Jovenel Moïse pou Vorbe yo nan abitasyon Tibwa 7 Fevrier 2022. Li te gentan sove anvan lajistis ak lapolis mété men sou li. Pwoprietè abitasyon sa se Vorbe yo ki te nan koudeta sa. Lè lapolis rive Tibwa 7 Fevrier 2021 e kòmanse arete pouchis, Mario Beauvoir vòlè fil fè e sove. Se Mario Beauvoir ki pral depoze nan anbasad meriken manda ilegal Pierre Espérance te achté nan men jij koupyon Jean Roger Noëlcius pou 30 mil dola vèt ak kòb oligak Reginald Boulos te bali. Se ak manda ilegal sa kriminèl yo pral fè tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse nan Tibwa le 7 Fevrier epi asasinenl 7 Jiyè 2021.

Apré eshèk tantativ pou touye prezidan an 7 Fevrier kòm lapolis ak lajistis te jwen manda ilegal la sou jij pouchis Ivickel Dabrésil, pou pwoteje tèt li Pierre Espérance fè jij Noëlcius ak Mario Beauvoir kouri kite péyi dayiti le 11 Fevrier 2021 al refijye Canada an pasan pa Sendomeng. Gwo asasen yo, Ariel Henry Pierre Espérance, André Michel pral itilize jij de lekip Walther Wesser Voltaire pou fè manda sa disparèt pandan enstriksyon an. Poutèt deba piblik e atik ki ékri sou krim nan, malgré tout manipilasyon, Ariel, Esperance ak André Michel, manda ilegal la reparèt nan kou dapèl pòtoprens. Lè sa rive Esperance ki wè Noëlcius ak Beauvoir ka emèje kòm temwen klé kouri monte Canada al ranjé bouch yo ak temwayaj pou yo bay. Yo rélé sa manipilasyon temwen. Se pousa lè tribinal federal Miami apre mandé Jean Roger Noëlcius temwaye via zoom li bay tribinal la manti.

Noelcius di se lavèy tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse nan Tibwa le 7 Fevrier li fè manda ilégal la. Se manti! Manda ilegal sa anrejistre nan paj 55 rejis tribinal premyè enstans pòtoprens dépi Fevrier 2019. Men prèv jij koupyon Noëlcius bay manti 👇🏿:

Dezyèman jij la di li siyen manda ilégal la paské li pat vlé yo kidnape li. Yon lòt manti ankò. Jij Noëlcius te deja resevwa 30 mil dola vèt nan men Espérance se pousa li te alèz pou monte machine grefye Rousseau lè li débaké lakay li pou al jwen Mario Beauvoir Tibwa. Lè Noëlcius rive lòtbò a manda te gentan pare li ke li siyen. Anplis de kòb li resevwa yo te pwomèt li gwo pwomosyon. Beauvoir tèlman alèz ak Espérance se li ki ranje depa li pou kanada pa Sendomeng. Se pa premye fwa Espérance ak Beauvoir te nan koripsyon jidisyè. Kèk ané anvan se Pierre Espérance ki te fè tout manipilasyon jidisyè nan dosyé 200 timoun kite mouri nan siwo anpwazone Boulos. Pou plis détay tape la 👇🏿:
https://ayibopost.com/pharval-s-a-et-plus-de-200-enfants-morts-quen-est-il-22-ans-apres/

Jocelerme Privert te minis enteryè ki te konn distribye zam nan katye popilè bay jènn lè Aristide te prezidan. Privert enplike nan masak lasiri. Koripsyon lajistis ak manipilasyon Pierre Espérance fè lajistis pat janm mété men sou li kòm sa dwa. Leta konplis pat defann dosyé a devan kou entèameriken dwa moun. Privert se restavèk oligak Vorbe yo e pwòch Aristide fanmi lavalas. Se Pasha Vorbe, Dimitri Vorbe, Reggie Vorbe ak Jean Mary Vorbe ki achté a sak lajan vòt nan palman an pou fè Jocelerme Privert prezidan pwovizwa an Fevrier 2016. Ant 2016 e 2017 Privert pral distribye zam pou réamé tout gang katye popilè pòtoprens. Privert nan politik koripsyon, pral siyen plizyè kontra koripsyon ki vo plizyè dizènn milyon dola vèt. Privert pral bay Pierre Espérance 1 milyon goud nan BMPAD e kòb nan 2 lòt biwo leta. Li pral separe pozisyon nan leta bay zanmi politik li. Pou plis détay jan separasyon koripsyon pòs léta te fèt sou Privert tape la 👇🏿:
https://youtu.be/-oKLnI9KEtE?si=UnhvwBk1QLHsHoj1

