Pa Anbasadè Stanley Lucas


Sistèm sa kap peze souse, kidnape, boule, krazé zo, touyé prezidan, krabinen pèp, vyolé souverenete Ayiti la dépi 40 an. Oligak yo se mèt sistem sa. Yo mete nan enstitisyon leta ti restavèk politik kap defann enterè yo pandan yap maspinen pèp la. Eske 7 Fevrier 2026 ou vle krazé sistèm sa ki la dépi 40 an?

Pèp la wè anba tout manb KPT yo ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aime. Pèp la konnen yo tout nan gang e tout nan volè kòb leta ak oligak. Pou verifye sa tandé la 👇🏿:
https://youtube.com/shorts/AHGYFINhfJA?si=Qi8kj4RfOPKsmtIW

Se pousa lè Leslie Voltaire ak Edgard Leblanc ap pran pòz nasyonalis li pèp la pa okipe yo. Pèp la sonjé se CARICOM yo tal chache pou bay panzou e pran pouvwa a. Pèp la di tou pandan 24 mwa ki sot pase eske se pat gang yo tap soutire nan voyé militan Dickson Oreste poté 100 milyon goud bay chef gang Viv Ansanm yo? Eske yo tout se pa volè yo tap volè léta? Men 2 ti rafrechi memwa pèp la voyé bay malandren KPT yo ak Fils-Aimé, pou tandé teke la ⬇️:
a. https://youtu.be/FCnz3eTjNX0?si=x-DHQ6eiDks_lq69
b. https://youtu.be/SPmmciS-1wo?si=G-T6pwEPMpo8ke-z

Vandredi 23 Janvye nan konferans pou laprès li te fè Leslie Voltaire te di an daki si 5 manb KPT a ki revoke premye minis Alix Didier Fils-Aimé pa ramplase l pa yon nouvo premye minis e nonmen yon nouvo gouvènman ak yon prezidans, violans péyi lòk pral retounen. Tande la ⬇️:
https://youtu.be/aIeZiy4E38M?si=48-L6mlFEnus8SZn

Nan lannwuit Samdi 24 pou rive dimanch 25 Janvye yon branch nan lavalas boulé maché Cluny Okap. Gadé la ⬇️:
https://youtube.com/shorts/gfszwCE_Ex8?si=45RS6u8Sj4kP5yOy

Nan lendi yo tiré sou yon elikoptè wouj ki tonbé krazé. Aristide ak lavalas deside yap pran wout violans pou pran pouvwa. Pa bliyé Aristide kontwòle 60% kowalisyon gang Viv Ansanm. Li gen plizyè batayon gamg kap pwoteje li e fè aksyon pou li. Pami batayon gang Aristide kontwòle ou jwen: lanmò 100 jou, Jeff Canaan, Vitelhomme Innocent, Chen Mechan, Mikanò, Izo 5 sekond elatrye. Kidonk lè Aristide pa anba fè kominike pou di yo desolidarize ak Leslie Voltaire manb yo te voyé nan konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) se manti. Se jwèt ipokrit ak divèsyon kap fèt. Pa okipe jwèt blòf sa. Aristide, Leslie Voltaire ak Pasha Vorbe ansanm nan menm operasyon violans Viv Ansanm pou kenbe pouvwa létahttps://sefirot24.com/2026/01/25/5-manb-konsey-prezidansyel-tranzisyon-ayiti-ap-goumen-ak-laurent-st-cyr-e-premye-minis-fils-aime-pou-kenbe-pouvwa-leta-le-7-fevrier-eske-pep-la-dako/

Aprésa sòti 28 pou rivé 29 Janvye Leslie Voltaire fè yon lòt enteviou nan televizyon dominiken kote li di an daki si ameriken yo kontinye ap kore Fils-Aime poukont li pral gen violans an Ayiti. Tande la ⬇️:

Leslie Voltaire poko finn di sa chèf gang Didi ataké vil Kenscoff ak Fò Jacques kote yo touyé plis pase 10 moun e boulé plizyè kay.

Aristide, Leslie Voltaire, Pasha Vorbe retounen nan violans politik yo te konn fè pandan peyi lòk ak gang yo. Men yon video rafrechi memwa sou bilan 4 an violans péyi lòk lavalas ak opozisyon radikal la te fè sou pèp la ak gang pandan Jovenel Moïse te prezidan ⬇️ :
https://youtu.be/FsVDKWe6sJ4?si=IUp-gbmOQGsUoF7W

Yon lòt fwa pa bliye 60 pousan nan gang Viv Ansanm kontwòlé pa Aristide, Leslie Vòlè (nom pèp la bali) e Pasha Vorbe.

