Oligak asasen gwoup blakawout Vorbe ki finanse nan pati Verite-Inite ki touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire premyè dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021 gen kontwòl pouvwa ekzekitif a travè premye minis Alix Didier Fils-Aimé ki se ansyen kandida senatè lwès Verite-Inite pou lwès menmjan ak Antonio Chèramy e Jocelerme Privert kandida sena depatman Nip ki enplike nan krim nan. Kòm twou manti pa fon an tandé a travè 2 link sa yo:
1- https://youtu.be/Ns8fK4ilBwE?si=AXpHeu65BEfWuVpu
2- https://youtu.be/S7Es0UOJpFA?si=GX5H_aVUiAO3Axzs

Gadé foto 2 nan éléman Verite-Inite sa yo ki enplike nan touyé Prezidan Jovenel Moïse ki nan reyinyon nan primati ak Alix Didier Fils-Aimé nan primati. Pa bliye se avoka pèsonèl Fils-Aimé ki se Patrick Pelissier ki minis jistis. Pelissier te avoka mouvman teworis Fantòm 509 lè yo tap krazé brize sou Prezidan Jovenel Moïse ⬇️:

Prezidan Jovenel Moïse te resevwa anpil menas lanmò poutèt li te deside koupé yon seri de gwo kontra koripsyon kote oligak kowonpi tap peze souse plizyè santènn milyon dola vèt nan leta nan kouran, achté vann gaz, konstwui wout, telefon mobil 4G, ladwann, fwontyè elatrye. Men 3 prèv kote prezidan an tap pale jan oligak tap chache touye l poutèt kontra kowonpi kouran li koupé. Tape sou 3 lyen sa yo:
1- https://youtu.be/-XX6dPFE4IQ?si=InvWhYpqKAQP5utE
2- https://youtu.be/XTQKFy9GL1s?si=LcTK3OKvamcblPz5
3- https://youtu.be/zJM2vhHbRYU?si=9E3TKJyPfn3lV4gu
Plizyè tantativ koudeta ki echwe fèt pou touye Prezidan Jovenel Moïse.
Tantativ koudeta Réginald Boulos ki te remèt Joseph Mecène Jij koupyon kasasyon bay André Michel ak Youri Latortue pou elimine Prezidan e pran pouvwa. Pou konfime teape la ⬇️:
https://youtu.be/WCs0YCRtcM8?si=cyTlneuVCOskkLlY
Tantativ koudeta pa oligak Dimitri, Jean Mary ak Pasha Vorbe pou touyé Prézidan Jovenel Moïse nan abitasyon yo nan Tibwa ak jij koupyon kasasyon Ivickel Dabrésil, enspektris jeneral lapolis Marie Louise Gauthier e kòmandan USGPN Dimitri Hérard. Kòm pouvwa jidisyè te enplike nan koudeta sa, apré lapolis arété 17 kriminèl ki te nan kou a kou dapèl kowonpi lagé yo. Pou konfime koudeta sa tandé konvèsasyon sa ant Enspektris jeneral lapolis Gauthier ak kòmandan USGPN Dimitri Hérard, teke la ⬇️:
https://youtu.be/4mqdjN6A1mY?si=8REmhTaFh9GRlDgX

Apré eshèk sa yo Oligak kriminèl ak politisyen asasen al fè reyinyon planifikasyon pou touyé Prézidan Jovenel Moïse nan CTU Florida ak nan Puerto Plata Sendomeng. Pierre Espérance patisipe nan reyinyon CTU yo ki te fèt Florida. Men foto li ⬇️:

Se Gilbert Bigio ki òganize reyinyon planifikasyon pou touyé prezidan an ki fèt Puerto Plata Sendomeng. Gen plizyè libanè ayisien ki patisipe nan reyinyon sa yo. Detektif dominiken Angel Martinez konfimé sa. Pou tandé tape sou lyen sa ⬇️:
https://youtu.be/xRQG1ix71dw?si=H7xiT7T5rMef-RCJ
Dépi 9 Jiyè 2021 lajistis ak lapolis te gentan voyé manda dèyè oligak Dimitri Vorbe, Reginald Boulos, Jean Mary Vorbe, Jerry Tardieu elatrye pou enplikasyon yo nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Men kopi manda yo ⬇️:


