Pa Anbasadè Stanley Lucas
Kriminèl lavalas sa yo odasye anpil. Yo nan tout tantativ koudeta kriminèl. Tout otan pèp la pa trase yon egzanp sou yo anyen pap chanjé nan péyi dayiti.
Lendi 15 Jen lavalas voyé yon kriminèl al depoze yon swadizan dosyé devan jij koupyon kou dapèl pòtoprens pou fè yon nouvo tantativ koudeta.
Dame sa ki sou video sa 👇🏿 se Marie Antoinette Gauthier kal depoze dosyé devan kou dapèl pòtoprens yon kriminèl lavalas. Kòm vis delege lwès li tal volè ti bébé Nahoum Myrthil nan lopital jeneral poté bay Aristide pou yo te ka fè seremoni pile ti bébé nan pilon pou kenbe pouvwa. Lavalas te fè gwo kanpay pou di se pa vre men anpil moun dekouvri seremoni sakrifis timoun nan te fèt vré. Pou plis detay sou sa tape la 👇🏿:
https://youtu.be/gnJb1hedfsk?is=0giCDL-PwPTwvEu7
Marie Antoinette Gauthier ak sè jimo li Marie Louise Gauthier ki enspektè jeneral nan lapolis manb fondatè òganizasyon teworis Fantòm 509. Toulède sè to Gauthier yo te nan tantativ koudeta pou touyé Prézidan Jovenel Moïse 7 Fevrier 2021 pou oligak Vorbe yo nan Tibwa ak Jij kou kasasyon Ivickel Dabrésil. Tantativ koudeta sa te echwé. Yo te mété yo anbakòd men kèk jij kowonpi e kriminèl ki te nan konplo a lagé yo. Pou plis detay sou jan Gauthier yo tap pare koudeta 7 Fevrier a tape la 👇🏿:
https://youtu.be/4mqdjN6A1mY?is=s3M5KvILGmZmD1IL


Toulède sè Gauthier yo, Aristide, Wendelle Coq, John Joel Joseph, Mario Beauvoir, Pasha Vorbe, Mario Joseph patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tantativ pou touye Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Dépi lè sa asasen yo ap fè anpil manèv ak manipilasyon andedan lajistis pou yo pa pran kòd. Leslie Voltaire yon lavalas ki te nan konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an 2025 te menm fè tantativ lagé solda mèsenè asasen kolonbi yo ki enplike nan touye prezidan an e tire premyè dam nan.
Jodia nan mwa jen 2026 Aristide, Leslie Voltaire, Pasha Vorbe, Desras e jij Casimir nan kou kasasyon pou kontinye operasyon Bolivi pou fè koudeta pou pran pouvwa a travè fo dosyé yo voyé Gauthier al depoze nan men jij koupyon lavalas kou dapèl pòtoprens. Pèp la pa dakò ditou pou lavalas pran pouvwa apré tout mal yo fè pèp la ak péyi dayiti.
Pèp la di Alix Didier Fils-Aimé ki echwé e dwe anbakòd dwé ramplase pa yon lòt premye minis. Men pèp la di li pap pran koudeta apré nou se nou nan men lavalas.
Pandan 59 mwa ki sot pasé la, tantativ sa nan kou dapèl pòtoprens se katryèm tantativ koudeta Aristide ak lavalas apré yo echwé nan dènye tantativ la avèk pèsonalite kowonpi CARICOM Denzil Douglas.