Pa Anbasadè Stanley Lucas

Nan dat 16 mas 2026, Tribinal Siprèm Ameriken refize yon demand imedya administrasyon Prezidan Trump pou mete fen a TPS pou plizyè santèn milye Ayisyen. Olye de sa, Tribinal la pwograme agiman oral pou fen mwa avril 2026 pou revize tantativ administrasyon Trump lan pou mete fen a pwoteksyon sa. Anmenm tan kou siprèm kenbe TPS an plas pou kounye a.

Enpak imedyat:
Desizyon an vle di benefisyè ayisyen ki gen TPS yo ka kenbe estati legal yo ak otorizasyon travay yo pandan dosye a annatant nan kou siprèm. Men kopi desizyon an: https://media.cadc.uscourts.gov/orders/docs/2026/03/26-5050Final.pdf

Haiti #TPS