Men 2 lòt video sou jan André Michel, Nènèl Cassy ak Patrick Norame volè kòb petrokaribe sou Privert, tape sou link sa yo👇🏿:
a. https://youtu.be/6P20HfNJNnU?si=Bq5jcAV9Ihw5n0e0
b. https://youtu.be/OB4h519eM_k?si=AlUvdrS1q8HH5l-5

Kèk tan apré Jovenel Moïse prete sèman kòm prezidan konstitisyonèl peyi a 7 Fevrier 2017 pou yon manda 5 lané, li anile tout kontra ilegal Privert te siyen kòm prezidan pwovizwa. Poutèt sa Privert te fè sèman dépi 2018 lap touyé Prezidan Jovenel Moïse kanmenm. apré asasina prezidan an lè nèg épé a deklare sou video Privert te di dépi 2018 lap touyé prezidan an kanmenm e li pare pou temwaye sa devan yon tribinal Privert fè gang fizye nèg epé a. Pou deklarasyon nèg épé a sou menas Privert te fè tape la 👇🏿:
https://youtu.be/Ns8fK4ilBwE?si=XHuFP4fljIpoKamD

Makington Philippe nan penitansye nasyonal pou enplikasyon li nan touyé jounalis Jean Dominique. Kòm li pale angle ak espagnòl byen se Makington pandan li nan prizon an ke Mario Beauvoir bay yon nimewo telefon etranje pou li pran pòz Dan Withman depatman deta lè lap pale ak yon seri de moun tankou Jean Roger Noëlcius. Pati sa mande plis eklèsisman sou konbyen moun Makington ki pran pòz Dan Withman ak depatman deta rélé.

Evalière Beauplan depi 20 an toujou patisipe nan tout violans politik lavalas ap fè. Se Beauplan, Kato, Nènèl, Rica Pierre ki òganize atak gang baz Cameroun nan sena peyi dayiti. Pou plis détay sou sa tape la 👇🏿:
https://youtu.be/1arlVV19f2E?si=9SzwIiSWIhrVUjIM

Se yo ankò ki badiijonnen Sena peyi a ak matyè fekal, pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/K_gKN8S9Ttk?si=ZM761CofWmUHpdvi

Se men senatè sa yo, nèg lespri sa yo ki voyé abolocho al boulé 7 milyon dola vèt traktè, gredè, kamyon asfalt, woulo konpresè ki tap konstwui wout pou pèp la. Pou plis détay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/qMoQRcfRs4s?si=N61pNMZnqIg_zwLL

Se yo ankò ki krazé biwo sena a, pou plis detay sou sa tape la 👇🏿:
https://youtube.com/shorts/V1-OJ7rlobQ?si=CgQqMikvmTgeUqF4

Beauplan patisipe nan plizyè pati plan Bolivi pou touye Prezidan Jovenel Moïse. Li te nan pwopagand politik pré operasyonèl pou sal karaktè Prezidan Jovenel Moïse e kreye kondisyon pou touyel. Beauplan te nan tout violans politik peyi lòk. Finalman Beauplan te menase dirèkteman pou li monte kay prezidan an al touyél. Beauplan te tou nan pwopagand pòs operasyonèl sa vlé di bay manti, fè divèsyon nan radyo pou kouvri asasen apré yo touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021. Men yon ekstrè de deklarasyon e aksyon kriminèl sa, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/YEpxHcUIeyQ?si=QovLOHPzsaUAIyNS

Nènèl Cassy se yon senatè lavalas ki fon nan gang. Li pran lòd li nan men Jean Bertrand Aristide, Pasha Vorbe e Reynold Deeb. Li nan tout violans, krim e koripsyon 3 bòss sa yo. Nenel te genyen yonn gang chalon ki rele BLTS ki te nan kidnape e touyé moun. Nènèl bati yon rézo gang sòti ansavo nan nip rive mariani. Nènel distribye anpil inifòm lapolis bay gang. Se komisè gouvènman Muscadin ki krazé gang sa. Depi lè sa Nènel ap chaché revoke e touyé Muscadin. Nènel ak Youry Chevry enplike fon nan touye òm dafè Matilus Pierre. Nènel ak Youry Chevry se manb fondatè òganizasyon teworis Fantòm 509. Yo tou nan gang Izo 5 sekond ak G-Pèp. Sou prezidans pwovizwa Jocelerme Privert, Nènèl piye anpil kòb petrokaribe ak André Michel e Patrick Norame. Nènel fon nan planifikasyon asasina Prezidan Jovenel Moïse. Jodia lajistis ak lapolis Ayiti pa kapab manyen Nènèl tèlman li pwuisan. Se Nènèl ki mete Patrick Pelissier avoka òganizasyon teworis Fantòm 509 minis jistis. Nènel se konsèye premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé. Se André Michel ak Nènèl Cassy ki fè lajistis lagé Reynald Courtois Fantòm 509 malgré li touyé polisye swatt team Patrick Anozart. Lè lapolis mété avi de rechèch dèyè Nènèl, poul montré lapolis li pi chèf pase yo, li fè Fils-Aimé ak minis jistis Patrick Pelissier ranjé yon seyans spesyal pou li nan pakè pòtoprens. Apré li bay blag 10 minit ak komisè gouvènman an li alé lakay li. Suit a maskarad sa youn nan chèf gang Krisla mande Fils-Aimé poul fè menm teyat la pou li nan pakè pòtoprens. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/3shQA1Gtvw0?si=a5sNBuibMnkcMtNm

