Pa Anbasadè Stanley Lucas
Sistèm KPT fini, li bout, li kaba men yo vlé rete rèd tankou ke makak
Gen 40 lane desa, le 7 Fevrier 1986 pèp la levekanpe li krazé yon sistèm ki te la dépi 29 lané. Depi 54 mwa gen yon sistèm peze souse violan ki touyé yon prezidan konstitisyonèl dayiti pou pran kontwòl pouvwa ekzekitif ak jidisyè. Yon ti tan apré éléman ki fè pati de sistèm sa sèvi ak gang yo pou voyé konpayèl yo premye minis Ariel Henry ale. Gen 24 mwa desa sistèm nan kreye yon konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) ki pa nan konstitisyon péyi dayiti kote 7 prezidan nan volè, nan gang, brakaj e tout kalte move zafè.
Gen 15 mwa desa apré KPT a revoke premye minis Gary Conille paske li tap pran twòp endepandans, manyen koripsyon epi kòmanse tape gang yo ak lame e lapolis. Apresa yo delivre Alix Didier Fils-Aimé yon lòt konpayèl yo nan primati a.
Règleman sistèm sa yo kreye oblije KPT a alé 7 Fevrier e yo pa kap ni renouvele ni prolonje prezans yo nan tèt léta dayiti. Malgre tout yo kanpé rèd tankou yon ke makak ki vlé rete nan tèt pouvwa leta.
Alfred Métellus yon kandida Anba fèy anatandan lavalas Simon Desras nonmem
Kèk jou anvan 7 Fevrier pati politik fanmi lavalas (, Aristide, Pasha Vorbe, Leslie Voltaire), PHTK Martelly, Line Balthazar) ak kèk oligak kap maché ak 5 manb KPT (Voltaire, Leblanc, Gilles, Augustin, Jean) siyen yon rezolisyon pou revoke premye minis Alix Didier Fils-Aimé pou yo ka kenbe pouvwa a travè nominasyon yon nouvo prezidans, yon nouvo premye minis, yon nouvo gouvènman apré 7 Fevrier 2026.
Anatandan yo vle mété kòm premye minis a.i. Alfred Metellus minis finans ki sou lòd kèk manb KPT ak oligak te réfizé péyé kòmand zam lapolis ak lamé te fè nan mwa daou ki sot pasé a. Pa anba Leslie Voltaire ap rale lavalas ki nan plizyè sektè politik ak enstitisyon pou gadé si yo ka fè yon panzou pa grapiyaj. Pa egzanp li rale lavalas ki nan Montana, li sèvi ak kouzine li ki se yon bon moun pou rale 4 nèg nan OPL, li rale lavalas nan kasasyon, CSPJ elatrye pou fè yon koudeta lavalas pou pran pouvwa a. Jwèt sa make san.
Jwèt la te deja konplike, Laurent Saint-Cyr bloke l pi rèd
Kowòdonatè KPT a Laurent St Cyr réfizé voyé rezolisyon revokasyon an nan jounal ofisyèl péyi dayiti pou piblikasyon. Li di desizyon sa menase stabilite politik peyi dayiti nan yon lèt trè long li ekri. Depi lè sa bagay yo bloke. Men kopi lèt la 👇🏿:


Èske Leslie Voltaire bay avètisman ki tounen reyalite nan maché Cluny yo boulé Okap?
Pandan konferans pou laprès ak Edgard Leblanc (OPL) vandredi 23 Janvye, Leslie Voltaire (lavalas) konfime revokasyon Fils-Aimé (Verite-Inite) e li ajouté nan yon mesaj vwale si yo pa kite yo menm 5 manb KPT a revoke Fils-Aimé e fè ranplasman yo vle nan tèt léta a, yap retounen peyi dayiti nan violans peyi lòk. Nan lannwuit Samdi pou rive Okap maché Cluny gentan boulé. Koyensidans? Aksidan oubyen operasyon politik? Sak etranj jounalus an France Satellite509 k ap travay pou Youri Latortue gentan lonje dwèt sou Moïse Jeanchal? Sa etranj anpil. Tande menas peyi lòk Leslie Voltaire a la 👇🏿:
Pèp la pa bliye anbyans vyolans an ki te genyen tout ane sa yo
Pèp la sonjé tout violans gang vakabon politik sa yo ki nan KPT a te fè sou yo, sou fanmi yo pandan peyi lòk lè yo te kanpé anfas Prezidan Jovenel. Lavalas, Verite-Inite, SDO-MOPOD elatrye te boulé 23 maché ak machandiz ti machann. Yo te boulé 17 komisarya lapolis ak gang yo, 8 meri, 7 tribinal te boulé. Kòm koudeta péyi lòk yo tap fè pou oligak yo pat maché, 7 Jiyè 2021 yo touyé Prézidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse pou yo te ka pran pouvwa a. Men yon ti rafrechi memwa sou violans péyi lòk opozisyon radikal lavalas, Pitit Dessalines, SDO-MOPOD, Verite-Inite elatrye te konn fè sou pèp la, teke la 👇🏿:
https://youtu.be/FsVDKWe6sJ4?si=7CVni9nfevMBbg9k
Pèp la sonjé tou relasyon KPT a genyen ak gang yo via Dickson Oreste pandan 24 mwa kote yo t ap fè san pèp la koulé nan katye popilè a travè plizyè vil péyi a yo livré. Plizyè manb ki nan KPT sa te konn voye Dickson Oreste poté kòb léta bay plizyè chèf gang Viv Ansanm. Lè dosyé sa tonbé nan radyo selon yon doktè ki bay detay yo sou radyo, KPT a fè Nènèl Cassy touyé militan Dickson Oreste ke l te bay randevou nan otèl Kinam.
