Otè: Stanley Lucas*

Lè Prezidan Jovenel Moise deside an 2019 li pral kraze sistèm ekonomik peze souse, ki chita sou monopòl, kap fè oligak pi rich chak jou pandan yo kenbe malere nan mizè ak depradasyon, oligak yo deside yap éliminé Prezidan Jovenel. Nan je oligak yo malere dwe rete kote yo ye atè a nan malsite, sistèm nan pa dwe chanje. Wa di yon plantasyon ki gen esklav ak mèt.

Nan premye tantativ koudeta a, oligak yo, Vorbe, Boulos, Baussan, Deeb elatrye achte kèk medya pou sal karaktè Prezidan Jovenel epi yo achte kèk palmantè pou enkilpe li sou baz manti yon fason pou pou te metel atè. Koudeta sa echwe. Tande videyo sa kote Prezidan Jovenel tap reaji sou jan oligak yo tap sal karaktè li nan radio paske li tap kraze sistèm peze souse a ➡️ https://youtu.be/zIrGTLGkWW0?si=r73HPYdIlVbpyctX

Nan dezyèm tantativ koudeta a oligak yo sèvi ak oganizasyon politik, MOPÒD, Verite-Inite, SDP, Pitit Desalin epi lavalas pa anba pou fè violans peyi lòk. Pandan peyi lòk, pou fè koudeta oligak petyonvil yo sèvi ak politisyen e gang pou kaponnen popilasyon an. Politisyen SDP, Verite-Inite, Pitit Desalin ak lavalas sèvi ak gang yo pou boule lekòl, boule mache ak machandiz ti machann. Yo boule tribinal, yo boule komisarya polis, yo boule byen ak biwo leta. Yo touye anpil malere. Yo atake lopital ak anbilans, yo bat ti machann ak malere nan lari pòtoprens, yo kidnape yo epi fè tout kalte menas ak abi sou yo. Dezyèm tantativ koudeta echwe. Men 4 referans videyo pou rafrechi memwaw sou sa:

  1. https://youtu.be/W99Rsqs-IZQ?si=oXqsvJ83JyvurdFt
  2. https://youtu.be/OJZV89s82ok?si=1pOq-60NNnY3WTdQ
  3. https://youtu.be/Ra8pMRecqeI?si=SXvTpTuSmPmjAvq2
  4. https://youtu.be/_j18bC0Vpzw?si=9bVHZ1DQzUjdtXuS

  5. https://youtu.be/WPxeD_lJDs0?si=Q4O1W4QSO2d283X6

Twazyèm tantativ koudeta ap yon dekabès. Yon bò, oligak Reginald Boulos pral remèt Jij kowonpi kou kasasyon Joseph Mecène bay André Michel (MOPOD-SDP) pou fè tantativ koudeta kont Prezidan konstitisyonèl peyi dayiti Jovenel Moise. Yon lòt bò, oligak Dimitri Vorbe pral sèvi ak Jij Ivickel Dabresil ak kèk lòt atoufè pou fè tantativ pou touye Prezidan Jovenel sou abitasyon Vorbe yo nan ti bwa. Tantativ koudeta dekabès sa yo ki fèt nan mwa Fevrye 2021 echwe ankò. Pèsonn pap bliye wòl Pierre Espérance ak Jij Jean Roger Noëlcius ki fè yon fo manda pou fasilite tantativ koudeta ak asasina Prezidan Jovenel Moise. Pèp la pa bliye òdonans manti Jij Wilner Morin nan dosye lasalin nan ki ede krim sa fèt. Men 3 ti videyo rafrechi memwa ki montre jan oligak yo achte sistèm jidisyè a, ki pouri, pou kore violans, pwoteje gang epi fè koudeta ➡️

  1. https://youtu.be/GjkqW_nS1W4?si=kT2V42MifZvjvHMr
  2. https://youtu.be/4mqdjN6A1mY?si=cnf1kYAMGHe0yj5l
  3. https://youtu.be/JZHPXJ3sEh4?si=mz7W-JWf0N6XdWtR

Pandan peyi lòk epi lè 3 tantativ koudeta sa yo tap fèt, oligak petyonvil sèvi ak MOPOD, SDP, Verite-Inite, lavalas, Pitit Desalin ak gang yo pou touye 37 mil ayisien, moun nwa nan katye popilè. Yo fè plis pase 5 mil kidnaping sou popilasyon an. Oligak ki dèyè tout krim sa yo se teworis ki pa valorize lavi.

Pandan menm peryòd sa pa gen okenn oligak ki pèdi lavi yo. Pagen okenn oligak ki kidnape. Lavi oligak se yon bagay siperyè. Valè lavi oligak se yon bagay siperyè. Nan filozofi racist oligak yo lavi malere ki nwa pa gen valè. Oligak la pagen pwoblèm pou sakrifye yo.