Mario Joseph se youn nan avoka ki nan tout sekrè kriminèl Aristide. Li te toujou pran pòz dwazimen li men se afè politik lavalas li tap réglé. Aristide touyél resaman poutèt li palé twòp sou asasina Prezidan Jovenel Moïse koté lal palé kozé ki pat dwé palé. Yo fè asasina Mario Joseph pase pou yon aksidan machine. Joseph te fè pati biwo avoka entènasyonal (BAI). Se Aristide ki kreye BAI pou pwoteje tèt li pa rapò a akizasyon koripsyon, asasina politik li fè, chantaj, kidnaping, trafik dwòg ak akizasyon pedofili. Li fè BAI pou pwoteje tèt li an Ayiti e aletranje e réglé zafè politik. Gen 2 kalte avoka nan BAI, ti blanmannan nayif kap goumen sou yon baz ideyolojik e anmenm tan ki gen yon fèblès pèsonèl pou ti pè a. Rézo sa konekte nan San Francisco, Massachusetts, Nouyòk e Miami. Dezyèm rezo a se avoka kap maché men nan men ak Aristide nan koripsyon, trafik dwòg, kidnaping, kap kouvri krim pou li pou yo ka rich. Rézo sa ap fè kòb ak Aristide dépi lontan. Sak ofisyèl yo ki nan move zafè toujou desanm Ayiti al pran kòb yo an cash nan men Aristide. Genyen ladan yo ke Aristide fè chantaj sou yo patilyèman sak te konn manje kòb teleco avèl. Si ou chaché atik nan Wall Street Journal wap jwen yo. Men yon lòt rézo avoka ki pa nan BAI ki te konn fè kòb ak Aristide nan Washington, tape la 👇🏿:
https://www.haitipolicy.org/Lobbying7.htm

Dezyèman volim pwopagand lobiyis ak avoka Jean Bertrand Aristide yo ap fè pou diskredite travay tribinal federal Miami pou idantifye kriminèl yo pa nòmal. Jan yap défann asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse pa nòmal tou. Genyen yon gwo towo kriminèl yap esayé pwoteje, se Aristide.

Pwopagand manti Aristide la kòmanse 10 Jiyè 2021 ak Jodson Dirogène potpawòl fanmi lavalas ki deklare nan emisyon Panorama se gouvènman ayisien an ki siyen kontra ak solda mèsenè kolonbi aloske anreyalite se madan Coq ki sòti nan lavalas la ak Gérard Norgaisse ki siyen kontra ilegal sa ak solda mèsenè kriminèl kolonbi yo. Tande Jodson kap fè divèsyon pou Aristide, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/_uTUHI08MfA?si=sV1eL3spvHTBWU5m

Dezyèman prezans Nicole Philips ki fè pati de rézo lobiyis e avoka ki nan òganizasyon biwo avoka entènasyonal (BAI) Aristide kreye ak Ira Kurzban, Brian Concannon ki abitye pwoteje koripsyon ak krim pè e fè fo rapò dwamoun pou défann lavalas konfime enplikasyon dirèk Aristide nan asasina prezidan an. Le fè ke Aristide touyé Mario Joseph youn nan avoka (BAI) paskél tap pale twòp ak lòt moun sou dosyé asasina sa se yon lòt endikatè. Rézo kriminèl lavalas fè asasina Mario Joseph pase pou yon aksidan machine.

