Pa anbasadè Stanley Lucas

Pandan Prezidan an t ap travay, yon rezo kriminèl gang a kravat t ap magouye pou mete yon jij kasasyon kòm prezidan pwovizwa
Lè gouvènman konstitisyonèl Prezidan Jovenel Moïse tap travay pou mete kouran, konstwui wout toupatou, lekòl, kore agrikilti, bati lopital nan pòdepè, aewopò nan jeremie, baraj Marion nan nòdès, rezo kriminèl ki nan CSPJ, kou kasasyon, rezo Jij politik ki bezwen bay koudeta ki nan ANAMAH e RENAMAH t ap destabilize peyi a ak SDP MOPÒD, lavalas, Pitit Desalin elatrye pou mete yon Jij kou kasasyon kòm prezidan pwovizwa. Aloske konstitisyon an pa pèmèt Jij kou kasasyon vinn prezidan pwovizwa ankò depi piblikasyon amandman an le 20 Jen 2012. Gadé bilan pasyèl travay Prezidan Jovenel Moïse tap fè pou pèp la ⬇️:
https://fr.slideshare.net/slideshow/le-bilan-de-4-ans-du-president-jovenel-moise/242394056

Jij kowonpi Jean Wilner Morin, Jij Ikenson Edume frè Josue Pierre Louis mete ak militan dwa moun tankou Pierre Espérance, Samuel Madistin, Gédéon Jean pou fè grèv nan tribinal yo, manipile desizyon jidisyè ak pouvwa jidisyè pou mete enpinite e atake lenmi politik yo, destabilize pou bay koudeta.

Depi lè sitwaywen Jovenel Moïse te kandida pou prezidan Pierre Espérance pral sèvi ak sistèm jidisyè a pou fabrike yon dosye koripsyon 4 milyon goud li fè tounen 4 milyon dola vèt pou té detwui kandidati Jovenel pou prezidan. Manti sa te echwe.

Fo dosye, manda ilegal : tout voum se do nan mafya jidisyè a
Pita, rézo mafya jidisyè sa ak MOPÒD pral sèvi a pretèks sa pou envante yon fo dosye enkilpe pou Prezidan Jovenel. Se menm gang jidisyè sa kapral kreye yon manda ilegal e sekrè kont prezidan konstitisyonèl peyi dayiti. Pou fè manda ilegal sa yo pral benefisye de konplisite dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens. Jij enstriksyon ki te anchaj dosyé la Saline nan se te Chavannes Etienne. Lè to yon Jij responsab yon dosye okenn lòt Jij paka entèvni sou li tou otan li pa remèt òdonans ak rapò li. Ebyen, mesyedam sa yo poze zak sa ki totalman ilegal. Pierre Espérance sou lòd oligak kowonpi e vyolan Reginald Boulos ki fon nan gang pral péyé Jij Jean Roger Noëlcius pou fè yon manda ilegal kont Prezidan Jovenel Moise nan itilize dosye la Saline nan san ke Jij ki anchaj la pat okouran. Aksyon sa se te yon gwo krim. Se pousa yo te kenbe manda ilegal sa sekrè. Pi devan apré asasina Prezidan Jovenel Moïse nou pral aprann nan bouch Schiller Louidor ke se SDP ki te fè masak sa. Tandé la ⬇:
https://youtu.be/JZHPXJ3sEh4?si=dr0QFWy4iNV7CVA9

Se manda ilegal sa mafya jidisyè ki te bezwen fè koudeta pral remèt asasen yo pou fè 2 tantativ koudeta kont Prezidan Jovenel Moise e touye l 7 Jiyè 2021. Nap rapelé tou te gen tantativ pou touyé Prézidan Jovenel nan zònn Akayè.

