Pa Anbasadè Stanley Lucas

Anvan dat 7 Fevrier 2026 te gen 9 tantativ koudeta andedan enstitisyon leta. Sa vlé di te gen 6 tantativ koudeta andedan pouvwa jidisyè a (1 CSPJ, 1 OPC, 1 Koudèkont, 1 Primati, 2 KPT, 3 jij kasasyon ki te vle prezidan ki vinn tounen 5,) epi koudeta Montana ki te gen youn nan 5 jij kasasyon yo. Ototal te gen 10 koudeta ki te prepare pou 7 Fevrier. Responsab pouvwa jidisyè a pa janm di yon mo sou deriv jij kasasyon ki te nan koudeta. Pou plis détay sou koudeta sa yo teke la ⬇️:
https://sefirot24.com/2026/02/04/%e2%9b%94%f0%9f%91%86%f0%9f%8f%bf%f0%9f%91%80men-list-tantativ-koudeta-sistem-nan-ap-pare-pou-7-fevrier-2026/

Nan 10 tantativ koudeta sa yo peyi etazini apiye Fils-Aimé epi CARICOM ki tap jwé yon jwèt ki pa klè te bay enpresyon yo te nan koudeta Montana epi aladènyè minit kore Fils-Aime tou. Gadé sa ⬇️:
https://sefirot24.com/2026/01/31/tantativ-koudeta-ak-koripsyon-caricom-se-yon-menas-pou-ayiti/

Finalman se koudeta Fils-Aimé a ki rete chita sou chèz la 7 Fevrier kòm premye minis defakto.

Jodia kowalisyon ki gen pouvwa egzekitif la nan men li se oligak reyaksyonè ki nan gwoup macaya, gwoup blakawout, kèk nan oligak gwoup de Boudon ak restavèk politik yo ki nan Lespwa, Verite, Inite. Nan jesyon pouvwa egzekitif, gen yon maswuife kap tann kowalisyon sa nan 120 jou kap vini la.

Yon lòt bò kowalisyon koudeta Montana ki genyen Aristide, Leslie Voltaire ak lavalas ladanl deja pran wout violans. Yo kontwòle 60% nan gang teworis Viv Ansanm. Premye koté Aristide pral destabilize péyi a se andedan lapolis avèk sendika yo (Synapoha, SPNH-17) epi òganizasyon teworis Fantòm 509 pou yo ka pwoteje baz gang yo, tcheke la ⬇️:
https://levoiciinfonews.com/2026/02/12/le-synapoha-alerte-sur-la-precarite-des-policiers-haitiens/

Aprésa mesyedam lavalas sa yo pral rantré nan boulé maché ak tout lòt kalte violans. Gadé sak gentan rivé maché Cluny Okap. Leslie Voltaire menase péyi lòk nan Vandredi nan Samdi maché a boulé. Eske se yon konyensidans oubyen yon mesaj politik? Gadé ⬇️:
https://youtube.com/shorts/gfszwCE_Ex8?si=re1Xa16jZuMecnbo

An gadé ki kote Ayiti sòti pou rive kote nou ye la jodia.

Prezidan konstitisyonèl péyi dayiti Jovenel Moïse tap krazé yon sistèm koripsyon peze souse nan leta ki te pèmèt oligak kowonpi e kriminèl volè chak ané nan leta 300 milyon dola vèt nan blakawout, 350 milyon dola vèt nan achté e revann gaz, 400 milyon dola vèt nan telefon mobil, 100 milyon dola vèt nan wout, 80 milyon dola vèt ladwann elatryé.https://youtu.be/zJM2vhHbRYU?si=iDNPAfg97AfOXfHS

IApré li koupé plizyè nan gwo kontra koripsyon sa yo, Prezidan Jovenel Moïse resevwa gwo menas lanmò nan men plizyè oligak kowonpi e kriminèl. Men 3 référans ⬇️:
a. https://youtu.be/-XX6dPFE4IQ?si=XQOj0YA9VR7_38T1
b. https://youtu.be/XTQKFy9GL1s?si=twOD2aRJS-Bv0b4E
c. https://youtu.be/bFFMiIfrna0?si=kQUQZ3IcOHwldByx

