Biron Odigé kòdonatè nasyonal Viv Ayiti a dil santil endinye pou jan nèg a zam fin touye polisye yo ,jou ki te dimanch 9 jwin 2024 la e imilye yo,Li mande moun ki te itilize zouti gang nan pou detwi lavi pèp la pou yo pale avèk yo paske peyi a pa gen anyen ki rete  » PHTK pale ak gang yo silvouplè,pèp la bouke,yo bay lajan petwo Karibe a vag ».

Lidè a pwofite pale ak manm konsèy prezidansyèl tranzisyon an ki gen yon gwo responbilite sou do yo,paske sektè politique la pat vle konsèy prezidansyèl,men pito reyini tèt yo e fè chwa yon prezidan eli ak yon premye minis,men akoz pati politik yo pa ka antann yo,blan an ba yo konsèy prezidansyèl sa,fòk yo fè pridans pou sak rive ansyen Pm Ariel Henry a pa rive yo ak pèp la.

Yon lòt bò, Sekretè Nasyonal pati a Rony Timothée mande pou leta bay polis la plis ankadreman, ba yo bon jan materyèl pou kontre kare ak san fwa ni lwa yo pou polisye yo pa imilye nan fason sa a.

Nap raple sou konsèy prezidansyèl tranzisyon an 2 polisye (UTAG) gentan pèdi lavi yo,youn disparèt,lòt la blese.