Premye tantativ koudeta se ak manda ilegal la e yon rezolisyon ilegal e enkonstitisyonèl André Michel kap travay pou Boulos ekri e fè CSPJ siyen. Rezolisyon pouvwa jidisyè sa te tèt anba paske li kontrè a tout desizyon pouvwa sa te pran nan tout tribinal ak strikti li pandan 4 lane kote yo te toujou vize konstitisyon amande 1987 la.
Se menm André Michel sa kapral fè Jij koupyon kou Kasasyon Joseph Mecène li tankou timoun kap pran dikté diskou li te prepare pou li. Lè pèp la te gadé videyo André Michel kap dikté Jij koupyon kasasyon Joseph Mecène kap pran pòz préyidan yo te twouvé se yon bagay revoltan e repiyan ki sal onorabilite, diyite, souverenete kou kasasyon ta dwe reprezante. Gadé videyo sa ⬇:

Gen yon sèl jan pou yon sitwayen vinn prezidan pwovizwa dayiti : fò nou li atik 149 lahttps://www.slideshare.net/slideshow/constitution-1987-amendee-haiti/235083688
Pou yon Jij tankou Mecène pa konnen ke konstitisyon an depi amandman 20 Jen 2012 pa pèmèt Jij kou kasasyon vinn prezidan pwovizwa ankò se yon bagay grav. Eske se maladi pouvwa ki fè Mecène pèdi lakat ki fè lal fè diskou sa e pran pòz préyidan 7 Fevrier 2021? Sa te chokan pou pèp la wè sa foli pouvwa ka fè menm yon moun fòme fè. Grav!

Konstitisyon amande a trè klè nan atik 149 li. Sèl jan yon sitwaywen ka vinn prezidan pwovizwa péyi dayiti se si prezidan konstitisyonèl la paka ekzèse fonksyon l lè sa si gen yon palman lap òganize yon eleksyon endirèk pou mete yon prezidan pwovizwa. Kidonk sèl jan pou yon sitwaywen vinn prezidan pwovizwa dayiti se a travè yon eleksyon endirèk nan palman an. Pa gen lòt jan. Se sak te fèt an 2016 lè manda Martelly te fini epi palman an te òganize yon eleksyon endirèk kote te gen 3 kandida Edgard Leblanc, Dejean Belizaire e Jocelerme Privert. Lè eleksyon endirèk sa tapral fèt Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Pasha Vorbe débaké a gwo sak lajan yo achté vòt la pou Privert ki te sekretè privé Jean Mary Vorbe dépi lontan.

Atik 149 la di tou lè pa gen palman pou mété yon prezidan pwovizwa, se yon premye minis ak minis yo ki dwe dirije pouvwa ekzekitif la jiskaske eleksyon pou prezidan fèt pou enstale yon nouvo prezidan konstitisyonèl pèp la chwazi nan eleksyon. Gadé atik 149 la ⬇️:https://www.slideshare.net/slideshow/constitution-1987-amendee-haiti/235083688

Malgré reyalite konstitisyonèl sa Boulos, Vorbe, André Michel, MOPÒD ak opozisyon radikal lavalas la al fè tantativ koudeta Fevrier 2021 pou mete Jij koupyon Joseph Mecène prezidan pwovizwa. Koudeta sa echwé.

Mafya jidisyè met ansanm ak oligak pou òganize asasina ak koudeta
Malgre eshèk sa mafya jidisyè a nan asosyasyon kriminèl yo ye ak oligak kowonpi yo pa fè bak. Fwa sa a oligak kowonpi Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Pasha Vorbe ak Reggie Vorbe pral monte yon nouvo koudéta pou touye Prezidan Jovenel Moise nan abitasyon Vorbe yo nan Tibwa 7 Fevrier 2021. Pou fè koudeta sa yo pral achté ofisye nan lapolis Marie Louise Gauthier kapral kontakte Dimitri Herard ak Laguel Sivil ki reskonsab sekirite Prezidan Jovenel Moïse. Dimitri Herard pral enfòme Prezidan Jovenel Moïse de tantativ pou touyé l 7 Fevrier 2021. Herard pral remèt Prezidan Jovenel anrejistreman konvèsasyon telefonik li ak Enspektè jeneral lapolis Gauthier. Tandé la ⬇:
https://youtu.be/4mqdjN6A1mY?si=2i0OOymybqzXCiMV

