Nan yon moman kote Ayiti ap chèche nouvo referans ak lidè ki gen kredibilite, non Nader PÉTION monte ak fòs nan mitan jèn yo, asosyasyon ak divès mouvman sitwayen atravè peyi a. Anpil ladan yo wè nan li yon patriyòt angaje ki toujou rete kole ak reyalite pèp la. Depi kandidati li nan eleksyon 2015 yo, li te deja montre volonte li pou sèvi peyi a ak diyite. Pou anpil jèn, chwa li kòm « Secrétaire d’État aux Collectivités Territoriales » se pa sèlman yon nominasyon, men yon siy espwa pou fè politik yon lòt fason.
Plizyè òganizasyon kominotè, gwoup jèn ak asosyasyon pwofesyonèl fè konnen yo ta swete wè Nader PÉTION jwenn pòs la, paske yo kwè nan onètete ak entegrite li. Dapre yo, li se yon lidè ki toujou rete pre baz la, ki koute, ki konprann, e ki pataje vizyon yon devlopman ki soti nan kominote yo pou rive nan nivo nasyonal. Yo konsidere li kòm yon moun ki gen kapasite pou ranfòse kolektivite teritoryal yo, bay yo plis valè ak plis efikasite nan sèvis popilasyon an.
Jèn yo espesyalman santi yo konsène, paske Nader PÉTION toujou montre li kwè nan potansyèl jenerasyon kap vini an. Li pa janm sispann ankouraje patisipasyon jèn yo nan lavi piblik ak nan desizyon ki konsène avni peyi a. Pou anpil nan yo, li reprezante modèl lidèchip ki baze sou prensip, vizyon ak lanmou pou peyi. Rete an Ayiti pandan dènye ane difisil yo se yon prèv angajman ki pa bezwen anpil diskou.
Se poutèt sa, vwa ap leve toupatou pou mande otorite yo pran an konsiderasyon aspirasyon sa yo. Selon plizyè mouvman sitwayen angaje, mete Nader PÉTION nan tèt « Secrétariat d’État aux Collectivités Territoriales » yo ta yon desizyon saj ki ka kontribye nan ranfòsman bon gouvènans ak jistis sosyal. Pou anpil obsèvatè, sipò sa a montre klèman ke li pa sèlman yon kandida, men yon lidè anpil moun dispoze mache dèyè pou konstwi Ayiti yo reve a.