Par ambassadeur Stanley Lucas
7 Janvye 2024 a p fè 42 mwa depi asasen yo touye Prezidan Jovenel Moïse. Asasen yo tankou lisifè fè peyi dayiti tounen lanfè anba ensekirite, mizè e tout kalte soufrans. Koudeta sou koudeta akonpaye de tranzisyon ki pi volè.
Lè oligak asasen ak politisyen kriminèl yo fin sèvi ak solda kolonbi pou touye Prezidan Jovenel Moïse, nan manèv pou fè 2 stil koudeta, yo pran kontwòl pouvwa ekzekitif ak pouvwa jidisyè nan peyi dayiti.

Nominasyon, koripsyon, manipilasyon
Apre oligak yo fin enstale Ariel Henry kòm premye minis nan tèt pouvwa ekzekitif la, yo nonmen 6 eleman kowonpi alatèt konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ). Yo nonmen tou 8 Jij kowonpi nan lakou kasasyon epi yo renouvle manda 58 jij.



Pouvwa jidisyè a nan men asasen yo
Finalman, pou yo manipile rapò ak òdonans sou asasina Prezidan Jovenel Moise la, oligak yo sèvi ak minis lajistis ke yo mete e ak dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens, pou fè nonmen Walther Wesser Voltaire, yon Jij enstriksyon ki soti nan menm pati ke yo, Verite-Inite. Se Paul Denis manb fondatè Inite ki te mete Jij Voltaire nan sistèm jidisyè a, lè li te minis lajistis. Pouvwa jidisyè a nan men asasen yo nèt.
Lè yon avoka nan bawo Mirebalais a, ki se yon Militan dwamoun, mèt Aspil Magloire, denonse sa, oligak yo ak kriminèl pouvwa jidisyè a voye gang touye li epi boule kò li. Pou plis detay sou deklarasyon mèt Magloire, yon ewo pou demokrasi ak lajistis, gade videyo sa a ⬇️:
42 mwa pase, barik mayi a toujou la
42 mwa apre asasina Prezidan Jovenel Moise la, oligak Réginald Boulos ak Dimitri Vorbe sèvi ak Pierre Esperance, André Michel, Samuel Madistin pou achte Jij epi trafike lajistis, malgré manda ki fèt kont yo, depi 9 Jiyè 2021, pou enplikasyon yo nan asasina prezidan an. Yo voye atoufè k ap travay pou yo kowonp Jij, pou trafike rapò sou asasina prezidan an ak òdonans pou yo. Menm atoufè sa yo fè manda ak rekizitwa sipletif enfòme disparèt. Yo voye gang kase 2 prizon pou fè 42 prizonye ki patisipe nan asasina prezidan an sove.
Y ap chache lage solda kolonbi ke pèp la mare pou krim. Oligak yo kontwole CPT, Fils-Aime, CSPJ, Kasasyon ak Montana ki restavèk yo.




Yon stratéji ki chita sou 4 poto
Oligak yo genyen yon strateji pwopagann politik ki chita sou 4 poto.
1-Premye poto a : bloke lapawòl
Yo menase retire piblisite oubyen peye kèk radyo pou anpeche tout moun k ap mande jistis pou Prezidan Jovenel Moise yo pale. Yo mete anbago nan mikro pou moun sa yo. Pou yo ka fè sa, yo sèvi ak kolaborasyon kèk pwoprietè radyo ak jounalis ki gen emisyon.

2- Dezyèm poto a : met presyon sou jounalis.
Anmèm tan y ap kontinye pwopagann pou bloke jistis pou Prezidan Jovenel Moïse e pou pwoteje oligak kriminèl yo, y ap fè kèk ti kontra sekrè ak 3 jounalis ki pran pòz endepandan yo. Epi, pandan y ap pran pòz yo p ap bay manti, y ap atake viktim yo pa anba, ak tout moun k ap mande jistis e ki fokis sou oligak yo. Jounalis ki rantre nan lojik pwopagann sa a pou oligak yo fè 4 tantativ konsa. Lè yo wè yo ka konpwomèt devan je pèp la, yo rale kò yo, mouri poul yo, annatandan yo jwenn yon jan pou rekòmanse, pou yo ka jistifye kontra yo siyen e yo touche kòb pou li.
3-Twazyèm poto a : fè gwo divèsyon
Yo gen yon lòt syans mastèbrenn, se kreye divèsyon, tankou yo touye Prezidan Jovenel Moïse, paske li t ap pran kontak a larisi Poutine nan. Doktè Large, ke Aristide te voye repete sa, se champyon nan pwopagann avili Prezidan Jovenel ak fo dosye sa. Si nou gade byen, gen 22 peyi nan rejyon an ki gen relasyon ak larisi, yo pa touye prezidan lakay yo pousa ! Lè blòf sa a pa mache, yo te eseyé yon pwopagann dwòg, ak 54 milyon dola vèt, ki swadizan te kay Prezidan Jovenel. Boulos te voye Esperance sou radyo l Vision 2000, al lage pwopagann sa a. Sa pa mache.
4-Katryèm poto a : simen boul malatchong
Pa egzanp, oligak yo voye atoufè k ap travay pou yo al di Martine Moïse gen kesyon pou l reponn. Pwopagann sa pa mache tou, paske John Joel Joseph, yonn nan kriminèl yo kondane nan tribinal Florida a, rekonèt ke l touye prezidan an e ke l te tire sou madanm li. John Joel Joseph mande fanmiy Moïse padon. Lè sa pa mache, oligak ak parenn, ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse, kase prizon pou lage Dimitri Hérard. E yo voye l fè yon lòt divèsyon.
Oligak yo ap travay tou sou pwochenn faz koudeta a. Nan pwochenn faz koudeta a genyen yon pwojè refòm sou konstitisyon an ak yon koudeta elektoral.
Yon bèl koudeta konstitisyonèl an preparasyon
Nan move kou yo pral bay pèp la nan konstitisyon an, yo pral sèvi ak yon swadizan konferans nasyonal, pou yo fè move kou sa a. Pouvwa ki la a, se pou Jocelème Privert l ap travay. Yo mete Jerry Tardieu, Enex Jean Charles, Lucien Francoeur pou bay kou sa a. Tardieu te kanpe anfas refòm konstitisyon an e li t ap sabote pou oligak yo lè Prezidan Jovenel Moïse te la.
Jerry Tardieu patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse, se pousa lajistis te voye manda pou li, 9 Jiyè 2021. Lajistis te konvoke l tou apre oligak yo te ampwazone Prezidan Preval. Li te vin mande 50% kòb pal nan dil elektrisite a. Oligak yo te kase fèy kouvri sa nan achte sètifika desè a. Men kopi manda lajistis te fè pou Jerry Tardieu a, pou tèt asasina Prezidan Jovenel la, e atik ki te parèt nan jounal le Nouvelliste, apre yo touye Preval. Annatandan Jerry Tardieu gentan pran 50 milyon goud cash nan men Fils-Aime. Li tal eseye pran kòb nan men CPT tou, men sa pa mache, paske nèg sa yo trè sansib pou kòb yo. Tardieu, ki voras anpil, gen tan pran kòb tou nan PNUD la, pou la l fè yon demagoji nan otèl Cormier Okap.

