Nan yon masak ki fèt ,nan lannwit 16 pou rive maten lendi 17 fevriye 2025 lan, gwoup gang kraze baryè kap dirije pa Vithel’homme innocent touye pou pipiti 20 moun.

Zak malonèt sa rive nan komin petyonvil,nan lokalite Chatoblan,Petitwoupo kole AK akademi polis la.

Selon @Amerique info7 ,gen plizyè Moun se anndan Lakay yo yo retire lavi yo, gen lòt se nan lari yo kite kadav  yo après angle anba solèy la ak lòt ki disparèt aprè zak
silaa.

Zak sa yo pa sispann ogmante nan peyi a ,anba je CPT a ak lòt otorite konsène yo, plis Fòs Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite ki antre nan peyi a kòm kwa yo vin ede Polis Nasyonal la debloke kèk wout ak rekipere teritwa ki pèdi yo ,men ensekirite a kontinye ap fè wout li, san lè sote.

Nap raplew gen yon fanmi advantis ki jwenn lanmò yo anndan rezidans prive yo nan Pènye,ki se Jean-Baptiste Habakuk  ,yon sèl ak yon nevel.