Mwen pran tan, anpil tan, menm twòp tan pou’m te wè si gwo espesyalis nan kesyon sekirite piblik ak gwo anketè yo t’ap poze ti kesyon sa a: èske se vre 3 avyon te pran bal nan dat 11 novanm 2024 la? Men anvan nou reponn, ann eseye konprann kisa ki kache dèyè deklarasyon sa a: If you want peace, love your nation. Lè’m tande Prezidan Trump deklarasyon sa a, mwen te oblije mande yon zanmi ki pale gwo anglè tradwi fraz la pou mwen: « Si’w vle lapè, renmen peyi’w », se sa Zami an di’m. Mwen te menm kontan paske’m te konprann pil ak pakèt Prezidan Konsèy tranzisyon an t’ap pran konsyans pou yon fwa.

Nan jou ki te lendi 11 novanm 2024 la, nou tout te konnen chèf teworis « Viv ansanm » yo te bay piga pou moun pa pran lari, pou anyen pa fonksyone paske yo te anonse y’ap okipe lari a. Jan sa toujou ye, gen kèk tan nèg ak zam yo pa janm bay manti nan menas yo fè. Pou sa, preske tout moun te chwazi rete lakay yo kont volonte yo, menm lekòl ki te deja ap fèt an kachèt pat pran chans louvri pòt yo. Kidonk, lòd chèf gang yo te respekte.

Depi kèk tan, mwen pran desizyon tankou tout Ayisyen ta dwe fè’l poum pale tout sak fè’m mal, tout sa ki anpeche peyi a mache, tout sa ki fè’m endinye tankou moun. Lè’m te tande ta gen plizyè avyon ki pran bal, gen yon ti kesyon ki te moute nan tèt mwen: Ki wòl OFNAC?

Pou’m te ka plis konprann pou’m te ka gen yon lide sou gwosè koze sa a, mwen te oblije chèche enfòmasyon, mennen yon ankèt tou kout pou’m te byen konprann anvan mwen ekri sa a, pou’m te mande: Kijan pou’n pi lèd ankò nan je Lemonn? Lè sa a mwen ta pral mande èske nou dakò pou yo konsidere Ayiti tankou yon kwen sou latè. Men mwen pran yon ti tan pou’m fouye, pou’m jwenn imaj pou’m wè si se tout bon plizyè avyon pran bal nan Pòtoprens pandan tout aktivite nan ayewopò a ap mache. Imaj mwen wè a fè’m poze yon ti kesyon, pou kisa se sèl anndan avyon an yo moutre, èske se vre se twou bal yo ye ? Yon kesyon tout gwo espesyalis ta dwe poze tèt yo.

Nan fouye pou chèche enfòmasyon, nou jwenn detay sa a yo ki enpòtan anpil:

American Airlines, nimewo vòl 919 kite Pòtoprens a 8h: 59;

Jetblue, nimewo vòl 935 kite Pòtoprens a 9h: 54.

Spirit, nimewo vòl NK951 rive Pòtprens a 11h: 12.

La a, gen yon pwoblèm. American Airlines ak Jetblue te sou pis la nan menm moman. Si te genyen tire tout bon sou pis aterisaj la, tout moun t’ap tande, anplwaye ayewopò yo t’ap tande. Si te gen tire, otorite nan OFNAC yo t’ap gentan soti yon nòt pou avize tout liy ayeryen yo, t’ap gen anpil panik, tout anplwye yo t’ap kite espas la rapidman, yon fason pou sove lavi yo.

Apre preske 60 minit American Airlines ta fin pran bal, tout aktivite kontinye ap mache san pwoblèm, tout anplwye nan pòs yo, tout moun k’ap vwayaje yo la san difikilte, yo menm ap bay blag. Si American Airlines te pran bal, apre pase 60 minit Jetblue patap rete sou pis la toujou pou jis lè vòl li rive. Sa se yon bon sans, nou pa bezwen gwo espasyalis di nou sa a. Si Jetblue te wè yap tire sou pis aterisaj la, apre preske 2 zè de tan, Spirit patap menm pran chans vini Pòtoprens. Epi tou, si te genyen tout pwoblèm sa a yo, OFNAC t’ap gentan anonse sa pou avyon yo pa menm rive sou Ayiti.

Pou’m plis asire, mwen rive poze kèk ti kesyon sou gwosè zak briganday sa a, ki se yon zak teworis, koze tire sou avyon k’ap ateri san pa genyen lagè nan peyi a. selon sous mwen kontakte, tout bagay t’ap fonksyone nan Ayewopò a san pwoblèm, sèl bagay anplwye yo pat twò alèz paske nèg ak zam te anonse y’ap pran lari nan Pòtoprens pou fè deblozay.

Dosye sa a ta sipoze tout anketè nan peyi a ki toujou ap bay gwo ekpètiz nan tout sityasyon, poze kesyon sou dosye sa a. Lòt koze ankò, nan avyon pran bal la, Spirit t’ap rive Pòtoprens a 11h: 12, se nòt Spirit la ki vini an premye, se apre lot nòt yo soti. Anketè ki se gwo espesyalis, fòk nou ouvè je pèp la sou dosye sa a, se pa sou Ayisyen sèlman pou’n mennen ankèt. Eske se paske Spirit ta pran bal nan Ayewopò Pòtoprens ki ta fè lòt avyon yo pran bal tou ? Pou kisa 2 lòt avyon yo pat di yo te pran bal anvan Spirit rive Pòtoprens ? Nou ta renmen yon ti limyè sou dosye sa a. Eske Spirit taka pran bal mawon ? Li posib, men sa pa bal zam Kreyòl. Men American ak Jetblue te gentan ale byen lontan, pat janm gen koze avyon pran bal. Eske 3 avyon te pran bal vre nan jou ki te 11 novanm 2024 la nan Ayewopò Pòtoprens?

Tout sa se pou’n chèche konnen rezon ki dèyè koze sa a paske avyon pran bal tout kote, yon semenn apre avyon te pran bal Etazini. Eske se yon plan pou fèmen Ayiti ? Nou di li posib pou Spirit ta pran yon bal mawon paske Air Caraibes te oblije ateri Sendomeng. La a nou mande tèt nou kiyès ki enfome Air Caraibes genyen bal k’ap tire, li tou ale ateri Sendomeng.

Antouka, nou fèmen peyi a paske dirjan yo ap defann tèt yo Sèlman, yo pap defann peyi a. Nou fèmen peyi a, se pa paske 3 avyon pran bal, men paske nou gen yon plan malonèt sou do Ayiti. Dat la sete 8 sektanm 2025 pou avyon te ateri Pòtoprens, kounye a se avril 2026 li ye. N’ap jwe ak peyi a tankou chat fè’l ak sourit. Si nou vle fè yon bagay, ann fè zam sispann antre Ayti pou teworis yo olye nou fèmen Ayiti, jiskaske lekòl ap fèt an kachèt. Nou sezi, nou endiye tande se konpayi avyon k’ap mande lòt konpayi papye ki ta otorize yo antre Ayiti, paske yo sispèk peyi a pa gen moun k’ap dirije li.

Yon sèl bagay, sonje Ayiti se pou Ayisyen. Ayiti pap peri, Ayiti pa machandiz, pa gen okenn chèf esklav ki ka vann Ayisyen ankò.

Jean Barnave Chéron, Mònwo, Grandans, 27 me 2025

Jeanbarnaveccheron@gmail.com