Pa Anbasadè Stanley Lucas

Gwo revelasyon, yon gwo kesyon
Nan odisyon kou dapèl ki fèt lendi 10 Fevrye 2025 lan, nan pwosè kont kriminèl ki touye Prezidan Jovenel Moïse yo, gen 3 gwo revelasyon ki fèt.


1-Premyèman. Yo gaye nan lari me lajè koripsyon Jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire. Nan rapò a ak òdonans lan, yo montre tout pwoteksyon li bay oligak, ansanm ak eleman politik e dwazimen ki enplike nan krim sa.


2-Dezyèmman. Odisyon sa a montre klèman jan tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse nan abitasyon Vorbe yo nan Tibwa 7 Fevrier 2021, konekte ak asasina 7 jiyè a.


3-Twazyèmman. Odisyon sa a fè anpil moun poze kesyon sou minis lajistis, Patrick Pelissier, nan manipilasyon k ap fèt nan lakou dapèl la.

3 Revelasyon sa yo leve yon gwo kesyon. Èske ekip FBI meriken ki mennen ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse la, pou rezon politik, te deja konpromèt oubyen eske gen fonksyonè meriken nan anbasad pòtoprens ki twonpe yo?

Yon jij kipa konn amandman ki fèt nan5 konstitisyon an depi 2011 !
Nan mwa Fevrier 2021 gen yon tantativ koudeta oligak yo ak André Michel ak MOPÒD sou lòd Reginald Boulos fè pou pran pouvwa nan itilize Jij koupyon kou kasasyon Joseph Mecène. Jij sa a te dwe konnen depi amandman konstitisyon an fèt an 2011 Jij kou kasasyon paka prezidan pwovizwa ankò. Malgré sa Jij sa a rantre nan lojik koudeta kont yon prezidan konstitisyonèl. Tantativ koudeta sa a te echwe. Gade videyo sa a⬇

Pa bliye non sa yo : Jean-Roger Noëlcius, Mario Beauvoir, Mackenton Philippe, Pierre Espérance ak Hector Anacasis
Oligak yo, avèk èd Dimitri, Jean Mary ak Pasha Vorbe, Reginald Boulos lanse yon dezyèm tantativ koudeta men fwa sa a pou touye Prezidan Jovenel Moïse. Pou prepare koudeta sa a, yo monte yon tribinal premyè enstans paralèl e ilegal sou dosye la Saline nan, avèk yon Jij kowonpi ki rele Jean Roger Noëlcius ki pral fè yon manda arestasyon illegal kont Prezidan Jovenel Moïse. Manda Jij Noëlcius fè a, li ilegal paske te deja gen yon Jij enstriksyon k ap jere dosye la Saline nan.

Se te Jij Chavannes Etienne. Dapre lalwa paka gen 2 Jij enstriksyon anmenm tan sou yon dosye. Kèk semenn apre li fè manda ilegal sa a, Jij Noëlcius sove al kache Canada. Yo di se Pierre Esperance ki te monte tribinal ilegal paralèl sa a sou dosye la Saline nan, e se li ki péyé Jij Jean Roger Noëlcius 300 mil dola vèt pou fè manda ilegal la.

Kèk jou aprè asasina Prezidan Jovenel, Pierre Esperance te gentan ap eksplike jan kriminèl yo te touye prezidan an. Bon, kesyon k ap poze, eske se andirék Espérance t ap swiv egzekisyon an? Pou konfime gade videyo sa⬇️:

Toujou nan planifikasyon asasina Prezidan Jovenel Moise 7 Fevrier 2021 a, enspektris jeneral lapolis Marie Louise Gauthier kontakte 2 kòmandan sekirite prezidansyèl nan palè nasyonal : Laguel Sivil ak Dimitri Herard pou ekzekisyon koudeta a. Men kopi konvèsasyon ant Dimitri Herard e Marie Louise Gauthier, tande la⬇: https://youtu.be/4mqdjN6A1mY?si=E1Zny-tdYHuiMbE2

Tout konplotè yo te reyini nan lokal Vorbe bayo nan Tibwa. Badio site nom Mario Beauvoir, Jean Hector Anacasis, Makenton Philippe e Pierre Esperance ki fè pati de konplo a. Yo t ap tann sekirite prezidansyèl mennen Prezidan Jovenel bayo pou yo touye l. Jij Ivickel Dabrésil youn nan konplotè yo te gentan gen diskou prezidan pwovizwa nan pòch li. Pou ka li diskou sa a, gade la⬇:
https://www.haitilibre.com/article-32979-haiti-coup-d-etat-discours-qu-allait-prononcer-ivickel-dabresil-comme-president-provisoire.html