7 Jiyè 2021 oligak, politisyen kriminèl touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Lajistis dépi 9 Jiyè 2021 mete manda dèyè oligak Dimitri Vorbe, Réginald Boulos, Jean Mary Vorbe, Jerry Tardieu pou enplikasyon yo nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Men kopi manda yo ⬇️:

Lè asasen yo wè lajistis ap maché sou yo, yo monte yon konplo pou kontwòlé pouvwa egzekitif la ak Ariel Henry kòm premye minis ki enplike nan touye prezidan an, verifye la ⬇️:
https://youtu.be/KmVVFd8Ar5c?si=139l_qFkPeQwikgU

Lè li rivé nan primati a, Ariel Henry fè 6 nominasyon nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ) e 8 nan kou kasasyon pou pran kontwòl pouvwa jidisyè a, verifye la ⬇️:
a. https://lenouvelliste.com/article/240971/le-gouvernement-nomme-huit-nouveaux-juges-a-la-cour-de-cassation
b. https://www.facebook.com/story.php?story_fbid=2063949000448667&id=100064560616982

Pa bliyé pouvwa jidisyè a enplike tou nan plizyè tantativ koudeta kont Prezidan Jovenel e nan touyé l tou. Pouvwa Jidisyè a pran rezolisyon pou fè tantativ koudeta. Jij Jean Roger Noëlcius fè manda ilégal kapral sèvi pou touyé prezidan an sou lòd Pierre Espérance. Jij Joseph Mecène ak Ivickek Dabrésil fè 2 tantativ koudeta an Fevrier 2021. Jij Wendelle Coq patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021. Dépi asasina prezidan an e tantativ pou touye premyè dam, gen yon rézo jij mafia kap pwoteje kriminèl yo. Pou verifye teke la ⬇️:
a. https://youtu.be/WCs0YCRtcM8?si=zTYwHBHRRf9IuvPF
b. https://youtu.be/LoOxrewRTU4?si=fMQWMTd9RsDKYtlY
c.

Dépi 55 mwa lajistis ap viré won nan dosyé asasina prezidan an e tantativ asasina sou premyè dam nan poutèt gen jij ak dwazimen Pierre Espérance ak kèk gwo palto ki enplike nan gwo krim sa. Dépi gen moun ki palé de asasen ki komèt krim sa yo, yo touyé yo. Men 2 egzanp moun kriminèl yo touyé ⬇️:
a. https://youtu.be/Rd8xZrptU4M?si=r_eiEPLBW3pkm38o
b. https://youtu.be/Ns8fK4ilBwE?si=QB-GyzoC_Y0C6z9R

Apré krim nan asasen yo fè gwo manèv pou kenbe pouvwa a. Apré goumen pete antre yo, yo sèvi ak gang yo pou voye Ariel Henry ale. Aprésa yo ranjé yon kabann koudeta an Avril 2024 kote yo kreye yon bèt 7 tèt ki rélé KPT konsèy prezidansyèl tranzisyon.

Premye minis Conille tonbé nan lese fwapé ak KPT ki tap pwoteje gang e ki nan koripsyon.

Nan kòmansman mwa Novanm 2024 Anbasadè Stanley Lucas nan yon interview avèk Louko Desir nan emisyon Matin Débat li te fè konnen ke premye Garry Conille tapral tonbé si li pat pran yon seri de gwo desizyon kont otorite leta ak oligak ki te nan destabilize Ayiti paske kawo pèmanan bon pou yo. Lucas te ajouté ke tou otan KPT a la pa tap gen oken bagay serye ki ka réglé réglé pou pèp ayisien paske ekip sa fon nan gang ak nan koripsyon.

Finalman kisa ki pase? Conille pat pran gwo desizyon li te dwe pran, malè rive l. Conille tonbé nan fen mwa Novanm 2024 kote konsèy prezidansyèl tranzisyon revoke l. Kont ki te pete avèk Conille se paske manb KPT yo te nan koripsyon e tap pwoteje gang.

