Pa Anbasadè Stanley Lucas
Wòl egzak lakoudèkont
Ayiti gen plizyè kalite tribinal. Youn ladan yo se koudèkont ki ekziste depi apeprè 200 zan. Li la pou kontwòle depans leta. Li la tou pou jije kontansye administratif. Li bay avi li sou kontra leta siyen e li sipèvize si kontra ki siyen yo byen ekzekite.

Oligak yo pran kontwòl lakoudèkont
Depi apeprè 15 an, kèk oligak ak politisyen anakopopilis, ki restavèk oligak yo, pran kontwòl koudèkont. Sa yo fè, yo manipile enstitisyon sa a pou regle zafè ekonomik ak politik pa yo. Sa vin lakòz enstitisyon sa a pèdi tout kredibilite nan je pèp la. Popilasyon an ta renmen yon koudèkont endepandan, pou redisyon dè kont tounen yon reyalite pou tout fonksyonè ak politisyen k ap travay nan 3 pouvwa leta dayiti. Sa poko rive.

Twòp manipilasyon politik. Konpòtman politik mounpa ak koripsyon kèk manb koudèkont kraze kredibilite enstitisyon sa.
Yon mafya voras kidnape koudèkont

Lè Prezidan Jovenel Moise te la, te gen yon ekip voras ki t ap frape. Nan ekip sa a te gen oligak tankou Vorbe, Boulos, avèk kèk militan dwamoun, tankou Pierre Esperance ak Gédéon Jean plis politisyen zoboukechen tankou Nènèl Cassy. Se ekip sa a ki t ap bay Jij koudèkont dikte sou tout sa ki te dwe ekri nan rapò sou lajan ki depanse nan pouvwa ekzekitif ak lejislatif. Yo te inyore dezòd pouvwa jidisyè.


Kijan mafya sa a fonksyone ?
Metye yo se te envante dosye chak semènn pou destabilize, simen violans gang nan lari ak nan radyo pou avili advèsè politik yo. Anplis desa, yo te konn sèvi ak moun yo kontwole nan koudèkont, pou bloke pwojè ekzekitif la, yon fason pou fasilite koripsyon Dimitri Vorbe nan piye leta. Menm pwojè lekòl yo te bloke pandan plizyè mwa. Men kèk egzanp dezòd politik koudèkont:
- Manipilasyon politik rapò redisyon dè kont petrokaribe a. Rapò sa a te inyore se konpayi privé oligak yo ki t ap jere 78% lajan petrokaribe a.
- Kontra oligak Reginald Boulos pran 2 jou pou l rantre epi soti nan koudèkont alòske kontra leta pou bati lekòl ak mete kouran bloke pandan plizyè mwa.
- Lè Nènèl Cassy deklare nan emisyon ranmase ke li pral achte manb koudèkont, lè sa a okenn responsab enstitisyon an pa reaji.
- Apre asasina Prezidan Jovenel Moise la, militan kowonpi dwamoun Gédéon fè tantativ ak koudèkont, pou yo remèt Jij Wendelle Coq nan kou kasasyon, malgré lapolis soti avi de rechèch pou li pou enplikasyon l nan touye prezidan an.
- Lè jounalis radyo ginen ap chache verite nan sa k ap pase nan koudèkont, prezidan koudèkont lan Rogavil Boisguene, sou pwoteksyon Pierre Esperance, agrese jounalis yo, epi l fèmen yo nan yon biwo l. Men kèk referans:
- https://azinfos-tgv.com/2020/09/25/des-journalistes-agresses-bastonnes-et-sequestres-a-la-csc-ca-radio-tele-ginen-proteste-az-infos-2/
- https://youtu.be/8RD4z7rWPnw?si=BxdWtk2Yq49nAMcs
- https://youtu.be/B_DEFwW9-vY?si=nj_XRpupz7pS5QlP Manb koudèkont yo tounen bèbè pwofesyonèl
Nan mwa ki sot pase la a, tout moun swuiv dosye 100 milyon goud ransèyman ki te dwe sèvi pou ranfòse sekirite peyi dayiti ke manb CPT volè. Koudèkont bèbè, je wè bouch pe. Si se te sou Prezidan Jovenel Moise rapò sa a t ap deja nan lari e sou tout radyo.
3 manb CPT kraze 100 milyon nan bank nasyonal kredi (BNC). Koudèkont bèbè. Si se te sou Prezidan Jovenel Moise rapò tap deja nan lari.

Eskandal fèt sou plizyè kòb ki separe anbachal. Koudèkont bèbè sou koripsyon sa yo.
Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aime, debloke 1 milya 275 milyon goud pou fèt mwa Desanm yo. Lajan sa a depanse san li pa rive jwenn malere yo. Koudèkont bèbè. Si se te sou Prezidan Jovenel Moïse koudèkont t ap gentan fè gwo lòbèy.

Premye Minis defakto a Alix Didier Fils-Aime bay Jerry Tardieu ansyen kolèg li nan Verite-Inite 50 milyon goud cash nan mwa Desanm nan. Lè yon avoka ki nan komisyon ak Tardieu tande sa e li pat resevwa yon goud, l al verifye e konfime kòb la bay. Koudèkont pa di yon mo sou sa.
Depi asasen yo finn touye Prezidan Jovenel Moise plizyè bidjè rektifikatif leta ap separe ant oligak e politisyen asasen poutan koudèkont bèbè sou sa.
Premye Minis defakto a, Fils-Aime, bezwen retire 25 milyon dola vèt nan bank santral peyi a pou mete l sou kont bank de linyon ki gen pwoblèm, eske koudèkont ap bèbè?
Yon demokrasi serye fèt pou gen yon koudèkont endepandan
Nan yon bon demokrasi, kontwòl depans leta ki se kòb taks pèp la enpòtan ampil. Redisyon dè kont kontwole tout oligak ak politisyen onèt. Pou nou rive la fòk nou gen yon koudèkont ki endepandan. Fòk enstitisyon sa a gen moun kalifye, onèt ki gen pèsonalite, ki pa nan trafik infliyans. Koudèkont Ayiti poko la, e nou tout ap péyé pousa. Fòk nou kontinye batay pou sa chanje.
