Pa Soto Grand-Bois Cornillon

Lavalas, Verite-Inite k ap jere konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) ak primati fè 4 masak an 3 mwa ak gang yo. Yo masakre moun lestè, waf Jeremie, lopital jeneral e kenscoff. Yo boule tou lopital Bernard Mevs.

A travè Rosemila Petit Frere e minis santé piblik yo voye 20 milyon goud bay gang pou operasyon lopital jeneral. A travè kès asistans sosyal e ministè enteryè yo voye 18 milyon goud bay chèf gang krisla pou atake Kenscoff. Yo voye militan Dikson Oreste pote kòb leta pou plizyè chèf gang pami yo Barbecue ak Izo. Fritz Jean ak Fils-Aime nonmen nan tèt meri pòtoprens Youry Chevry yon chèf gang Fantòm 509 nan tèt meri pòtoprens.

Apre tantativ lage solda kolonbi ki touye Prezidan Jovenel Moïse pou kòb, Prezidan KPT a Leslie Voltaire konn kouri, li pa konn kache, koz deklarasyon 2 grenn goch ak vye konpòtman Leslie Voltaire nan peyi Lafrans. Gade video sa:

Stanley Lucas fann Lavalas Aristide e Leslie Voltaire pou krim y ap komèt kont pèp ayiti ansanm ak koripsyon nan leta. Sa deranje fanmi lavalas, gade video sa: https://youtu.be/IkqXq-_q2d8?si=AMkNzh0C5qVuaHaF

Si Stanley Lucas te Ayiti mwen kwè yo t ap deja al deyè asasine’l kòm lavalas, Verite-Inite gen abitid touye moun k ap pale verite. Nou sonje jan yo touye mèt Aspil Magloire poutèt verite sa yo ki te soti nan bouch li, tande:

Twòp verite sot nan bouch Lucas sou asasina prezidan Jovenel e lòt krim mesyedam lavalas yo fè.

Apre masak popilasyon an primati a planifye nan kenscoff Stanley Lucas di tou Premye Minis defakto Didier Fils-Aime te dwe revoke deja si ekip KPT yo pat yon gwoup gang. Stanley Lucas nan entèvansyon li montre leta fon nan gang.

Fils-Aime, oligak Dimitri Vorbe, Olivier Barrau ki se mèt chèf primati’a reprezante yon menas pou tout Ayisyen. KPT a se yon faktori k ap pwodwui masak. Ayiti ak pèp li an danje toutbon.