Pa anbasadè Stanley Lucas

Aristide sèvi ak zanmi li genyen nan CARICOM pou fè yon koudeta pou pran pouvwa 3 Avril 2024. Yo kreye yon strikti ilegal ki pa nan konstitisyon an ki rele konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) pou pran pouvwa.

Depi yo pran pouvwa a yap vòlè kòb leta, yo rekòmanse menase, touye. Yo fèmen emisyon Boukante Lapawòl. Aristide, lavalas fè peyi dayiti ak pèp li ampil mal. Sitwaywen yo sonje jan Aristide ak lavalas trayi Dessalines, Charlemagne ansanm ak valè e keayans pèp la. Aristide trayi Charlemagne Péralte lè li siyen plizyè fwa pou fè solda etranje debake nan peyi dayiti. Li kraze ekonomi ak anviwonman peyi dayiti nan mete anbago ki touye ampil timoun. Lavalas volè 93% rezèv lò peyi dayiti, yon gwo koripsyon ki kontribye a kraze valè goud la. Se Aristide ki kòmanse enpòtasyon Sendomeng epi kraze prodiksyon nasyonal.

Se lavalas tou ki kraze prodiksyon diri latibonit nan enpòte diri lapè. Se Aristide ki kreye premye gang yo nan bay timoun Site Solèy zam pou al touye, kraze, brize pou li. Aristide volè 17 milya goud kowoperativ pou 200 mil malere. Aristide volè ampil lajan leta. Li touye ampil jounalis, militan dwa moun ak opozan politik. Aristide fè boule lokal pati politik ak kay lidè politik. Aristide te nan trafik kokayine. Sa ou pral li piba nan dokiman sa se yon ti bilan pasyèl sou jan Aristide kraze leta dayiti ak pèp la. Yo akonpaye de kèk referans videyo e atik jounal.