Tandé sa Anbasadè Lucas te anonsé anvan sa te rive ⬇️:

Poutan si komisè gouvènman an te arete 3 brakè BNC yo (Smith Augustin, Gerald Gilles, Emmanuel Vertilaire) pou koripsyon ak Leslie Voltaire ki gen manda dèyèl pou trafik dwòg, Conille tap la toujou. Malè rive Conille paske pandan li gen rapò ULCC nan men li, lal koute ansyen senatè ki fè pati de sistèm nan olyé li aji. Nan politik gen de moman ou pa raté. Senatè sa yo ki sabote Conille gentan rantré anba Fils-Aimé.
Gadé dokiman manb fondatè Inite yo wa konprann:
a.
https://solutionshaiti.blogspot.com/2010/07/haiti-inite-les-freres-ennemis-et-la.html?m=0

b. https://solutionshaiti.blogspot.com/2009/12/acte-constitutif-de-lunite-et.html?m=0

Politisyen kameleyon péyi dayiti ki nan move zafè pa jwe. Gade ekstrè atik sa. Kelly Bastien ki te nan violans péyi lòk ak gang, jodia li gentan anba Fils-Aime ⬇️:

Lè Fils-Aimé rantré nan primati an Novanm 2024, Anbasadè Lucas te fè konnen ke tou otan KPT a ki nan gang pa krazé, tou otan rézo gang a kravat ki nan primati a pa krazé, tou otan pa gen atak dirèk ki fèt kont oligak, lidè politik, ansyen palmantè, dwazimen ak jij ki nan gang pap gen anyen serye ki kapab réglé nan zafè sekirite ak lòt dosyé leta nan peyi dayiti.

Alepòk li te di tou Fils-Aime nan gang dépi lè li te kandida pou sena lwès kòm kandida pati politik Verite-Inite. Dayè lè li rive nan primati a Fils-Aimé débaké ak Axène Joseph ansyen depite lavalas ki fon nan gang ke li mété chèf kabinè. Se Axène Joseph ki tap kowòdone aktivite gang pou SDP-MOPÒD sektè swadizan demokratik ki boulé 23 maché piblik a machandiz ti machann, ki boulé 17 komisarya lapolis, boulé 8 meri, 7 tribinal, plizyè lekòl e anpil machine malere nan lari pòtoprens.https://youtu.be/FsVDKWe6sJ4?si=qFeH51fthkP1R9by

Fils-Aime débaké nan primati a ak plizyè towo ki fon nan violans gang, Antonio Chèramy alias Kato, Nènèl Cassy, Renée Momplaisir, Wilner Joseph. Rézo sa yo konekte ak gang teworis Fantòm 509, gang G-PÈP, Krisla, Didi, Ti makak e yon branch nan Viv Ansanm. Fils-Aimé mete tou kòm minis jistis avoka pèsonèl li, Patrick Pelissier ki te avoka òganizasyon teworis Fantòm 509. Men sa Anbasadè Lucas te di gen 15 mwa desa ki tounen reyalite jodia an Fevrier 2026 ⬇️:
a.
https://youtu.be/da5KMrMtEDo?si=BOTNSvnKu7WOKnCa

b. https://youtu.be/yjtYEHUWErE?si=ARPqqTvFyEFYov8L

Jodia, Alix Didier Fils-Aimé fè fas a yon reyalite ki pi malouk ke Garry Conille e pi malouk ke Ariel Henry. Bagay ki rann manèv politik Fils-Aimé konplike tout gwo towo ekip politik Preval ankadre l. Jocelerme Privert, Jean Max Bellerive, Ariel Henry elatrye. Rézo oligak reyaksyonè Preval ki nan gwoup blakawout Vorbe yo ki finanse Lespwa, Verite, Inite, rézo oligak reyaksyonè 2.0 ki nan gwoup macaya e nan konsèy administrasyon bank lunyon la tou. Se oligak 2.0 yo ki achté jòb la pou li nan men manb KPT. Eske nan mitan reken sa yo Fils-Aime ap ka naje pou sòti? Nan diskou 7 Fevrier a Laurent St Cyr gentan lagé 2 pi mango. Li di politisyen tradisyonèl yo ap bati yon konsansis aloske li byen konnen ke konstitisyon an pa pèmèt mete yon prezidan pwovizwa si pa gen palman. Dezyèm PO mango a li mande yon dialòg kapral kochon Fils-Aimé ⬇️:

