Yon gwo kri detrès lanse jodi a pou sove lavi Saint Julien Dieuveut, ansyen etidyan pwomosyon 2013 Fakilte Syanzimèn, ki viktim yon grav aksidan nan Miragwàn jou jedi 21 me 2026 la. Selon enfòmasyon ki disponib yo, jèn gason an fraktire grav nan tèt ak nan pye apre aksidan an. Kounye a li entène anba oksijèn nan yon eta ki mande swen ijan anpil. Fanmi an, zanmi yo ansanm ak ansyen konpayon pwomosyon li yo ap mande solidarite tout moun pou jwenn yon elikoptè medikal ki kapab transpòte li rapidman pou Pòtoprens kote li ka resevwa pi bon swen espesyalize.
Sitiyasyon an kritik e chak minit konte pou lavi Saint Julien Dieuveut. Nou lanse yon apèl espesyal bay otorite yo, òganizasyon imanitè yo, sektè prive a ak tout sitwayen ki gen bon kè pou pote kole nan batay sa a. Yon jès solidarite, yon pataj enfòmasyon oswa nenpòt sipò kapab ede sove lavi yon jèn ki bezwen asistans imedya. Ann mete tèt ansanm pou nou pa kite yon lòt lavi pèdi akoz mank mwayen ak asistans rapid. #SolidaritePouSaintJulien #IjansMedikal