Pa bliyé Leslie Voltaire te konn jere gang pou Aristide lè li te chèf kabinè li. Voltaire gen yon manda dèyè l pou trafik dwòg ke Jij Lamarre Belizaire siyen. Jij Lamarre Belizaire konfimé sa nan 2 entéviou li fè sou radyo mega e sou radyo eclair. Tande 2 ekstrè sa yo ⬇️:
a. https://www.facebook.com/story.php?story_fbid=1189092143222405&id=100063648913072
b. https://youtu.be/eEhZLynjT_4?si=VB_CEwKzitU46qeg

Gen 2 mwa desa Leslie Voltaire ak Aristide te fè tantativ touyé jounalis Guyler Delva paské li te mande kou kasasyon pou li pran desizyon final nan dosye asasina jounalis Jean Dominique. Men kopi interview Guyler sou tantativ asasina sa:
https://youtu.be/OuU2xUfwmec?si=Jahrkvo883zhiiYz

Pa bliyé 94% dilè dwòg DEA arete nan peyi dayiti se asosyé politik Jean Bertrand Aristide yo te yé nan Fanmi lavalas. Responsab DEA Javier Pena ki touyé Pablo Escobar gwo chèf katèl dwòg kolonbi fè konnen Jean Bertrand Aristide te konn resevwa plizyè tònn dwòg kokayine nan men Pablo Escobar pou voyé Etazini. Li di yo tapral arété Aristide. Men detay konvèsasyon sa, teke la ⬇️:
https://youtu.be/lETvLisi8T0?si=IYi_0Ct4SIUSQL_v

Jan jwèt la make san si Aristide, Leslie Voltaire ak Pasha Vorbe kontinye mennen Ayiti nan wout violans sa yo ka viktim.

Se fas a sitiyasyon jeneral sa 7 Fevrier 2026 ap rive sou tout moun. Kòm konstitisyon péyi dayiti pa pèmèt mete yon prezidan pwovizwa lè pa gen palman solisyon ideal e konstitisyonèl se ta 7 Fevrier enstale yon premye minis tout nèf ki pa nan gang, ki pa nan touyé Prezidan Jovenel Moïse, ki pa pè oligak, ki pa pè blan e ki gen kouraj ak konpetans pou krazé 4 etaj gang a kravat e gang a sapat nan péyi dayiti. Sèl jan sa ka rivé se si pèp la pran lari pou rekipere pouvwa li oligak ak politisyen kriminèl te volè 7 Jiyè 2021 apré yo touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse.

Si pèp la pa pran lari se goumen enstitisyonèl andedan leta ant politisyen e oligak ak blan dèyè yo kapral detèmine sou ki bò rapò de fòs la pral chita pou kenbe ou renouvle pouvwa. Pa bliyé gen 9 tantativ autogolpe sa vlé itilize 9 enstitisyon leta pou chak gwoup fè koudeta pa yo. Andedan KPT a gen 2 tantativ koudeta. Nan pouvwa jidisyè a gen 6 tantativ koudeta, 3 nan kasasyon, 1 nan CSPJ, 1 nan OPC, 1 nan koudèkont epi oligak yo ki nan tout gen koudeta pa yo. Nan tantativ koudeta sa yo gen oligak ak politisyen ki apiye sou Caricom e gen lòt ki apiye sou Washington pou kenbe pouvwa, pou plis detay teke la ⬇️:
https://sefirot24.com/2026/01/31/tantativ-koudeta-ak-koripsyon-caricom-se-yon-menas-pou-ayiti/

Si se senaryo sa ki ateri, gwoup ki genyen twazyèm mitan match politik sa apré 7 Fevrier ap tèlman fragilize nan je opinyon piblik nasyonal ak diaspora lap tonbé pi mal ke Ariel Henry nan 45 a 90 jou apré yo pran pouvwa a. Yo twò fon nan gang e nan koripsyon ke yo pap kapab jere tout kontradiksyon ki pral fwape yo nan figi.

Anbisyon toujou touye rat. Kreyòl pale kreyòl konprann. Lagè avèti pa touye kokobe. Ayiti se tè glise. Se lè ou pile chen ou konn si li konn mòde.