Eske Fils-Aimé ap fini menmjan ak premye minis Ariel Henry e Garry Conille oubyen eske lap ka pran desizyon difisil nan 21 jou kap vini la pou naje pou sòti?
Eske lap ka rapòte arete Ariel Henry te pran pou mete moun ilegalman nan CSPJ e nan kasasyon e voyé yo alaretrèt epi ramplase yo pa jij enterimè menmjan tranzisyon 2006 la te fè sa kont jij kasasyon ki te nan koudeta ak koripsyon? Kominike 8 Fevrier 2021 mèt Renée Sylvestre prezidan pouvwa jidisyè e prezidan kasasyon di klèman jij pa dwe nan politik. Si yo vle fè sa yo dwe demisyone. Nan yon atik li pibliyé 8 Fevrier Anbasadè Stanley Lucas di kòm gen 5 jij kou de kasasyon te nan tantativ koudeta 7 Fevrier yon bagay ki kont lalwa, jij yo dwe demisyone oubyen revoke. Mesyedam CSPJ ki te nan koudeta tou, ki pat janm di anyen anvan ki wè yo ka pèdi jòb yo tou kouri sòti yon kominike pou di jij dwe gen yon konpòtman diskrè. Men kopi atik Anbasadè Lucas ak kominike ipokrit CSPJ ⬇️:
https://sefirot24.com/2026/02/08/jij-kasasyon-joseph-lebrun-jocelyne-casimir-barthelmy-altenor-lesly-jules-ak-frandy-philemon-dwe-demisyone-ou-revoke/

Eske lap ka pran rezolisyon an konsèy dè minis pou deziye plizyè dizènn gang a kravat e sa sapat kòm teworis? Eske lap ka pran yon dekrè pou kreye yon tribinal spesyal pou jije teworis?

Dayè lè Fils-Aimé dérapé le 7 Fevrier 2026 chay lap poté sou do l te deja lou. Bilan pasyèl 15 dènye mwa li pasé nan primati a katastròfik. Pou plis detay sou bilan sa gadé la ⬇️:
https://sefirot24.com/2026/02/08/bilan-pasyel-15-mwa-didier-fils-aime-kom-premye-minis-pandan-lavalas-ap-pare-nouvo-koudeta/

Mach de manèv Fils-Aimé limite. Sakpirèd si sa konfimé ke li gen nasyonalite ameriken lap otomatikman pèdi jòb la yon minis ap monte otomatikman nan plas li kòm premye minis. Li pòsib ke se minis ki nan koudeta elektoral 2009 la Paul Antoine Bien-Aime. Men pòs kote Fils-Aimé te nan yon akademi militè ameriken nan Florida ki fè moun ap di li chanjé nasyonalité se sitwayen ameriken li ye. Gadé la ⬇️:
https://www.facebook.com/share/p/1Grjyc42EG/

Si li aji kont gang a kravat e a sapat lap jwen espas pou vanse. Si li pa rive fèsa lap tonbé nan 90-120 jou. Si sa rivé gwo kesyon an se kiyès kap ramplase Fils-Aime kòm nouvo premye minis kòm konstitisyon an pa pèmèt mété prezidan pwovizwa lè pa gen palman?

Pou plis detay sou sa teke la ⬇️:
a. https://youtu.be/j-0cqjMpMKw?si=JQIDAIY-bO3zc8iu
b.
https://youtu.be/BJJoa571bwA?si=gHTp7oLavUAcNz7f