Apre 3 eshèk sa yo, lè oligak yo wè Prezidan Jovenel kenbe yo nan volè kòb kouran, nan volè kòb gaz, volè nan trafike goud la pa rapò a dola a, lè yo wè Jovenel soti tout bon pou kraze sistèm peze souse a, oligak petyonvil yo, Vorbe, Boulos elatrye pral fè yon katryèm tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moise.

Yo sèvi a Jij Kou Kasasyon Wendelle Coq, Ariel Henry, Kato, John Joel Joseph, Martelly elatrye. Yo péyé ansyen solda kolonbi ki pase Sendomeng pou vinn fè krim sa ayiti. Oligak yo péyé tou 3 baryè sekirite ki te dwe pwoteje Prezidan an ak fanmi li. Sa vle di yo péyé epi achte kèk polisye nan USP, USGPN, CAT team pou livré Prezidan Jovenel.

Pou montre fòs yo ak awogans yo, pou montre lavi yon ti nèg nwè pa vo anyen, oligak yo fè tòtire Prezidan Jovenel Moise anvan yo touyel 7 Jiyè 2021. Fason oligak yo touye Prezidan Jovenel, se yon mesaj klè pou montre lavi yon moun nwa nan peyi dayiti pa vo anyen. Mesaj la klè pou tout moun nwa. Si yo ka fè yon krim konsa sou yon Prezidan ale wè pou oumenm ki nan lari a.

Pou montre fòs yo sou pouvwa jidisyè a ak kolaborasyon Pierre Esperance, Boulos fè avoka li ak André Michel ekri rapò sou asasina Prezidan Jovenel Moise ansanm ak òdonans ke Jij kowonpi Walther Wesser Voltaire pibliye. Se avoka oligak yo ki ekri rekizitwa a pou Elder Guillaume ki pran pòz iyore fo manda Jij Jean Roger Noëlcius ansanm ak òdonans pouri Jij Wilner Morin. Li pran pòz li pa konnen ki avoka oligak ki ekri rapò ak òdonans pou Jij kowonpi Walther Wesser Voltaire sou asasina prezidan an.

Apre oligak yo ak politisyen restavèk yo touye Prezidan Jovenel Moise, yo enstale ilegalman Ariel Henry, CPT ak Fils-Aime nan tèt leta. Pou lajistis pa rive sou yo, yo mete ilegalman moun pa yo nan kou kasasyon, Tribinal Premyè enstans epi nonmen 54 jij.

Pandan 40 mwa apre oligak yo touye prezidan an, yo itilize violans gang yo pou jere popilasyon an. Oligak yo fè gang yo touye yon lòt 17 mil moun nwa nan katye popilè yo. Oligak yo fè gang yo kontinye kidnape plis malere.

Pandan 40 mwa sa, pagen yon oligak ki mouri oubyen ki kidnape. Lavi oligak gen gwo valè aloske lavi moun nwa pa vo anyen.

Gwo doktè ki analize reyalite sa bali nom rasism sistemik. Sa vle di oligak yo panse koulè po klè fè yo siperyè pa rapò ak moun nwa peyi dayiti. Kidonk yo panse yo gen tout dwa pandan ke moun nwa yo pa gen okenn dwa. Oligak yo plake Ideyoloji sa anpil kote nan sosyete a ansanm ak enstitisyon ekonomik, politik e sosyal lets yo kap diskrimine moun nwa maten, midi, aswè. Sistèm apartheid sa dwe kraze.

Pouw ka komprann sa rasism sistemik ye an nou pran yon ekzanp.

Pandan 40 mwa ki sot pase la, oligak yo voye gang yo kidnape, touye malere nan Site Solèy, Kafou, Matisan, Solino, Taba, Pon Sonde elatrye. Lè krim sa yo ap fèt enstitisyon leta yo ki sou kontwòl oligak yo ak politisyen ki restavèk yo non sèlman pa reaji kòm sa dwa, yo konpòte yo komsi sa nòmal. Fas a sitwaywen kap rele anmwey pou mande sekou, oligak yo ak politisyen ki restavèk yo reponn, eske sa deranj?

Men, lè gang yo deside atake petyonvil ki se baz oligak yo, ou wè kijan lapolis motive pou fè travay li kont gang. 2 konpòtman diferan sa yo montre klèman lavi moun nwa kap viv nan katye popilè yo pa gen menm valè ak lavi oligak kap viv petyonvil. Sa se racism sistemik onivo politik.

Men yon ti videyo sou racism sistemik onivo ekonomik➡️

  1. https://youtu.be/jRPUngIx-mo?si=2d4x2NHdkle7dbdM

Kòm CPT, primati a, gang yo, nan men oligak yo kap fè krim sou pèp la epi pratike diskriminasyon, pèp la gen yon sèl solisyon se kraze sistèm racist e kriminèl sa. Atis yo gentan komprann sa. Gade videyo sa➡️ https://youtu.be/HSzlmMkQXM4?si=gAbbFtpdIvpv5bai