Depi plizyè jou, yon gwo mouvman transfòmasyon ap fèt nan komin Taba kote Meri Taba ansanm ak Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) mete tèt yo ansanm pou bay zòn nan yon lòt aparans. Soti lendi rive dimanch, ekip yo sou teren an ap travay san pran souf pou amelyore enfrastrikti yo, fasilite sikilasyon, epi pote plis diyite nan lavi sitwayen yo. Malgre defi jewografik ak limit espas la, detèminasyon yo rete fèm pou reyalize chanjman tout moun ap tann nan.
Inisyativ sa a montre yon volonte klè pou sèvi tout moun san okenn diskriminasyon. Kit ou rich oswa pòv, kèlkeswa koulè po w oswa ran sosyal ou, sèvis yo fèt pou rive jwenn ou menm jan ak lòt yo. Se yon apwòch ki mete egalite ak jistis sosyal nan sant aksyon piblik la, pandan li ranfòse konfyans ant otorite yo ak popilasyon an. Ekip k ap travay la parèt kòm yon staff solid, òganize, e angaje pou bay rezilta konkrè.
Sepandan, pou efò sa yo bay tout ji yo, kolaborasyon popilasyon an rete esansyèl. Otorite yo lanse yon apèl ak tout sitwayen pou sipòte travay k ap fèt yo, pwoteje enstalasyon yo, epi patisipe nan kenbe pwòpte ak lòd nan komin lan. Se ansanm, nan solidarite ak angajman kolektif, Taba ap kapab vin pi bèl, pi modèn, epi yon modèl devlopman pou lòt komin nan peyi a.
Administration, Politique, sécurité publique
Taba ap chanje figi li : Meri Taba ak MTPTC angaje yo san pran souf pou sèvi popilasyon an