Kriminèl yo gangrennen pouvwa jidisyè
Lajistis kowonpi jis nan mwèl nan peyi dayiti. Kriminèl yo gen kontwòl 40% pouvwa jidisyè a. Jou ki te 13 Oktòb 2025 kou dapèl pòtoprens anile òdonans ak rapò jij koupyon e kowonpi Walther Wesser Voltaire. Gade la: https://lenouvelliste.com/article/260792/assassinat-de-jovenel-moise-la-cour-dappel-annule-lordonnance-du-juge-voltaire-et-designe-le-magistrat-cyprien-pour-poursuivre-linstruction

Walther Wesser Voltaire ak André Michel te dwe nan prizon
Metadata rapò Jij Walther Wesser Voltaire montre ke se André Michel ak 2 lòt moun ki ekri rapò ak òdonans sou asasina Prezidan Jovenel Moïse pou jij Voltaire. Sa se yon krim. Jij sa te dwe revoke e arete ansanm ak André Michel. Poutan sa pa fèt.

PoukisaPierre Espérance voye asosye l kache Kanada?
Aristide vekse de desizyon kou dapèl pran pou anile rapò ak òdonans jij la. Se pa sèlman Aristide desizyon sa bay pwoblèm. Pierre Espérance tou fache anpil e trè enkyè de desizyon sa paske manda ilegal ki te itilize pou touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse reparèt nan kou dapèl pòtoprens aloske li panse yo te disparèt ak konkou Jij koupyon Voltaire. Pa bliye se Pierre Espérance ak Mario Beauvoir ki te fè Jij Jean Roger Noëlcius siyen manda ilegal sa. Apresa Esperance te voye Noëlcius ak Beauvoir al kache nan peyi kanada. Men kopi manda ilegal sa ak lèt ki te depoze anbasad meriken ⬇️:

Aristide , Pierre Espérance ak Leslie Voltaire : 3 moveje k ap avili demokrasi nou an
Yon bò, apre desizyon kou dapèl pran 13 Oktòb Aristide ak Leslie Voltaire fè gwo presyon sou 2 Jij lavalas yo Emmanuel Lacroix ak Denis Cyprien pou yo ka pèsekite Martine Moïse. Yon lòt bò Pierre Espérance gen anpil montaj lap fè nan kou dapèl tou e nan CSPJ kont Joverlein Moïse ak Martine Moïse. Finalman jij yo aksepte swuiv lòd Aristide bayo. Nouvèl la soti nan yon ajans laprès lavalas kontwòle, gade ⬇️:
https://www.rhinews.com/actualites/assassinat-du-president-moise-la-justice-retient-des-indices-graves-contre-lex-premiere-dame-lex-premier-ministre-et-lex-chef-de-la-pnh/

Lajistis nan labou
Plis magouyè sa yo ap manipile jij se plis y ap montre jan yo enplike nan krim sa. Demachè sa yo, magouyè sa yo, asasen sa yo enplike fon nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Pa bliye John Joel Joseph ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam la se pitit politik Jean Bertrand Aristide. Se Aristide ki mete li nan gang. Lè sa li te chofè chèf gang Amaral Duclona bwa dwat gang Aristide. John Joel Joseph rekonèt nan tribinal Florida li touye prezidan an e tire premyè dam nan. Se pousa li plede koupab e kondane pou pase lavi li nan prizon. Aristide ak Pierre Espérance sanble pè yon nouvo enstriksyon. Poukisa?

Antouka asasen lajistis Florida gentan kondane nan asasina Prezidan Jovenel Moïse montre klèman ki kote krim nan sòti. Montaj, fabrikasyon ak pèsekisyon politik pa prale oken kote. Lajistis ap triyonfe kanmenm. Bagay ki trayi nèg yo nèt nouvèl sa sòti nan yon jounal lavalas. Kijan fè jounal lavalas la gentan gen tout enfòmasyon sa yo aloske arè poko sòti ni pibliye okenn kote e okenn moun ki konsène yo pa resevwa arè. Lajistis nan labou serye. Anpil moun ap poze kesyon eske Ariel Henry nan jwèt koken sa?

Anpil moun andedan peyi dayiti e nan diaspora a te wè jij kou dapèl yo te nan koken apre yo te anile plent Joverlein Moïse kont asasen yo poutèt yon resepise. Pèp la sonje tou lè ansyen premye Martine Moïse te depoze plent kont kriminèl yo lè li tale temwaye devan jij enstriksyon Gary Aurelien. Lè ou depoze yon plent nan tribinal pou w retire l oubyen deziste fòk ou voyé yon lèt notarye pousa. Pou montre ou jan jij lavalas kou dapèl yo koken yo di premyè dam nan deziste aloske de pa vre. Nan menm jwèt koken sa Jij kowonpi sa yo aksepte tout papye apèl kriminèl yo ki touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Sa grav! Sistèm enjistis sa ka pwoteje kriminèl dwe kraze pou sekirite, lapè ka tounen e pou demokrasi ka boujonnen