Koudeta Vorbe yo te pare pou touyé Prézidan Jovenel Moïse pou enstale Jij koupyon Ivickel Dabrésil kòm prezidan pwovizwa echwé. Lajistis maré 17 kriminèl ki te enplike nan tantativ pou touyé Prézidan Jovenel 7 Fevrier 2021 pou oligak kowonpi Vorbe yo. Gadé la ⬇️:
https://www.haitilibre.com/article-32982-haiti-coup-d-etat-liste-des-personnes-arretees.html

Pierre Espérance ak rézo dwazimen e rézo sosyete sivil ki te nan tantativ koudeta mete ak oligak Vorbe yo ki te kaché pa dèyè mennen yon kanpay byen finansé nan laprès pou fè pwopagand kòmkwa kriminèl lajistis ak lapolis arete nan tantativ pou touyé Prezidan Jovenel Moïse nan Tibwa se prizonye politik yo yé. Présyon politik fè lagé yo. Jis jodia mwa Mai 2025 Marie Louise Gauthier ki nan òganizasyon teworis Fantòm 509 ki patisipe nan tantativ touyé prezidan konstitisyonèl peyi a ki nan rezo Aristide toujou nan lapolis.

Peyi a aprann apre asasina prezidan an, oligak yo ak rézo kriminèl sa te planifyé tou pou touyé Prézidan Jovenel Moise ak òganizasyon teworis Fantòm 509, 20 jen 2021 lè li tap tounen sòti nan péyi Turquie. Sa pat fèt.
Òganizasyon teworis Fantòm 509 fòmé de polisye revoke pou krim e polisye aktif nan lapolis. Chèf gang Vitelhomme Innocent se manm fondatè Fantòm 509. Nan yon konferans pou laprès li te bay anpil detay sou kòman òganizasyon teworis sa te monte, tande ⬇:

  1. https://youtu.be/PG7wQbsBUNk?si=B5iS0W-xJki7kVsz
  2. https://www.youtube.com/live/HHQcWNEPSOU?si=Z0x6trucB_Qdr1NF

Finalman oligak asasen yo, politisyen kriminèl yo pral mete ak yon lòt Jij koupyon kasasyon Wendelle Coq pou touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021 ak solda mèsenè peyi kolonbi. Nom de kòd Madan Coq nan mitan solda kolonbi ki te dwe enstale l kòm préyidan pwovizwa se « El Diamante ».
Asasen sa yo touyé Prézidan Jovenel Moïse 7 jiyè 2021. Men tout kriminèl yo kouri kaché e te nan mawon apre krim nan paske pèp la pran lari e di li pa dakò. Se pèp la ki estomake pa krim odye sa ki pran lari pou maré solda kolonbi yo ki touye Prezidan Jovenel Moïse. Jou sa pèp la tap chaché tou oligak kowonpi Boulos ak Vorbe kòm kriminel ki enplike nan touye Prezidan Jovenel. Pèp la tap chache tout politisyen malandren ki te konn menase touye Prezidan Jovenel sou radyo gade ⬇:
https://youtu.be/mv7yX2JIEFQ?si=Euh9ekIEZTq6RqH7

Pèp la sonje tou diskou Prezidan Jovenel Moïse kote piblikman li te fè konnen ke yo voyé di l si li kontinye nan afè kouran sa il y aura mort d’homme, tande ⬇:

Pandan omwen 10 jou apré asasina prezidan an, tout oligak ak politisyen kriminèl yo te nan mawon.
Minis Jistis Rockefeller Vincent, Komisè gouvènman Bedford Claude ak direksyon santral lapolis jidisyè (DCPJ) déklanché yon ankèt pou jwen e maré asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse. Ankèt DCPJ ki se lapolis jidisyè bay yon rapò apeprè 900 paj. Dépi 9 Jiyè manda fèt pou Reginald Boulos, Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Jerry Tardieu, Stevens Benoit elatrye pou enplikasyon yo nan touyé prezidan péyi dayiti Jovenel Moise, gadé ⬇:

Avi de rechèch fèt pou Jij koupyon kasasyon Madan Wendelle Coq soti. Gadé la ⬇️:

Mafya jidisyè a ak militan kowonpi dwa moun Gédéon Jean fè tantativ kowonpi pou fè Jij koupyon Coq reparèt sou moun kou sa pa pase. Jis jodia pèson paka di si Jij koupyon sa vivan ou anba tè. Eske oligak yo éliminé l menmjan yo éliminé plizyè lòt temwen tankou Gilbert Dragon, Enspektè USGPN ki te anchaj kay prezidan an jou krim nan pou yo pa pale? Tout tantativ kriminèl Vérité-Inité yo fè pou reyabilite Jij koupyon e asasen Wendelle Coq echwe, gadé ⬇:
https://youtu.be/8RD4z7rWPnw?si=wIur5xXatSDw0EDO

Mafya jidisyè ap pwoteje oligak
Mafya jidisyè, dwazimen ak oligak kowonpi pandan 46 mwa fè gwo manipilasyon e pral kontinye vanse a nouvo tantativ koudeta pandan yap esayé antere dosye asasina Prezidan Jovenel pou pwoteje oligak ki nan sektè ekonomik ak 5 sektè politik ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Li klè oligak yo finansé krim. Yon kozé oken komisè gouvènman, oken tribinal, oken Jij pa vle manyen. Yap pwoteje tou 5 sektè politik ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse ki se Verite-Inite, SDP-MOPÒD, PHTK, LAVALAS, Pitit Desalim.

Kowalisyon asasen ki touyé prezidan an enstale Ariel Henry ki sòti nan Verite-Inite kòm premye minis ki enplike tou nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Lè lajistis dekouvri sa e pou sabote e manipilé ankèt sou asasina prezidan an yo revoke minis jistis Rockefeller Vincent ansanm ak komisè gouvènman Bedford Claude ki te konvoke Ariel Henry pou enplikasyon l nan touye Prezidan Jovenel. Gadé ⬇️:

Ariel Henry ap rekonpanse kriminèl akravat
Apresa oligak Dimitri Vorbe pi gwo finansye Verite-Inite ki enplike nan touye prezidan an pral fè Ariel nonmem avoka l Bertho Dorce yon dilè dwòg depatman nip minis jistis. Dépi lè sa kowalisyon asasen ki te sèvi ak gang pou fè violans peyi lòk jiskaske yo touyé prezidan an pral sèvi ak nominasyon Bertho Dorce pou pran kontwòl konsèy siperyè jidisyè (CSPJ), kou kasasyon, kou dapèl, tribinal premyè enstans yo élatrye. Mafya dwazimen ki gen ladanl Pierre Espérance, Gédéon Jean, Samuel Madistin patisipe nan kou sa sou kote oligak yo. Yo pral mete plizyè lòt minis jistis tankou Liszt Quitel, Patrick Pelissier ki te avoka mouvman teworis Fantòm 509 pou pran kontwòl a 85% pouvwa jidisyè a. Ariel nonmen 6 malandren Nan CSPJ. Nan vyolasyon atik 175 konstitisyon an ki di se sèl yon sena e yon prezidan konstitisyonèl pèp la chwazi nan eleksyon ki dwe mété Jij nan kou kasasyon, Ariel Henry pral fè yon koudeta nan pouvwa jidisyè a kote li mete 8 Jij koupyon nan kou kasasyon pou prepare pwochen étap koudeta a. Gadé ⬇️:

Asasen prezidan an, pou yo pa pran okenn chans, menm Jij enstriksyon yo mete pou fè ankèt sou asasina prezidan an, Jij koupyon Walther Wesser Voltaire sòti nan pwòp pati yo Verité-Inité. Se André Michel ak Samuel Madistin avoka Reginald Boulos ki ékri rapò sou asasina prezidan an ak òdonans Jij koupyon Walther Wesser Voltaire siyen. Se pou montre w nivo odas e awogans oligak yo apré yo finn touyé yon prezidan repiblik dayiti.