Yon lòt bò oligak diferan chanm komès péyi dayiti, reprezantan yo nan KPT a Laurent St Cyr ap kore premye minis Fils-Aimé. Men kopi kominike yo pibliyé 👇🏿:


Jocelerme Privert yon lòt bò, blan kominotè entènasyonal la ap kore Fils-Aime ke yo ta renmen rete poukont li nan tèt léta apré 7 Fevrier. Privert rale atik 149 konstitisyon péyi dayiti poul pran pozisyon sa. Men kopi deklarasyon Jocelerme Privert sou dosyé sa 👇🏿:
Gouvènman ak anbasad meriken an Ayiti pibliye bò pa yo plizyè twit malouk. Anbasad Kanada ak inyon euwopeyen fè kominike pa yo tou. Anbasad meriken di éléman ki nan KPT yo fon nan gang. Yon bagay pèp ayisien konnen dépi epòk violans péyi lòk. Men kopi twit anbasad meriken ak lòt otorite gouvènman meriken nan dosyé sa 👇🏿:
a. https://x.com/usembassyhaiti/status/2014150518990414336
b. https://x.com/USEmbassyHaiti/status/2014494491491606677?s=20
c. https://x.com/deputysecstate/status/2014168302705062017
d. https://x.com/usembassyhaiti/status/2014757416986976757
Oligak a rézo politik restavèk yo ki nan KPT e nan gouvènman sa fon nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tiré Premyè Dam Martine Moïse. Yo fon tou nan gang, nan trafik zam, nan trafik dwòg, trafik ògann, kontreband, kidnaping elatrye.
Si ou gen dout premye minis Fils-Aimé nan .gang gadé dènye video Krisla te fè sou Fils-Aimé ak Nènèl Cassy apré reyinyon ki te fèt pou retire avi rechèch lapolis dèyè Nènèl nan pakè pòtoprens. Pou tandé teke la👇🏿:
https://youtu.be/3shQA1Gtvw0?si=XvznKClPWUwCkzTF
Strateji KPT a : kenbe pouvwa a pou evite prizon
Toulède bò yo ap fè gwo menas. Bagay ki lèd e tris se lè wap li nòt pou laprès ak interview ékip ki rélé tèt yo Jovenelis ki gen Smith Augustin ki siyen rezolisyon pou revoke Fils-Aimé epi anmenm tan kap chache pwoteje Fils-Aime. Kisa Jovenelis yo ap fè nan mitan yon rézo kriminèl ki nan gang e nan touyé Prezidan Jovenel Moïse? Sa grav! Sanblé gen 2 ladan yo ki rayi Jovenel paske prezidan an te réfizé nonmen yo premye e minis edikasyon paske yo gen nasyonalite franse. Men kopi nòt Jovenelis yo pibliyé, ansanm ak lèt Smith Augustin voyé bay Laurent St Cyr gadé la 👇🏿:


Sakap régle la se:
a. kenbe pouvwa
b.Garanti enpinite pou gwo krim ekonomik e krim de san ki fèt nan peyi dayiti pandan atoufè sa yo ap dirije leta.
c. Ekate pèp la de pwosesis politik la
Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Gerald Gilles volè yon pakèt kòb nan bank nasyonal kredi (BNC) pandan yo nan KPT a. Kou dapèl pòtoprens nan desizyon li te pran te di mesyedam sa yo dwe al jije apré yo pa nan KPT a ankò. Eske ou konprann sa?
