Lajistis nan men asasen yo dépi apré asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Se asosyé asasen yo, Ariel Henry, ki patisipe nan touye Prezidan ki mété Jij Jean Joseph Lebrun prezidan pouvwa jidisyè a ansanm ak 7 lòt jij li te mete nan kou kasasyon. Ariel te mété tou 6 moun pal nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ). Se pousa kriminèl ki touye prezidan an e tire premyè dam nan alèz konsa. Pèp la sonje jan Beauplan, Kato elatrye débaké an griyen dan nan kou dapèl pòtoprens aloske yo patisipe nan touyé yon prezidan. Pou verifye Ariel gen prezidan pouvwa jidisyè a nan menl teke la 👇🏿:
https://rezonodwes.com/2022/11/ariel-henry-installe-son-president-de-la-cour-de-cassation-pour-garantir-limpunite-a-ses-copains-coquins/
Se pa etonan jodia 10 out 2026 Samuel Madistin konsèye jij Pierre Denis Cyprien fè bèl aranjman pou dirijan SDP-MOPÒD André Michel ak Simon Desras ki akonpaye kòm avoka jounalis Jean Monard Météllus nan kou dapèl pòtoprens.
Pa bliyé André Michel patisipe ak John Joel Joseph nan operasyon Bolivi ki touyé Prezidan Jovenel Moïse. Simon Desras se te youn nan 3 nom opozisyon radikal la te mete sou tab la kòm premye minis apré akò politik 5 Jen 2021 akote Ariel Henry e Joanas Gué pou al aplike e egzekite operasyon Bolivi. Kòman fè dè nèg ki enplike nan operasyon Bolivi anmenm tan ki sou list Jij Pierre Denis Cyprien ap reprezanté lòt moun ki enplike nan krim nan kòm avoka? Sa a gen yon konfli enterè klè nan chaché laverite. Kijan jij Pierre Denis Cyprien fè aksepte sa?
Jiskasprezan gen gwo kesyon sou kredibilite jij Pierre Denis Cyprien paske li réfizé poze kesyon e chaché kiyès ki finanse krim sa. Men yon temwayaj sou finansman krim sa, teke la 👇🏿:
https://youtu.be/hYrYlQWvqWk?is=eLCNI859BfMu2GtW
Jij Pierre Denis Cyprien réfizé tou gadé nan Digicel ak Natcom sak sou telefon John Joel Joseph, Ivickel Dabrésil, Rodolphe Jaar, Jean Roger Noëlcius, Mario Beauvoir, John Joel Joseph, Pierre Espérance, Jean Wilner Morin, Palvin Phizema, André Michel, Nènèl Cassy, Antonio Chèramy Wendelle Coq ant 2018 e 2021.
Si li tap fè yon travay seryé anvan jij Pierre Denis Cyprien konvoke jounalis Jean Monard li te dwe gadé sak sou telefon li ant 2017 e 2025. Li pa fè sa. Wa komprann… Teyat kap fèt!
Nan tribinal federal Miami se mesaj WhatsApp, mesaj text, audio, foto, video ak dokiman FBI jwen sou telefon John Joel Joseph ak Rodolphe Jaar ki fè yo kondane yo pou yo pasé lavi yo nan prizon.
Anpil moun kòmanse wè Jij Pierre Denis Cyprien ap kaché peché pou kriminèl ki touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Ti mafya jidisyè pòtoprens nan pwoteje kriminèl ki nan touyé prezidan, ki nan gang, nan kidnaping, trafik dwòg, trafik zam, trafik ogann, trafik imen, kontreband, volè kòb léta reprezante yon gwo menas pou pèp la, pou sekirite nasyonal ak souverenete peyi dayiti.