Pa Anbasadè Stanley Lucas

Poukisa 3 jij koudapèl konvoke Martine Moïse nan yon tribinal ki pa gen sekirite? Aksidan prepare?
Jij Emmanuel Lacroix, Jij Denis Cyprien, Jij Frémont Damesi té voyé yon envitasyon bay ansyen Premyè Dam péyi dayiti Martine Moïse pou li té prezanté nan tribinal la Mèkredi 18 Jen 2025. Avoka premyè dam Martine Moïse mèt Louissaint té réponn tribinal la, konsideran ménas pou touyé l ki ap tann li e etan doné tribinal la pa kapab garanti sekirité l, li paré pou réponn tout kesyon Jij kou dapèl yo genyen men via zoom. Tout tribinal nan mond lan itilize zoom pou kesyoné témwen menm lè lavi yo pa an danjé.
Martine Moïse té déja déplasé al réponn kesyon Jij enstriksyon Gary Aurélien men lè sa sitiyasyon sékiritè a té pibon.

Antretan enfòmasyon ta gentan soti ké kou dapèl nan konplo ak Alix Didier Fils-Aimé pou éliminé Martine. Didier Fils-Aimé bay Kato ak Nènèl Cassy misyon pou touyé ansyen Premyè Dam Martine Moïse sou lòd Dimitri Vorbe. Pa bliyé Alix Didier Fils-Aimé, Ariel Henry, Vorbe, Kato, Jij koupyon Walther Wesser Voltaire sòti nan menm pati politik Verite-Inite ki enpliké nan touyé Prezidan Jovenel Moïse tandé ⬇️:

Yon gwo pati nan pouvwa jidisyè a te deja enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moïse…
Pa bliyé yon gwo pati nan pouvwa jidisyè a enpliké nan touyé Prezidan Jovenel Moise e tiré Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Nan tantativ asasina e asasina Prezidan Jovenel Moïse, nan konplo kriminèl sa ou jwen Jij Wilner Morin ki té manipilé dosye la Saline lan aloske Schiller Louidor te di klèman kiyès ki fè masak sa, tandé ⬇️:
https://youtu.be/JZHPXJ3sEh4?si=SWag-Rv9akl3KElH

Gen tou Jij Jean Roger Noëlcius ki fè manda ilegal Pierre Espérance achté nan men li pou 30 mil dola vèt ki sèvi pou fè tantiv touyé Prezidan Jovenel Moïse sou abitasyon Vorbe yo nan Tibwa avèk Jij kriminèl Ivickel Dabrésil ki tapral touyé Prezidan Jovenel Moïse pou l te ka rantré nan palè nasyonal. Menm diskou prezidan l te gentan paré. Manda ilegal sa itilize tou pou touyé Prézidan Jovenel 7 Jiyè. Apré Jij koupyon Noëlcius te fè manda ilégal sa li tal kaché Montreal Canada. Men kopi manda ilegal sa ki sèvi pou touyé prézidan an Jij koupyon Walther Wesser Voltaire ak Jij kou dapèl Emmanuel Lacroix, Denis Cyprien e Frémont Daméci iyoré gadé ⬇️:

Yon veritab rezo jij asasen anndan yon sistèm jidisyè gangrennen
Yap pwotéjé kriminèl parèy yo nan mafya jidisyè ke Ariel Henry ak Bertho Dorcé avoka oligak asasen Dimitri Vorbe yo té mété minis lajistis pou saboté ekstradisyon kriminèl, saboté dosyé asasina Prézidan Jovenel Moise ak tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse ak fanmi li gadé ⬇️:

Temwayaj Jeantel Joseph 18 Jen 2025 nan kou dapèl pòtoprens mété nan lari koripsyon total Jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire ak Ariel Henry nan rapò ankèt ak òdonans koripsyon li fè nan asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina Premyè Dam Martine Moïse. Si Jij kou dapèl pòtoprens yo pa nan koripsyon yo te dwé fè arété Jij Walther Wesser Voltaire ak Pierre Espérance pou manipilasyon dosyé jidisyè. Si Jij kou dapèl yo pa nan koripsyon yo ta dwé anilé rapò ak òdonans kowonpi Jij koupyon Walther Wesser Voltaire Tande ⬇️:
https://youtu.be/Ur0QCM_Kemk?si=1w8VNPytBWpyXJRz

Jij kasasyon Wendelle Coq « El Diamanté » patisipé nan touyé Prezidan Jovenel Moïse. Dépi 47 mwa lapolis ak lajistis gen avi rechèch pou Madan Coq ki nan mawon, mafya jidisyè ak kriminèl Vérité-Inité yo ap pwotéjé asasen sa, gadé ⬇️:

Jij kasasyon Joseph Mecène tal fè tou tantativ koudeta pou préyidan ak André Michel ki té echwé, gadé ⬇️:

Kijan sistèm sa a mache? Trafike rapò, efase tout prèv, disparèt dosye: tout voum se do
Jij koupyon Verite-Inite Walther Wesser Voltaire trafiké rapò ak òdonans sou asasina Prezidan Jovenel Moïse. Samuel Madistin ak André Michel 2 avoka Boulos ekri rapò a ak òdonans la pou li epi li siyen. Lajistis péyi dayiti kowonpi jis nan zo. Dépi ou bon nan teknoliji ou fè analizé kopi rapò Jij koupyon an wap dekouvri sou tout òdinatè rapò kowonpi sa pasé.