Jij Gary Aurelien te gentan jwen premye minis Ariel Henry ki sòti nan pati politik Verite-Inite ke Vorbe yo finanse enplike jis nan kou nan touyé Prezidan Jovenel. Tandé odyo kote Jij enstriksyon Aurelien ap bay détay sa yo ⬇️:
https://youtu.be/KmVVFd8Ar5c?si=RAX9tBWXR1f21MJd
Lè oligak yo, politisyen kriminèl ak Ariel Henry wè jan lajistis ak lapolis ap rivé sou yo pou asasina an e tantativ pou touye premyè dam nan yo deside yap pran kontwòl pouvwa jidisyè a pou lajistis pa rive sou yo kòm kriminèl. Pou bloke e manipile ankèt sou asasina prezidan an Ariel Henry nonmen Bertho Dorce, avoka Dimitri Vorbe, minis jistis. Aprésa toujou pou bloke ekstradisyon John Joel Joseph de Jamaique e manipile ankèt sou asasina prezidan an, Ariel Henry pral nonmen 6 moun pal nan konsèy pouvwa jidisyè e 8 jij pal nan kou kasasyon. Men 3 lyen pou verifye sa, teke la ⬇️:
1- https://vantbefinfo.com/haiti-justice-ariel-henry-installe-les-nouveaux-membres-du-conseil-superieur-du-pouvoir-judiciaire-cspj/
3- https://rezonodwes.com/?p=331025
Se poutèt kontwòl total asasen yo genyen sou lajistis ki fè ankèt jij koupyon Walther Wesser Voltaire sou asasina prezidan an se André Michel, Ariel Henry ak avoka Boulos ki ékri rapò koripsyon jidisyè sa. Menmjan tou yo pran kontwòl jij koupyon kou dapèl Denis Cyprien pou fè montaj ak manipilasyon pou yo.
Pou chita montaj ak manipilasyon sa yo gen kèk malandren yo péyé pou voyé monte, fè pwopagand manti pou yo nan radyo pou fè divèsyon. Men twou manti pa fon. Pwopagand manti pa kapab pwoteje konplis asasen.
Nan mwa Septanm 2021 nan rapò ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse, DCPJ te jwen se chofè pati politik Pitit Dessalines ki tap kondwui machine pou solda mèsenè kolonbi ki touye prezidan an e tire premyè dam nan. Yo te jwen tou se John Joel Joseph ki te lwe machine yo.
Lajistis Florida gentan kondane John Joel Joseph ki sòti nan lavalas, Verite-Inite poul pasé rès vi li nan prizon. Eske se Jean Pierre Bailly ki te bay chofè Pitit Dessalines sa yo ki tap kondwui machine pou solda kolonbi yo kòm gwo responsab e pòtpawol pati a kel te ye alepòk?
Nan yon moman koté ayisien ap viktim depòtasyon toupatou kijan otorite yo fè tolere yon sitwayen kanadyen, Jean Pierre Bailly, ki nan tout kalte violans ak koudeta pou destabilize Ayiti? Gadé video sa pou konfime li kanadyen, tape la
Kiyès ki Jean Pierre Bailly?
Li se yon sitwayen kanadyen. Li tèlman pabon menm frè li ki vann Pizza Petyonvil te sòti yon nòt pou laprès pou dezavoué misyé. Nan nòt sa ki te pibliye yo di sa ti vakabon Jean Pierre Bailly ap fè nan lari pòtoprens pa angaje fanmi Bailly. Sa montré ou Jan misyé se zenglendo. Pwòp fanmi li dezavoué misyé.
Gadé jan lap fofile
Jean Pierre Bailly te nan Pitit Dessalines ak Moïse Jean Charles. Bailly te patisipe nan yon pakèt akt violans politik lè li te nan pitit Dessalines. Aprésa li rantré anba opozisyon radikal a pou simaye violans pandan péyi lòk kote yo boulé 17 komisarya lapolis, 23 maché piblik ak machandiz ti machann. Yo te boulé tou tribinal, meri, lekòl ak machine malere nan lari pòtoprens. Bailly yon sitwayen kanadyen te rantré nan plizyè tantativ koudeta kasasyon jiskaske yo touye Prezidan Jovenel Moïse. Apré asasina prezidan an Bailly, André Michel elatrye Al rantré anba jij kasasyon, kou dapèl, jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire pou fè rapò kowonpi sou asasina prezidan an pou pwoteje oligak ak politisyen kriminèl.
Nan 9 tantativ koudeta ki tap prepare le 7 Fevrier 2026 Bailly tap prepare koudeta ak jij kou kasasyon Lesly Jules. Yo te bezwen pran pouvwa poutèt dosyé asasina Prezidan Jovenel Moïse la kroke nan gòj yo malgré tout manipilasyon ak magouy jidisyè yo fè pandan 55 mwa.
Jis jounen jodia Bailly ap touché nan men kèk oligak ki touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021 pou fè montaj manti, divèsyon ak teyat sou YouTube e nan radyo. Jou gen leta espyon kanadyen sa ap péyé pou tout krim li fè Ayiti.