Ékip Montana ki édé fè koudéta 3 Avril 2024 ki kréyé KPT a e mété sou koté konstitisyon péyi dayiti pou yo té ka pran pouvwa e piyé léta bezwen rété nan tèt péyi a apré tout mové kou yap bay pandan plis pasé yon lané. Ted Saint Dic, Magalie Comeau ak Ginette Chérubin ap fè manèv pou wè si OEA ka mété yo nan tèt léta dayiti pou ranplasé Fritz Jean nan KPT e Fils-Aimé nan primati a. Pawòl ékip kowonpi lavalas sa ap bay nan radyo vid épi yap énèvé pèp la. Pèp la bouké a blofè kowonpi sa yo kap chaché tou pa yo pou sousé manmèl léta. Yap palé de rupture poutan sé oligak Reynold Deed ak kèk oligak gwoup makaya ki finansé pou akò Montana te fèt a kèk ti zanmi. Pèp la sonjé tou pasaj Magalie Comeau kòm minis nan gouvènman Gérard Latortue ak pasaj Ginette Chérubin kòm minis e manb KEP sou Prezidan Preval té fini pa skandal. Kanta pou Ted Saint Dic lavalas pèp la pa vlé tandé palé de moun sa yo ditou. Ted Saint Dic se kay oligak Gilbert Bigio lap travay. Pèp la bouké ak moun sa yo ke li déja mété sou koté. Pèp la pa dakò ak tout konzé kap chaché fè tantativ koudeta a travè CARICOM e OEA. Tout atoufè kowalisyon ki touyé Prezidan Jovenel Moïse ki pran pouvwa léta daso dépi 48 mwa ap monté désann sou tab CARICOM ak OEA pou gade jan yo ka fè yon lòt koudeta. Pèp la ki véksé e move anpil kòmansé mobilizé pou krazé sistèm sa ak tout malandren ki fè pati de li.
Koudéta OEA- Akò Montana: Pèp la rejeté Ted Saint Dic, Ginette Chérubin, Magalie Comeau ki vlé ranplasé Fritz Jean nan KPT.