Je wè, bouch pa ka pe
Sonje lè oligak yo te finn touye Dessalines pèp la patka pale de li pandan 50 lane. Oligak yo alepòk te sèvi a pouvwa leta pou touye tout ofisye ki te pwòch anperè Jean Jacques Dessalines. Fwa sa, oligak yo malgré gwo kout kòb pwopagand pou sal kadav Prezidan Jovenel, malgré kontwòl pouvwa ekzekitif ak pouvwa jidisyè pa rive fèmen bouch tout moun. Lajenès ki sou rézo sosyo ak kèk jounalis konsekan goumen pandan 46 mwa pou lavérité sou asasina prezidan an eklate.

Malgré manipilasyon oligak, réstavèk politik, dwazimen kowonpi, mafya jidisyè a fè ak Jij koupyon Walther Wesser Voltaire, dosyé jidisyè asasina prezidan an pa kapab antéré.

Nouvo koudeta kasasyon yo te vle fè ak teworis Viv Ansanm yo pou pran pouvwa a ki te dwe ede mafya jidisyè antéré dosyé jidisyè asasina prezidan an e pwotéjé kriminèl yo kroké nan gòj yo, tande⬇:

Kòm koudeta kasasyon paka pase, kòm divèsyon yo deside fè Viv Ansanm ataké Solino, Delmas 30, Kenscoff, Mibalè, Senmak nan lespwa koudeta kasasyon ka rive maché. Malgré tou, li kroké nan gòj yo pirèd.

Devlopman koudapèl yo bay pwoblèm
Devlopman kou dapèl yo konplike manèv asasen ki touyé Prezidan Jovenel. Yo ta pral lagé an Janvye 2025 pou kòb solda kolonbi ki touyé prezidan dayiti malgré yo gen 3 konfimasyon solda Kolonbi ki nan prizon Ayiti yo vrèman touye Prezidan Jovenel. Prezidan Ivan Duque, Prezidan Gustavo Pétro konfime solda sa yo efektivman touye Prezidan Jovenel. Kòmandan solda yo Antonio Palacios Palacios konfime nan tribinal Miami kote yo kondane l a prizon avi ke limenm ak solda ki nan prizon Ayiti yo efektivman touye Prezidan Jovenel e tire mandanm li Premyè Dam Martine Moise.
Devlopman kou dapèl koté revelasyon kontradiktwa li fè pa rapò a odyo li te lage an 2022 kote li menasé Ariel Henry, Felix Badio Joseph youn nan asasen ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse mete anpil kriminèl nan ti soulye yo. Deklarasyon l yo se tankou mesaj chantaj li voye bay oligak ak politisyen ki touyé Prezidan Jovenel. Praktikman an parabòl lè pa ekzanp li di nan tribinal la li ékri yon maniskri 600 paj ke li seré yon kote, li fè yo komprann si yo pa mete l deyò, libere l lap vann tout moun.

Pèp la ki pa nan ajanda malandren sa yo ap prepare yon levekanpe jeneral an mòd de bwa kale. Yap chache sekirite e jistis pou Prezidan Jovenel Moïse.

Echanj ant Badio e komisè gouvènman devan kou dapèl montre klèman komisè gouvènman Claude Jean, Rocky Pierre nan pòch Pierre Espérance. Nan echanj ak Badio Komisè gouvènman devan kou dapèl yo aji kòmsi yo te avoka Esperance. Nivo koripsyon sa nan dosyé jidisyè asasina yon prezidan repiblik choke anpil moun.

