Yon prezidan tanbou 2 bounda
Yon prezidan tanbou 2 bounda : yon kote, l ap achte figi pèp la, yon lòt kote, l ap vann peyi a bay blan. Fò nou pa etenn memwa nou pou entelijans nou pa nan blakawout.
Tout moun fèt pou sonje jan Aristide te vòlè 5 milyon dola vèt ke Taiwan te bay Ayiti. Li te pran kòb sa a pou regle zafè pèsonèl li. Peyi a pa dwe kite sa rive ankò. Aristide se pi gwo reprezantan loksidan Ayiti. Li toujou siyen pou bay blan tout sa yo vle. Anmenm tan l ap fè kòb ak blan.
Aristide siyen pou fè 22 mil solda meriken debake sou tè Dessalines nan, anmèm tan misye te pran pòz li kwè nan Charlemagne Peralte nan diskou demagojik li te konn fè yo. Se pa sonje ki soutire rekòmanse.

Se menm Aristide sa a ka pral mandate Leslie Voltaire pou siyen Akò Paris. Yon kado Aristide bay oligak ak blan kowonpi pou yo te ka rich sou do peyi dayiti.
Lagoch Barbancourt
Fo gòch sa a, ke pèp ayisien rele lagòch barbancourt, sa vle di yon goch k ap sèvi ak kòb e byen leta pou mennen bèl lavi plezi ak jwuisans pandan y ap meprize bezwen de baz malere. Lagoch Barbancourt lavalas sa a, se li ki siyen pou fè 17 mil solda nasyonzini debake nan peyi dayiti an 1995. Solda sa yo pral pote kolera ki touye preske 10 mil Ayisyen e kontamine plis pase yon milyon. Nasyonzini nan politik rasis li pa janm dedomaje fanmi viktim ki mouri anba kolera MINUSTAH yo.

Se menm Aristide sa a ki te konn fè diskou demagojik pou di kapitalis se peche mòtèl. Poutan se menm Aristide sa a ke yo pral kenbe nan volè kòb teleco ak blan meriken ke yo mete nan prizon. Konpayi Aristide sèvi pou fè koripsyon sa yo se : IDT, Fusion, Skytel Cinergy, IPIP/Terra, Mount Salem, Comcel, Globo elatrye, gade la⬇️:
https://www.thekomisarscoop.com/2021/02/backstory-corrupt-ex-haiti-pres-aristide-compromised-us-atty-bharara-the-lying-economist/

Peyi a bezwen yon veritab reparasyon
Aristide tounen avèk zafè reparasyon sa a avèk Leslie Voltaire, paske li bezwen kòb nan men franse pou lopital pèsonèl l ap bati. Anbasadè franse Fabrice Maurièz ki te chita a Aristide gen kèk mwa desa se zanmi pèsonèl li, konpayèl li. Pwopagand Leslie Voltaire sou dosye reparasyon an, se zafè pèsonèl k ap regle. Yon lòt fwa ankò sa fè anpil moun sonje kijan Aristide te detounen kòb Taiwan te bay Ayiti. Si gen yon bagay serye ki dwe fèt nan koze reparasyon an, se yon komisyon nasyonal ki dwe okipe sa. Lavalas kanpe lwen, ou p ap ka volè kòb sa. Ayisyen pa egare.

Si mesyedam lavalas sa yo ki nan CPT volè epi separe kòb ransèyman ak kòb nan BNC se pa kòb reparasyon an kap chape si yo met men sou li.
Pou li kèk lòt referans⬇️