Pa anbasadè Stanley Lucas

Depi Ayiti te finn ede Simon Bolivar retire Kolonbi ak lòt peyi bolivaryen yo anba chènn lesklavaj, yo pa janm regle anyen pou nou. Gade videyo sa ⬇️: https://x.com/Stanleylucas01/status/1149464418247294976

Okontrè Latino nou libéré anba lesklavaj bannou kou. Lè yo tapral fè reyinyon Panama pou kreye OEA, yo pa t envite Ayiti ki bayo endepandans.

Pèp la sonje lè Aristide te prezidan jan li te nan trafik dwòg ak chèf katèl kolonbi Pablo Escobar. Aristide kopye modèl Pablo Escobar pou monte gang timoun ak zam nan katye popilè pòtoprens. Yon ti videyo rafrechi memwa ⬇️:

Ajans meriken DEA k ap goumen kont trafik dwòg te kenbe Aristide nan trafik sa ak Pablo Escobar. Titid ranmase 500 milyon dola vèt nan trafik dwòg. Lè DEA te gentan sou wout pou arete Aristide se Prezidan Clinton ki rele pou kanpe operasyon an dapre ajan DEA ki sou videyo sa ki piba. Lè sa DEA pral deside ranmase plizyè bwa dwat Aristide nan sena ak lapolis dayiti ki tap jere trafik la pouli. Men videyo rafrechi memwa ⬇️: https://youtu.be/QMpcWmmDN_M?si=hd9-7k9LNAnR5m2-

Yon ti rapèl sou Kolonbi e asasina Prezidan Jovenel Moise
An 2021 solda kolonbi pase pa Sendomeng pou vinn touye Prezidan konstitisyonèl peyi dayiti Jovenel Moïse.
Lè solda kolonbi finn touye Prezidan Jovenel Moise an jiyè 2021, Prezidan Kolonbi, Ivan Duque, ki te la alepòk te dekouvri a travè entelijans militè e komisè gouvènman kolonbi ke solda kolonbi yo ta p pale antre yo sou yon gwoup WhatsApp anvan, pandan e apre yo touye Prezidan dayiti a. Yo dekouvri tou ke solda yo te konnen anvan yo deplase misyon yo se te pou touye Prezidan Jovenel Moise. Prezidan Ivan Duque te konfime piblikmam ke solda kolonbi yo touye Prezidan Jovenel Moise. Se pousa li te mande Ayiti padon pou krim deta sa. Nap rapele pou listwa yo te jwen solda kolonbi nan tantativ touye Vis Prezidan nan peyi Bolivi e kandida pou prezidan nan peyi ekwatè.

An 2021 solda kolonbi pase pa Sendomeng pou vinn touye Prezidan konstitisyonèl peyi dayiti Jovenel Moïse.

Jodia lè Leslie Voltaire deplase ale Kolonbi ak yon delegasyon, pèp Ayiti mande eske se kase fèy kouvri ka p fèt nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moise oubyen eske se rezo trafik kokayine kap rétabli pou Aristide? Pa bliye Prezidan Kolonbi ki la te chèf yon mouvman teworis M-19, li te nan trafik kokayine e yo kenbe pitit li nan blanchi kòb dwòg.

Si sepa demagoji ka p fèt men sa ki ta dwe regle

  • Prezidan kolonbi ki la jodia Gustavo Petro ta dwe enprime tout mesaj ki sou gwoup WhatsApp solda kolonbi ki touye Prezidan Jovenel Moise epi fè yon dosye avèk tout messj yo. Epi fè 100 kopi dosye sa epi remèt li bay jounalis Ayisien.
  • Leta Kolonbi dwe ofisyèlman mande OEA ak nasyonzini fè yon ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse menmjan yo te fèsa apre asasen te touye Premye Minis peyi Liban Rafiq Hariri.
  • Kòm Kolonbi gen anpil elikotè de gè, yo ta dwe prete Ayiti 4 elikotè konba pou 12 mwa pou konbat gang.

Si yo paka fè sa se rezo trafik dwòg kap rebati e se antant pou kase fèy kouvri sa nan asasina Prezidan Jovenel Moïse ka p fèt. Ayisien pa egare e yo abitye ak engratitid moun sa yo. Wè pa wè lajistis gen pou l triyonfe