Kanta pou Ariel Henry ki enpliké nan touyé Prézidan Jovenel Moïse, jij koupyon yo fè nom li disparèt. Jij koupyon yo fè disparèt tout dokimantasyon jidisyè sou wòl Ariel Henry nan touyé Prezidan Jovenel Moïse, gadé ⬇️:

Jij kowonpi sa yo fè disparèt pou kòb nom tout oligak tankou Réginald Boulos, Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe ak Gilbert Bigio elatrye ki finansé e planifyé asasina Prezidan Jovenel Moïse nan Puerto Plata Sendomeng, gadé e tandé ⬇️:

Jij koupyon Mafya pouvwa jidisyè a, a travè enstriksyon dosye asasina prezidan an yo kontwòlé ap ésayé blanchi e pwoteje tout kriminèl yo.

Jij koupyon e trèt sa yo ap ésayé lagé tou solda kolonbi komisè gouvènman, lapolis, 2 prezidan kolonbi ak lajistis Miami konfimé touyé Prézidan Jovenel Moïse e fè tantativ pou touyé Premyè Dam Martine Moïse, tandé ⬇️:

Yon jou tout Jij kowonpi e trèt sa yo ap jijé pou krim kont pèp Ayisien, krim wot trayizon, krim kont nasyon an e krim kont fanmi Moïse ke jodia yap chaché éliminé menmjan yo té éliminé prezidan an. Men nou pa nan epòk Dessalines ankò koté oligak ki té touyé Anperè a te touyé tou, tout ofisyé nwa ki té pwòch Dessalines pou pèson patka palé de li pandan 50 lané. Fwa sa bagay yo diféran. Pèp la ki maré solda kriminèl kolonbi yo 7 Jiyè nan maten, teknoliji, rézo sosyo anpéché asasen yo antéré e manipilé dosyé asasina prezidan an. 47 mwa apré Jojo kroké nan gòj oligak yo ak tout restavèk politik yo. 2 pyé blan globalis kowonpi ki enpliké nan krim sa nan yon grenn soulyé Caricom ki pap ka fè koudeta ankò.

Nan tribinal Miami, dosye sekrè pral deklare : plis limyè pral limen sou ravèt
Jij nan tribinal Miami kap jéré pwosè asasina Prezidan Jovenel Moïse fèk résévwa 2.5 milyon emails, apèl telefonik, mesaj tekst, dokiman ki te sekrè ke administrasyon Prezidan Donald Trump lan déklasé. Bagay yo pral cho, asasen yo konn sa, yo paka dòmi se pousa yo agrésif. Yo pansé nan maché présé ak yon desizyon kowonpi kou dapèl yo ka sové tèt yo, asasen yo chiré.

Inisyativ 24 avril : inisyativ move dil
Jij koupyon yo ansanm ak mafya jidisyè pòtoprens pral sot lèd. Lè a rive pou netwaye pouvwa jidisyè a ki kowonpi jis nan zo. Jis jodia mafya kriminèl jidisyè ap chaché fè koudeta toujou via Caricom, OEA koté yo fè yon gwoup 27 òganizasyon bidon ékri anba nom inisyativ 24 Avril pou mandé bayo pouvwa san aval pèp la menmjan ak KPT a ki te bay koudeta 3 Avril 2024, gadé ⬇️:

Yon jistis tranzisyonèl k ap pwoteje kriminèl: y ap viv ansanm ak Barbecue!
Foli pouvwa tèlman monté nan tèt Jij kasasyon ki nan inisyativ 24 Avril yo menm ak chèf gang Viv Ansanm Barbecue y ap maché men nan men. Yo pwomèt gang yo ki fè tout kalté krim amnisti a travè sa yo rélé jistis tranzisyonèl. Péyi a antravé anba mafya jidisyè sa ki mété nou la poutèt enpinité yo pratiké pandan lintan. Tandé Barbecue kap palé de asosyasyon li ak kasasyon, nou antravé ⬇️;

Foli pouvwa monte nan tèt mafya jidisyè a : yo chita sou atik 149 la
Yo tout tèlman fou pou pouvwa e pou al volè kòb léta yo rantré nan tout konbinézon. Aloske sitou lè gen kriz bousòl peyi dayiti rété konstitisyon an. Manman lwa peyi a trè klè nan atik 149 li, si prezidan an paka ekzèse fonksyon li, si pa gen yon palman pou chwazi yon prezidan pwovizwa, se yon premye minis ak minis yo ki dwe dirije pouvwa egzekitif la jiskaske eleksyon yo fèt. Poukisa yo réfizé aplike sa manman lwa péyi a di?

Jou ka pral vini la yo pral difisil anpil lè ou tandé reyaksyon Sauveur Pierre Etienne. Milat to asasen e vòlè yo pral pran kontwòl total pouvwa politik e pouvwa ekzekitif 7 out kap vini la. Majorité nwa pa dakò. Péyi a pral cho!