Oligak yo fè djòlè yo gen kontwòl 2 nan 3 Jij kou dapèl kap jéré dosye asasina prezidan an. Eske se vré? Jij kap jéré dosyé asasina prezidan an nan kou dapèl se Fremont Daméci, Denis Cyprien e Emmanuel Lacroix.

Kowalisyon asasen yo enkyè
Kowalisyon asasen Prezidan Jovenel Moïse yo enkyè anpil dèske konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT) ak gouvènman Fils-Aime prèske tonbé, Jij kou kasasyon pa gen okenn chans pran pouvwa poutèt tout kou yo bay peyi dayiti nan enpinite, tantativ koudeta, asasina prezidan e asosyasyon yo genyen ak Viv Ansanm ke blan yo fè k di se yon òganizasyon teworis.
Pouchis kasasyon yo tèlman dezespere yo voyé yon gwoup ki nan koudeta a avèk yo ki rélé en route vers la cassation bay konferans pou laprès pou fè koudeta a vanse, gadé la ⬇️:

Opérasyon sa ki te genyen prezans ansyen senatè Senatus, Pierre Martin Tatoute, Bernard elatrye echwé. Se menm Pierre Martin Tatoute sa gen 2 semèn tap di ke Jij koupyon kou kasasyon Wendelle Coq ki enplike nan touye Prezidan Jovenel, ke Jij sa ki gen avi rechèch lapolis pou enplikasyon l nan krim sa se yon bon moun. Ekip kasasyon sa tèlman frajil gen yon mwa desa yo touyé doktè Laurent Beaugé. Pèp la pa vle tandé pale de koudeta kasasyon ditou.

Pandan tout dezagreman sa yo Dimitri Herard ki kase prizon sové ki nan mawon pou lajistis parèt plizyè fwa sou YouTube. Li poko janm eksplike kijan fè 3 rido anfè ki te dwe pwoteje Prezidan Jovenel Moïse, sa vle di sekirite prezidansyèl ki gen ladanl polisye USGPN, CAT TEAM ak USP pa tire menm yon bal pou pwoteje l? Li pa di non plus poukisa li te anrejistre konvèsasyon l ak Prezidan Jovenel Moise? Bay ki bòss li te voye konvèsasyon sa yo? Kiyès ki livré Prezidan Jovenel Moise? Eske se Michélé Matala alias Michel Martelly?

Revelasyon limen limyè sou ravèt
Gen nouvo devlopman tou ki fèt a travè nèg épé apré li fè gwo revelasyon. Nèg épé a di an 2018 Privert te fè sèman lap touye Prezidan Jovenel Moïse kanmenm. Nou sonjé Privert se sekretè privé Jean Mary Vorbe ki enplike nan krim nan e nou konnen tou Prezidan Jovenel apre li prete sèman te anilé yon pakèt kontra kowonpi Privert te fè siyen kòm Prezidan pwovizwa péyi a. Eske Privert pousa e pou enterè oligak Vorbe yo ki se bòss li, ta rantré nan lojik touyé Prezidan Jovenel Moïse ak oligak kowonpi Vorbe yo? Kisa lajistis ka jwen anplis? An tande jan nèg épé a te pale epi yo di Privert fè touye l kèk jou apré, tande⬇:

Aristide ki se papa chèf gang John Joel Joseph poko janm di nou poukisa li te kite peyi dayiti toutbon pou ale Cuba anvan asasina Prezidan Jovenel Moïse aloske nou konfime li pat gen coronavirus toutbon. Pa bliye se Aristide ki kréyé John Joel Joseph kòm chèf gang Site Solèy menmjan Aristide kréyé chèf gang Mikanò nan waf jérémie. John Joel Joseph jije nan tribinal Miami pou asasina Prezidan Jovenel Moïse e yo kondane l nan prizon avi. Li mande padon a fanmi Moïse. Kidonk poukisa Aristide te kite peyi dayiti pou ale Cuba anvan krim nan aloske li pat malad toutbon? Eske li te okouran de plan pou touyé prezidan an epi kal kache Cuba pou pwoteje tèt li? Oubyen eske li te nan planifikasyon krim nan avèk John Joel Joseph? Men foto Aristide ak elèv li John Joel Joseph ⬇️:

