Le 1er Jen 2026 jij Pierre Denis Cyprien enkilpe Jean Monard Météllus nan dosyé asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina Premyè Dam Martine Moïse ki fèt 7 Jiyè 2021. Pou plis detay gadé la 👇🏿:

Apré manda de konparusyon 1 Jen an, Jij Cyprien te voyé yon manda damené pou Jean Monard Météllus. Selon lalwa jij Cyprien pa kapab transfòme manda damené sa an manda denvitasyon e li pa ka bay sursis. Kidonk ki sak pase nan biwo jij Denis Cyprien ke péyi a pa komprann?
Jodia 10 out 2026 majò jon SDP-MOPÒD yo André Michel ak Simon Desras ki patisipe nan operasyon Bolivi pou detwui Prezidan Jovenel Moïse débaké nan kou dapèl pòtoprens apré aranjman Samuel Madistin avoka Réginald Boulos fè pou yo nan biwo jij Pierre Denis Cyprien selon sak di.
Pou yon ti rapèl sou violans ak dega SDP-MOPÒD fè an Ayiti, teke la 👇🏿:
https://youtu.be/FsVDKWe6sJ4?is=e2T5-RDEGBl34vgV
Aprésa teke la 👇🏿:
https://youtu.be/pF6BAgBsV-4?is=cAVVCS6sY47oUpTY
Pa bliyé se menm André Michel sa ke jij Pierre Denis Cyprien te konvoke e tandé 14 Mai 2026 nan kad ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse
ke jij koupyon Walther Wesser Voltaire te tandé tou 6 Jiyè 2023. Nou konnen apré kòman André Michel te kowonp jij sa.
Pou plis detay tape la https://haitichannelnetwork.com/assassinat-de-jovenel-moise-me-andre-michel-entendu-comme-temoin-devant-la-cour-dappel-de-port-au-prince/
Sakpase jodia 10 out grav anpil onivo légal. André Michel ke jij Cyprien tandé déja nan dosye asasina prezidan an pa kapab anmenm tan avoka jounalis Jean Monard Météllus nan dosyé kriminèl sa. Odisyon jij Cyprien fè jodia vyolé plizyè prensip:
a- Enkonpatibilite de fonksyon
b- Violasyon sekrè pwofesyonèl. André Michel nan dosyé kriminèl sa pandan Jean Monard Météllus ladanl. Pa gen konfidansyalite. Se montaj kap fèt. Pèp la sonjé lè Ariel Henry te konn fè jij Walther Wesser Voltaire tandé temwen tankou Jeantèl Joseph nan rezidans li. Men yon ti rafrechi memwa ki te sòti nan kou dapèl pòtoprens an 2025 devan jij Pierre Denis Cyprien, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/7ga9b4FF6nk?is=eDChisXs-bn2nVU9
c- Sa poté atent a prensip netralité temwen. Yon temwen nan yon dosyé kriminèl pa kapab avoka yon lot moun ki nan dosyé kriminèl sa.
d-Konfli enterè
Jodia André Michel, Simon Desras, Samuel Madistin fè jij Cyprien vyolé atik 248 kòd enstriksyon kriminèl e atik 4 kòd deontoloji avoka. Nan sakpase la gen manipilasyon temwen kap fèt sa sanblé aranjman pou fasilite koripsyon jidisyè.
Sakpirèd la, lè ékip loraj gronde SDP-MOPÒD sa sòti nan biwo jij Pierre Denis Cyprien, André Michel ak Simon Desras tankou se yo ki bòss jij Pierre Denis Cyprien, yo deklare devan laprès Jean Monard Météllus pa enkilpe ankò li lib poul fè sal vle. Tandé la 👇🏿:
Kòman André Michel ak Simon Desras ta fè konnen sa aloske Jij Denis Cyprien poko fini ankèt la? Kòman André Michel ak Simon Desras gentan fè deklarasyon sa yo aloske Jij Pierre Denis Cyprien pa pibliyé okenn òdonans de non lieu, okenn òdonans de cloture? Kelkeswa jan ou virél André Michel ak Simon Desras fè Jij Pierre Denis Cyprien sòti lèd jodia.
Eske se menm senaryo kap répété kote se André Michel, Paul Denis ak Samuel Madistin ki te ékri rapò ak òdonans pou jij koupyon Walther Wesser Voltaire?
Tchaka jidisyè jij Cyprien remèt jodia mande yon VAR. Sitou lè Rosemila Petit Frère di sa Jean Monard te pataje avèk li le 6 Jiyè 2021 nan fen jounen an e sanblé sous la se te Pierre Espérance
Haïti/Conflit: Rosemila Petit-Frère accuse Pierre Espérance de monnayer des gens de Bel Air pour mentir à son encontre
. Antouka pou lari peyi dayiti jij Pierre Denis Cyprien se yon jij mafya pou jan sa pasé nan kou dapèl pòtoprens. Bagay la santi du. Madan Ludmilla Joseph limenm réponn Madan Jean Monard Météllus pou eksprime santiman jeneral sitwayen yo. Pou tandé li tape la 👇🏿:
https://www.facebook.com/share/v/1LxFgNonqA/
Sistèm peze souse, krazé zo a ap fwape nan lajistis, nan ensekirite e nan koudeta elektoral yap pare. Operasyon Bolivi la pirèd.
Antretan Madan Ludmilla fè yon apèl péyé piman bouk pou jij Pierre Denis Cyprien ki nan kou dapèl pòtoprens. Pou ou kapab tandé sak nan apèl péyé sa teke la ⬇️:
https://www.facebook.com/watch/?v=1034690186031756
Nan emisyon micro verité sou radio tele éclair Stanley Lucas alé nan VAR la pou montré se yon tchaka jidisyè jij Pierre Denis Cyprien ap fè ak Jean Monard Météllus. Pou plis detay tape la 👇🏿: https://youtu.be/OzYBmHslOQA?is=e7IWNzvaNNTdmU2X