Didier Fils-Aimé fè yon diskou 7 Fevrier 2026 kote li palé tankou yon moun ki fèk nonmen premye minis. Lè pèp la tande pawòl ki sot nan bouch li, se kòmsi li pat premye minis pandan 15 mwa ki sot pasé la. Kòm pèp la pa egare men yon ti bilan pasyèl nan ki katastròf Fils-Aimé lagé péyi dayiti pandan 15 mwa li te chita nan primati a:

-600 ayisien touyé pa bal chak mwa. Total 9 mil ayisien asasinen pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis;

-400 moun blese pa bal chak mwa pandan Fils-Aimé premye minis. Total 6 mil ayisien blese pa bal pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis;

-70 kidnaping pa mwa. Total 1050 moun kidnape pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis;

-Ant 250 e 400 fanm ak timoun vyolé pa mwa pandan 15 mwa Fils-Aimé. Omwen 5 mil fanm ak timoun vyolé pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis;

-14 masak fèt pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis;

-3 lopital boule pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis;

-31 teritwa pèdi anfavè gang pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis;

-Gen 1 milyon 500 mil ayisien ki kouri kite lakay yo poutèt violans gang pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis;

-17 skandal koripsyon pandan 15 Fils-Aimé premye minis;

-6 milyon ayisien nan grangou pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis. Okenn mon cash, okenn manje pa distribye bay pèp ki nan grangou;

-Plis ke 700 milya goud léta depansé nan koripsyon pandan 15 mwa Fils-Aimé premye minis;

-Pandan 15 mwa nan primati a Fils-Aimé, Axène Joseph lavalasien ki chèf kabinè li, tap kowòdone ak Patrick Pelissier e André Michel pou pwoteje oligak ak politisyen asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse.

Lè pèp la gadé bilan 15 mwa katastròf Fils-Aimé, yo kwè li ta dwé kouri demisyone pou 9 mil ayisien gang a kravat e gang a sapat touyé sou lidèchip li. Fils-Aimé ak manb KPT yo te kreye gang sa yo pou fè violans peyi lòk.

Men lè Leslie Vòlè, Gerald Gilles, Vètilè, Leblanc, Augustin, St Cyr pa gen okenn respè pou pèp la, enstitisyon péyi dayiti. Yo pat gen karaktè pou al fè wout yo. Se pouvwa sèlman yo wè menmsi se pou manje dechè blan. Se pouse yo pouse do yo. Pèp la rayi moun sa yo ki gen yon konpòtman malfra nan tèt léta a ki pi mal ke bèt ki toujou pwoteje parèy yo.

7 Fevrier 2026 apré koudeta li fè Fils-Aime pwomèt li pral fè mirak. Pèsonn pa kwè yon mo nan diskou sa. Pèp la deja konnen tout se vòlè. Tandé sa ⬇️:
https://youtu.be/vqDeR8P0Jmk?si=H95wXIH1bgmMnwRe

Pèp la toujou di apré bal tanbou lou. An afè pa dòmi di. Wap kouri pou lapli ou tonbé nan larivyè. Kesyon an apré koudeta 7 Fevrier a kiyès ki deja tonbé nan larivyè?

7 Fevrier yo retire chèz palè anba dèyè ti odasye Leslie Vòlè ki gentan rekòmanse nan koudeta. Pandan 22 mwa anndan KPT a Leslie Vòlè lavalas tap kore gang e te fon nan koripsyon pandan lajistis te gen yon manda dèyè l pou trafik dwòg. Pa bliyé lavalas kontwòlé 60% nan gang Viv Ansanm.

Leslie Vòlè pandan li te nan KPT a, limenm ak Aristide fè tantativ pou touye jounalis Guyler Delva poutèt li tal mande kou kasasyon pran desizyon final nan dosyé asasina jounalis Jean Dominique. Yon jij kasasyon enfòme Aristide ak Voltaire de demand jounalis la fè. Se pousa Delva manké mouri anba bal lavalas menmjan ak Oriel Jean.

Leslie Voltaire ak lavalas gentan ap pare yon nouvo koudeta ak pouchis Montana yo. Li deziye tèt li nan yon nouvo KPT ak Charles Tardieu e jij koupyon Jocelyne Casimir yon ti restavèk oligak gwoup de Boudon ak lavalas. Charles Tardieu se yon lavalas ki te minis edikasyon e pwòch militè CNG yo. Li se tonton ansyen depite Verité-Inite nan petyonvil Jerry Tardieu ki enplike nan touye Prezidan Renée Preval ak Prezidan Jovenel Moïse. Pa bliyé Ariel Henry jij enstriksyon Gary Aurelien enplike jis nan kou nan asasina Prezidan Jovenel Moïse sòti nan pati politik Verite-Inite menmjan ak Fils-Aimé. Gadé 2 référans sa yo ⬇️:

Fas a pouchis sa yo ki vle kenbe Ayiti nan kawo pèmanan pou ke apré yo se yo nan tèt léta a.

Pèp la dwé deside kisa li pral fè ak kriminèl sa yo nan 90-120 jou lè kriz pral reparèt pirèd e lè nouvo tantativ koudeta pral rekòmanse. Fòk pèp la pare pou mande asasen sa yo ak vòlè sa yo redisyon dè kont pou sa yo fè Ayiti 55 mwa apré yo touye Prezidan Jovenel Moïse.