Yon lòt kote oligak sektè privé yo ap pare yon lòt koudeta pou ede Fils-Aime krazé KPT a. Primati a distribye anpil zam bay sivil e bay gang a travè Enold Florestal nouvo kowòdonatè komisyon dézameman. Moun ki édé Enold nan travay rekiperasyon gang yo e distribisyon zam se Nènèl Cassy, Antonio Cheramy alias Kato, Renee Momplaisir, Axene Joseph elatrye. Se youn nan rezon ki fè KPT a krazé komisyon dézameman an. Enold Florestal se yon asasen ki abitye travay pou SDP MOPÒD. Se li ki te touye etidyan Frantzy Duverseau, gadé la ⬇ :

Esperance te antéré dosyé a pou Florestal nan sistèm jidisyè a. Espérance jwe yon gwo wòl ak Fils-Aimé pou mete Enold kòm kowòdonatè ki te nan tèt komisyon dézameman sa KPT a fèk kraze. Wòl li se te rékipéré gang yo pou Fils-Aimé té ka fè koudeta kont KPT epi bloke koudeta kasasyon.

Poutèt ensekirite a manèv Boulos ak Vorbe te prepare nan pwochen étap odisyon kou dapèl sou asasina prezidan an kanpe. Gen plizyè montaj divèsyon oligak yo te prepare pou gade si yo ka détwui Martine Moise. Youn nan montaj yo gen yon nèg pòdepè ki tap viv Bahamas yo péyé pousa pou envanté istwa ak yon majistra nòdwès. Twaka depatman nòdwès gentan okouran de montaj manti sa ki pap bay rezilta.

Oligak yo pou distanse tèt yo de gang pandan yap chache entèvansyon militè Latino ap boule pwòp biznis yo pou yo parèt kòm viktim. Oligak kowonpi Reginald Boulos ki se patron branch gang G-9 Simon Pelé voyé gang sa boulé biznis li Automeca. Aksyon machiavel sa Reginald Boulos fè pap gen oken konsekans ekonomik sou li paske li gen asisrans.

Yo pral sèvi a montaj sa pou swadizan montre Boulos pa nan gang aloske se li ki fè boule pwòp biznis li. Yo pral sèvi ak aksyon kriminèl sa tou pou fè yon misyon militè Latino débaké Ayiti anba banyè OEA. Yo pral esayé fofilé nan tantativ entèvansyon militè sa militè dominiken ayisien gen kontansye istorik avèk yo ki alye oligak ansanm ak militè peyi kolonbi. Pa bliye kolonbyen ak dominiken patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021. Pèp la pare pou goumen ak oligak e etranjè asasen e magouyè ki touye prezidan l.

4 objektif oligak yo pou 46 mwa asasina Prezidan Jovenel Moïse
Pou 46 mwa asasina Prezidan Jovenel Moïse oligak yo genyen 4 objektif. Premyèman fòse yon entèvansyon militè etranjè Latino pou sové sistèm nan kap krazé nan men yo. Yap itilize Abinader pou fè ajanda sa vanse. Véyé fwontyè a.

Dezyèman objektif la se kraze KPT a anfavè Fils-Aimé ak yon prolingasyon 2 zan. Twazyèm nan se antéré dosyé jidisyè asasina Prezidan Jovenel Moise. Katryèman touye gwo chèf gang yo pou yo pa gentan palé e bay detay sou relasyon yo genyen ak oligak, otorité léta, lidè politik ak ansyen palmantè pou lajistis ak blan pa sanksyone yo.

Pèp la ki pa nan ajanda malandren sa yo ap prepare yon levekanpe jeneral an mòd de bwa kale. Yap chache sekirite e jistis pou Prezidan Jovenel Moïse.