Koudeta elektoral y ap pare a, se avèk vòt nan telefòn, avèk kolaborasyon CONATEL, ki sou kontwòl total yo. Yo déjà sèvi ak CONATEL pou mete baboukèt sou plizyè radyo. P ap gen anpil mwayen kontwòl. Ki sitwaywen ki vote vre nan koze vote nan telefòn nan? Gen kèk blan kowonpi nan PNUD la, oligak yo ap eseye kowonpi yo pou yo rantre nan lojik sa a.


Atansyon nan plon gaye !
Nan peyi etazini gen plizyè kriminèl ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise ki déjà kondane. Ane sa a, Jij meriken ki sou dosye a, gen pou l deside si pou l gaye nan opinyon piblik la tout kakachat ke yo t ap sere nan kase fèy kouvri sa !. Administrasyon Prezidan Trump, k ap monte le 20 Janvye a midi, déjà anonse ke gen plizyè dosye, ki klase sekrè ke yo pral deklase nan plizyè ka asasina. Nan dosye sa yo, gen zafè asasina Prezidan Kennedy a. Posibilite deklasifikasyon sa a enkyete kèk gwo palto meriken ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise.
Ki wòl Kolonbi nan bouyonmimi sa a ?
Sendomeng ak Kolonbi nan magouy toujou. Nan mwa dout 2021, sèvis sekrè militè te enfòme Prezidan Kolonbyen Ivan Duque ke yo te jwenn yon gwoup WhatsApp, kote solda kolonbi yo t ap fè echanj anvan, pandan e apre asasina Prezidan Jovenel Moïse la. Apati de mesaj sa a Prezidan Duque te konfime ke, efektivman, te gen solda kolonbi nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Li te mande Ayiti padon pou sa. Prezidan Kolonbi ki la jodia, Gustavo Petro, pa klè avèk Ayisyen sou dosye sa a. Pèp la remake tou ke Leslie Voltaire (CPT), menm jan ak Dimitri Herard, ap fè yon pakèt monte desann Kolonbi, pèsonn pa komprann.
Sendomeng nan blakawout
Kanta pou Sendomeng, se blakawout nèt… Gouvènman Dominiken poko bay Ayiti eksplikasyon sou plizyè aspè krim sa a. Kijan fè otorite dominiken yo kite solda kolonbi pase sou teritwa yo, pou vinn touye Prezidan dayiti ? Eske gen yon asosyasyon ant Prezidan Luis Abinader ki se yon libanè-dominiken ak Dimitri Vorbe e Reginald Boulos libanè-Ayisyen nan ekzekisyon krim sa a? Kijanfè se Gonzalo Castillo, yonn nan ansyen kandida pou prezidan Sendomeng, ki bay avyon pou solda kolonbi al pòtoprens pou touye prezidan dayiti ? Kijan fè yonn nan solda Kolonbi ki patisipe pou touye Prezidan Jovenel Moise te sekirite yon oligak
Dominiken?
2025 ane konfrontasyon
Malgre tout kontwòl sa a oligak yo genyen sou enstitisyon leta yo, malgre yon bann aktè politik visye e yon pati laprès ke yo achte, 42 mwa pase deja, epoutan rezistans pèp la ap kontinye byen djanm, malgré tout propagann yo péyé fè. 2025 lan pral yon ane konfrontasyon pou kraze sistèm enjistis sa a, paske se yon sistèm apartheid peze, kòche, pwofite, ki chita sou yon violans, boule, kraze, brize.
Pou plis detay sou dènye manèv kriminèl yo nan koudapèl la pou lage solda asasen kolonbi ki touye Prezidan Jovenel Moïse la, ki kòmanse e k ap kontinye 13 Janvye peze sou lyen sa ⬇️
https://sefirot24.com/2024/12/29/les-juges-de-la-cour-dappel-de-port-au-prince-haiti-sont-ils-des-traitres-et-des-corrompus-au-service-des-oligarques-qui-ont-tue-le-president-jovenel-moise/