Kòm Prezidan Jovenel Moïse te vin okouran de tantativ koudeta sa, ministè lajistis te resevwa lòd pou pran dispozisyon ak sekirite prezidansyèl e polis nasyonal la pou arete kriminèl yo. Kriminèl yo sezi wè lajistis ak lapolis debake sou yo. Pou plis detay gade la⬇:
https://lenouvelliste.com/article/226134/arrestation-du-juge-yvickel-dabresil-qui-devait-etre-installe-comme-president-provisoire

Pou gade lis kriminèl ki enplike nan tantativ touye Prezidan Jovenel Moise 7 Fevrier 2021 ke lajistis te mete anbakòd gade la⬇:
https://www.haitilibre.com/article-32982-haiti-coup-d-etat-liste-des-personnes-arretees.html

Avèk konplisite Pierre Esperance ki nan dwazimen ak sipò 3 animatè emisyon radyo, pou kase fèy kouvri sa, yo mache di nan laprès pat gen tantativ koudeta vre pou touye Prezidan Jovenel Moïse. Yo di ke tout kriminèl yo arete nan tantativ sa a, se prizonye politik yo ye. Youn nan konplotèz k ap pral pale ak laprès pou pwoteje poutchis yo se Jij Wendelle Coq. Pou plis detay gade la ⬇:
https://lenouvelliste.com/article/226157/larrestation-du-juge-yvickel-dabresil-est-une-attaque-contre-la-cour-de-cassation-denonce-la-juge-wendelle-coq

Prezidan pouvwa jidisyè ki konnen se yon koudeta vre, pibliye yon kominike pou mande otorite prizon yo trete byen Jij pouchis Ivickel Dabrésil. Pou plis detay gade la ⬇:
https://www.gazettehaiti.com/node/2588

Yon sèl Badio…
Youn nan moun ki patisipe nan tantativ touye Prezidan Jovenel Moïse le 7 Fevrier 2021 nan Tibwa e ki patisipe nan touye prezidan an le 7 Jiyè 2021 se Felix Badio Joseph. Apre asasina prezidan an lajistis ak lapolis t ap chache Badio ki te nan kache. Nan mwa Desanm 2022 pandan li nan kache, Badio te pibliye yon odyo kote li te fè gwo menas sou premye minis Ariel Henry. Li te di li pap kite yo sakrifye l poukont li. Pou w tande odyo sa gade la⬇:
https://youtu.be/pfiH33WqUi0

Pi devan, an Novanm 2023, lajistis pral mete Badio anbakòd. Pou plis detay gade la⬇:
https://rezonodwes.com/?p=322107

Lendi 10 Fevrye 2025 se menm Badio sa a ki parèt nan kou dapèl kote li fè anpil revelasyon. Genyen ki nouvo e genyen ki an kontradiksyon a odyo li te lage an Desanm 2022. Pou w tande temwayaj konplè Badio nan kou dapèl pòtoprens 10 Fevrye 2025 gade la ⬇:
https://youtu.be/tKzIQa1KAPY?si=yfRyC3akbA8GLOZB

Revelasyon Badio Joseph dwe pouse 3 Jij kou dapèl yo Emmanuel Lacroix, Frémond Daméci ak Denis Cyprien ansanm ak Komisè gouvènman devan kou dapèl, Mèt Louis Laviguens tounen analize dosye tantativ asasina Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier 2021 pou komprann sak te pase 7 jiyè 2021, paske planifikasyon krim sa a kòmanse depi 7 Fevrye.


Jij kou dapèl ak Komisè gouvènman devan kou dapèl gen anpil kesyon pou yo poze pou yo jwenn laverite. Yo dwe kesyone Mario Beauvoir, Pierre Esperance, jij Walther Wesser Voltaire, Marie Louise Gauthier, Emmanuel Sanon, John Joel Joseph, James Solages, Anacasis, Dimitri Herard elatrye. Gen anpil kesyon pou yo poze Badio Joseph tou. Epi apre interview Metropole la kote Léon Charles te di li gen bagay nan men l Jij yo ta dwe mande l kisa e anmenm tan reponn kesyon Dimitri Herard soulevé yo.

Yon lis 20 kesyon obligatwa
Men yon lis18 kesyon trè serye ki fèt pou poze :


1-Poukisa Jij Walther Wesser Voltaire fè blakawout sou tantativ 7 Fevrier 2021 pou touye Prezidan Jovenel Moise?