Pierre Espérance mété deyò mesaj WhatsApp enspektè DCPJ bali kote Edgard Leblanc tap kominike ak Magalie Habitant sou zafè gang. Dosyé sa pral nan lajistis. Eske ou komprann?
Leslie Voltaire gen manda lajistis dèyè l pou trafik dwòg jij Lamarre Belizaire te siyen. Tèt li chajé. Nan jwèt koken sa fanmi lavalas pandan li nan pouvwa KPT a (Leslie Voltaire, Gerald Gilles) e nan gouvènman Fils-Aimé a kote yo gen ministè travo piblik ak ministè sante piblik, yap pran pòz yo pa nan anyen. Tout pati politik ki gen reprezantan nan KPT a ak gouvènman Fils-Aimé a di yo lagé reprezantan yo ki pa tande yo nan nòt piblik yo pibliyé kont yo nan laprès. Poutan an reyalite yap koupe rache kòb léta ak reprezantan yo genyen nan KPT e gouvènman an.
Men nòt ipokrit rat mòde soufle fanmi lavalas pibliye pandan yap koupe rache nan leta a e nan gang yo kote Aristide kontwòle 60 pousan nan kowalisyon teworis Viv Ansanm. Men nòt la 👇🏿:
Depi mesyedam sa yo pa nan KPT a ankò kòd lajistis ap rantré nan tèt yo.
Sou lidèchip KPT a nan tèt léta a pandan 24, gang a kravat e gang a sapat yo touyé 600 ayisien pa mwa. An 24 mwa gang sa yo touye 14 mil 400 ayisien. San konte kidnaping, viòl ak moun ki blese pa bal.
Si yo pa nan KPT a ankò fanmi viktim yo ka rélé nan tribinal. Yo pa kapab kite sa rive paske yo ka kondane epi lajistis gen dwa mandé yo péyé gwo dedomajman. Fòk yo kenbe pouvwa a pou garanti enpinite.
Menm bagay sa ka rive Fils-Aimé kote 9 mil ayisien asasinen pa bal pandan 15 mwa lap dirije primati a. Li menm di li te okouran alavans gang yo tapral ataké vil Kenscoff e li pa fè anyen pou pwoteje pèp la. Pandan Fils-Aimé premye minis gen 14 masak ki fèt e gen 3 lopital ki boulé. Dosyé koripsyon Fils-Aime a pi long ke grand rue.
Mesye sa yo gen sou tèt yo anpil dosyé krim. Jou yo pa chèf ankò yo pral gen gwo pwoblèm devan lajistis e ak popilasyon an. Fòk yo kenbe pouvwa pou jwen pwoteksyon.
Pandan goumen sa ap fèt gen lòt koudeta kap pare. Pierre Espérance bezwen fè koudeta ak CSPJ e OPC. Pierre Espérance bezwen pouvwa poul proteje tèt li nan dosyé asasina Prezidan Jovenel Moïse e nan plizyè dosyé masak kote li manipilé plizyè ofisye jidisyè pou objektif politik li genyen ak pou kòb.
Kasasyon gen 3 koudeta ladanl ak 3 Jij diferan. Yo tèlman nan goumen antre yo pou pouvwa se yo ki touyé doktè Laurent Baugé et mèt Aspil Magloire paske li te denonse Jij kowonpi e kriminèl ki patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse. Nan lantèman doktè Laurent Baugé frè li William Baugé ki se yon pè katolik te deklare se rat kay kap manje pay kay. Men 2 ti rafrechi memwa, gadé la 👇🏿:
a. https://youtu.be/Rd8xZrptU4M?si=UjsC88ZoA_7W3ZmM
b. https://youtube.com/shorts/lVX5CRsptlU?si=a2nex6BBTbBFNJ-o
koudèkont gen yon koudeta tou yap pare. Oligak yo ki gen pyé yo no an tout lòt koudeta yo gen pwòp koudeta pa yo. Oligak yo jiskaprezan toujou woule nan farine ti politisyen nan farine k ap maché manké. Se pousa Edo Zenny te kontan anpil lè tout pouvwa politik peyi dayiti tonbe nan men oligak, tandé la 👇🏿:
https://youtu.be/l1GlQ0a00YY?si=IyDG-hE8BpHucsr3
Sistèm nan péyé kèk radyo pou fè divèsyon pou yo pou dosyé sa pa analize byen anfavè yon levekanpe pèp ayisien. Gen anpil nèg politik kap chaché manje kapral pran move kou nan men KPT, Fils-Aime ak oligak yo.
7 Fevrier 2026 se sèl yon levekanpe pèp la ki ka sove Ayiti menmjan sa te fèt an 1986.