Lè anpil moun ap gadé strateji Nicole Philips kap mandé ougan temwaye epi ki fè video entelijans atifisyèl sou asasina prezidan an pou kreye konfizyon, tout moun wè se Aristide ki pè li pa al anbakòd pou krim sa. Pou gen yon lide de kantite moun Aristide touyé deja pran san w li lèt senatè Irvelt Chery te voyé bay komisè gouvènman peyi dayiti pou mande arété Aristide pou krim finansye, kidnaping e krim de san li fè. Pou li lèt sa tape la 👇🏿:
https://www.haitian-truth.org/senateur-irvelt-chery-lettre-ouverte-17-novembre-2000/

Nom Aristide parèt an dola kòm gwo zotobre ki finanse krim nan. Jiskasprezan gwo kòb oligak ak politisyen bay pou touyé prezidan an kaché pa dèyè. Avoka temwen ki sòti Equateur kap travay pou CTU fè konnen Didier Séide te gen pou li kolekte kòb pou asasina nan men 11 gwo fanmi Petyonvil.

Yo pale sèlman de reyinyon planifikasyon pou touyé prezidan an ki fèt an Ayiti e Florida. Yo pa pale ditou de plizyè reyinyon ki fèt Puerto Plata Sendomeng ant Gilbert Bigio e plizyè libanè-ayisien ki bay kòb pou touyé Prézidan Jovenel Moïse. Men kopi 2 video. Premye a se detektif dominiken Angel Martinez ki di konbyen vwayaj Bigio fè Puerto Plata pou planifye asasina prezidan an. Depi lè sa Prezidan Luis Abinader ki gen Gilbert Bigio kòm bòss li ap esayé diskredite e detwui Angel Martinez. Dezyèman video a se ansyen senatè Edo Zenny nan emisyon ki ki di li konn ki bank Sendomeng ki resevwa kòb yo envesti pou touyé prezidan an e ki bank Ayiti ki voyé kòb sa. Pou tande 2 video sa yo tape sou 2 link sa yo:
a. https://youtu.be/xRQG1ix71dw?si=w2422Jv1EL12Vedk
b.
https://youtu.be/hYrYlQWvqWk?si=Qbdkarq22DvWpro5

Sakpirèd gen nouvo enfòmasyon ki sòti nan tribinal federal Miami ki montré chèf sekirite Prezidan dominiken Abinader tap kowòdone ak kriminèl CTU e kolonbi ki touye prezidan an. Genyen yon pèsepsyon tribinal la ap esayé kaché détay sou kozé grav sa.

Youn nan bagay ki klè gen omwen manb 5 pati politik ki enplike ak oligak yo e 3 ansyen prezidan Aristide, Privert, Martelly ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Pati ki enplike nan krim nan se Verite-Inite, lavalas, SDP-MOPÒD, Pitit Dessalines ak PHTK. Ou jwen 2 motif komen kay aktè politik sa yo ak oligak yo ki enplike nan krim nan.

Premyè bagay yo tout gen an komen se piye léta. Refòm ekonomik Prezidan Jovenel Moïse tap fè nan kouran, vann e achté gaz, konstwui wout, kòb rézo telefon 4 G, kontra ladwann e nan leta anjeneral kote li te gentan koupé tou 23 mil shèk zombi. Ototal se 1 milya 200 milyon dola vèt kontra koripsyon plis shèk yo prezidan an te koupé. Tout sektè ki patisipe nan touyel se poutèt kòb léta yo patka volè ankò. Se pousa wap jwen tout asasen yo ou reprezantan yo nan gouvènman Ariel Henry rive sou Fils-Aimé an pasan pa KPT. Yo tout rekòmanse volè leta apré asasina prezidan an. Oligak yo reprann tout kontra prezidan an te koupé. Dimitri Vorbe mete yon anplwaye Sogener Eroll Morose direktè jeneral EDH apré asasina prezidan an. Pasha Vorbe mété yon kouzen Aristide minis travo piblik. Yap koupé rache nan ministè sa. Kontra APN siyen pou 29 lané pou Edouard Baussan ak Stephane Coles. Vorbe & Fils jwen aewopò vil okay. Gagòt la toupatou. An 57 mwa asasen yo krazé 5 milya dola vèt nan kès léta e yo siyen pou 11 milya dola vèt kontra ilegal.

Dezyèman antant an kriminèl yo se ekate pèp la de desizyon ekonomik, politik e sosyal andedan léta dayiti. Se sa yo fè dépi prèske 58 mwa. Tout desizyon kap pran nan tèt léta a dépi 58 mwa se anfavè oligak ak politisyen ki restavèk yo. Blan globalis kowonpi ap fè anpil kòb tou.

Travay pou maré asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse pa yon travay fasil. Rivé maré kriminèl tankou Jean Bertrand Aristide ki patisipe nan krim nan pa yon travay fasil. Men pèp ayisien se yon pèp ki abitye goumen pou jistis, libète ak diyite li. Lap jwen rezilta lap chaché a.