2-Poukisa Jij Walther Wesser Voltaire pat arete Pierre Esperance ki sanble se enstigatè manda ilegal kont Prezidan Jovenel Moïse


3-Kijan Marie Louise Gauthier, Marie Antoinette Gauthier, Ivickel Dabrésil rantre nan tantativ touye Prezidan Jovenel Moïse?


4-Ki jenèz konplo 7 Fevrier ki kòmanse avec manda ilegal Jij Roger Noëlcius siyen?


5-Kòman Jij Roger Noëlcius rive fè manda ilegal sa nan itilize dosye la Saline aloske te gen yon Jij ki ofisyèlman tap jere dosye la Saline nan Chavannes Etienne?


6-Kòman fè Jij Morin ki vin pran dosye la Saline pa janm pale de manda ilegal Jij Roger Noëlcius te emèt nan dosye la Saline a pati rapò 1 dec Pierre Esperance?


7-A kiyès Pierre Esperance e Mario Beauvoir te travay pou jwen manda ilegal sa?


8-Poukisa Jean Roger Noëlcius al refijye l Canada apre li fè manda ilegal sa?


9-Poukisa nan tout moun Canada ap sanksyone Roger Noëlcius ki rete Gattineau pa nan list sanksyone?


10-Kiyès ki fè Jij Roger Noëlcius pati?
11-Èske se vre Esperance bay Jij Jean Roger Noëlcius 300 mil dola pou manda ilegal sa? Ki oligak ki bay Esperance kòb sa a pou peye jij Noëlcius ?


12-Moun ki te vinn temwaye sou dosye la Saline yo, kiyès ki mennen yo? Èske se André Michel ki t al mobilize yo?
13-Georges Dere Badio di ki moun ki te nan reyinyon lojistik ak li, avèk John Joel Joseph kay Dere. Èske Badio bay Jij Voltaire enfòmasyon sa a ?


Poukisa nom Hector Anacasis site?
14-Kòman fè Jij Voltaire pa arete Georges Dere? Eske George Dere se avoka Dimitri Vorbe?


15-Poukisa Badio ap fè divèsyon li pa bay detay sou tout aspè finansye krim nan kote li konnen tout detay sou oligak Boulos, Vorbe elatrye ki enplike ansanm ak kèk lòt oligak olye li pale sèlman de manipilasyon Jij Walther Wesser Voltaire ki touche? Kisa l ap kache?


16-Kote Georges Dere? Poukisa li pa arete alòske reyinyon planifikasyon an, se lakay li ke sa fèt ak Badio e John Joel Joseph ki pale de sa Florida?


17-Èske ekip FBI ki travay sou dosye Prezidan Jovenel Moïse te déjà konpromèt? Kijan fè Arcangel Pretel k ap travay pou FBI Nouyòk 2017 enplike? Kiyès Washington ki te bay Antonio Intriago feu vert pou asasina a?


18-Ki enplikasyon Fantòm 509 nan touye Prezidan Jovenel, si Badio di enfòmasyon sou 14 jen lè Prezidan an sot Turquie, ke li pa t ka pa an kontak ak Fantòm 509 ki te dwe touye prezidan an aewopò lè l tounen.


19- Eske anrejistreman konvèsasyon Dimitri Herard a Prezidan Jovenel Moise ilegal? Bay ki bòs li voye kopi konvèsasyon sa? Michel Martelly?


20- Eske se vre Leon Charles deplase kòmandan Petyonvil 2 jou anvan krim nan epi enstale l yon jou apre krim nan?

Odisyon 10 Fevrye 2025 sa a, li pete yon gwo abse e louvri pòt pou lajistis. Si jij kou dapèl yo pa pwofite pou poze kesyon sa yo, pou mare tout asasen yo, se ke yo pap fè travay yo. Si sa rive 3 Jij sa yo ap soti mal anpil devan listwa.

Dènye enfòmasyon ki parèt sèke mèt Emmanuel Jeanty ki se avoka Madan Martine Moïse pap kapab reprezante l ankò paske gen konfli enterè. Mèt Jeanty ap travay jodia kòm konseye Emmanuel Vertilaire ki nan konsèy prezidansyèl tranzisyon (CPT). Manb CPT yo ap saboté jistis pou Prezidan Jovenel Moïse. Kidonk gen konfli enterè. Konfòmeman a atik 56 dekrè 29 Novanm 1979 ki jere pwofesyon avoka mèt Jeanty kòm gentleman dwe rekize tèt li.