Samuel Madistin te avoka RNDDH. Samuel Madistin se avoka kap defann Reginald Boulos ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse e fè tantativ touyé Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Samuel Madistin te kandida pou prezidan SDP-MOPÒD ki tap detwui Jovenel Moïse pandan li te prezidan. Se menm Samuel Madistin sa pou pwoteje e defann Pierre Espérance deklare semènn sa Boulos voyé nan emisyon maten deba pou défann Espérance e diminye enpòtans kanè sekrè Prezidan Jovenel Moïse yo volè 7 Jiyè 2021 apré yo touyél. Madistin di nan mikro kanè sekrè a pa gen okenn itilité nan pwosè prezidan an. Sa grav anpil! Tandé 👆🏿
https://youtu.be/1BfXyWREjwc?si=rpb9n3pDlyb54wmr
Pierre Espérance te kase fèy kouvri sa nan manipile jij pou Boulos nan siwo anpwazonel ki touye 200 timoun. Boulos te fè konpayi asirans liban Hollande ki te bay 600 mil euros (702 mil dola vèt) pou 200 timoun yo touye remèt Pierre Espérance kòb sa. Sa vlé di konpayi asirans Hollande sa evalye lavi chak timoun Ayiti a 3 mil 510 dola vèt. Bagay grav nèt. Lè Pierre Espérance resevwa 702 mil dola meriken konpayi asirans lan, li péyé chak nan 200 fanmi ki pèdi pitit yo 2 mil 400 dola ayisien sa vlé di 19 dola meriken. Pou plis detay tandé Boulos ak awogans kap griyen dan sou 10 timoun ke siwo li anpwazone tape la 👇🏿:
https://youtube.com/shorts/yfzofCtO2g8?si=3LL3x7HUbpnyZLsp
Se menm Pierre Espérance sa ki achté manda ilegal la kapral touyé Prezidan Jovenel Moïse nan men Jean jij koupyon Jean Roger Noëlcius ak 30 mil dola Boulos te bali. Poukisa okenn jij pa janm poze Espérance kesyon sou sa? Se menm Esperance sa ki te chita nan reyinyon planifikasyon CTU pou touyé Prézidan Jovenel Moïse.

Sou radyo Boulos la vision 2000 Pierre Espérance nan mwa Jiyè 2021 di yo jwen 54 milyon dola vèt kòb dwòg kay Prezidan Jovenel Moïse. Poutan nan tribinal federal Miami yo di yo jwen 16 mil dola ayisien kay prezidan an lè yo touyél. Nan 16 mil dola ayisien sa Antonio Palacios Palacios volè 2 mil 600 dola ayisien. Palacios volè tou montre prezidan an, montre ak bijou premyè dam nan. Poukisa Pierre Espérance te bay manti sa? Eske sa fè pati de manti ki tap bay nan operasyon Bolivi pou sal kadav prezidan an e detwui fanmi li jan pastè Emmanuel Christian Sanon te swete l? Poukisa okenn jij pa janm poze Espérance kesyon sou sa?

Se menm Pierre Espérance sa dépi 59 mwa kap fè gwo manipilasyon nan CSPJ e lajistis pou pwoteje oligak kriminèl kriminèl tankou Réginald Boulos ak Dimitri Vorbe ki patisipe nan finanse touyé Prezidan Jovenel Moïse, nan alimante gang e nan volè kòb léta. Lajistis poko janm mandé kiyès ki péyé 20 milyon dola vèt pou touyé Prézidan an. Poutan Edo Zenny di li konn ki bank Sendomeng ki resevwa 20 milyon dola vèt pou touyé Prézidan Jovenel e ki bank Ayiti ki voyél. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/hYrYlQWvqWk?si=zz7YHG1WW3pgC_iG